< Jij 8 >
1 Alò, mesye Éphraïm yo te di li: “Kisa nou te fè ou; kòmsi ou pa rele nou pou antre nan batay avèk Madian an?” Epi yo te menase li byen rèd.
以法莲人对基甸说:“你去与米甸人争战,没有招我们同去,为什么这样待我们呢?”他们就与基甸大大地争吵。
2 Men li te di yo: “Kisa menm mwen te fè ki konpare avèk nou? Èske se pa vrè ke li pi bon pou ranmase dèyè rekòlt Éphraïm nan pase fè gwo rekòlt nan chan Abiézer a?
基甸对他们说:“我所行的岂能比你们所行的呢?以法莲拾取剩下的葡萄不强过亚比以谢所摘的葡萄吗?
3 Bondye vin mete chèf a Madian yo, Oreb avèk Zeeb nan men ou menm. Epi kisa mwen te reyisi fè ki konpare avèk nou?” Alò, chalè kòlè kont li te bese lè li te di sa a.
神已将米甸人的两个首领俄立和西伊伯交在你们手中;我所行的岂能比你们所行的呢?”基甸说了这话,以法莲人的怒气就消了。
4 Konsa, Gédéon avèk twa-san lòm ki te avè l yo te rive nan Jourdain an e te travèse l. Yo te byen fatige, men toujou t ap kouri dèyè yo.
基甸和跟随他的三百人到约旦河过渡,虽然疲乏,还是追赶。
5 Li te di a mesye Succoth yo: “Souple, ban mwen pen pou pèp la k ap swiv mwen an, paske yo fatige, e mwen ap kouri dèyè Zébach avèk Tsalmunna, wa a Madian yo.”
基甸对疏割人说:“求你们拿饼来给跟随我的人吃,因为他们疲乏了;我们追赶米甸人的两个王西巴和撒慕拿。”
6 Chèf Succoth yo te di: “Èske men a Zébach avèk Zalmunna deja nan men ou, pou nou ta bay pen a lame ou a?”
疏割人的首领回答说:“西巴和撒慕拿已经在你手里,你使我们将饼给你的军兵吗?”
7 Gédéon te di: “Trè byen, lè SENYÈ a fin mete Zébach avèk Tsalmunna nan men m, m ap vin kale nou avèk pikan dezè yo e avèk chadwon savann nan.”
基甸说:“耶和华将西巴和撒慕拿交在我手之后,我就用野地的荆条和枳棘打伤你们。”
8 Li te monte soti la nan Penuel. Li te pale menm jan an avèk yo, epi mesye Penuel yo te reponn li menm jan mesye Succoth yo te reponn nan.
基甸从那里上到毗努伊勒,对那里的人也是这样说;毗努伊勒人也与疏割人回答他的话一样。
9 Konsa, li te pale osi avèk mesye Penuel yo, e li te di: “Lè m retounen an bon eta, m ap chire fò sa a.”
他向毗努伊勒人说:“我平平安安回来的时候,我必拆毁这楼。”
10 Alò, Zébach avèk Tsalmunna te nan Kakor, e lame yo te avèk yo, anviwon kenz-mil lòm, tout sila ki te rete nan lame a fis a lès yo nèt; paske sila ki te tonbe yo se te san-ven-mil mesye ak nepe.
那时西巴和撒慕拿,并跟随他们的军队都在加各,约有一万五千人,就是东方人全军所剩下的;已经被杀约有十二万拿刀的。
11 Gédéon te monte pa chemen a sila ki te rete nan tant yo sou lès a Nobach avèk Jogbeha, e te atake lame a an lè yo pa t sispèk anyen.
基甸就由挪巴和约比哈东边,从住帐棚人的路上去,杀败了米甸人的军兵,因为他们坦然无惧。
12 Lè Zébach avèk Tsalmunna te fin sove ale, li te swiv yo. Li te kaptire de wa a Madian yo, Zébach avèk Tsalmunna e te mete tout lame a an dewout.
西巴和撒慕拿逃跑;基甸追赶他们,捉住米甸的二王西巴和撒慕拿,惊散全军。
13 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te retounen soti nan batay akote pant Héres la.
约阿施的儿子基甸由希列斯坡从阵上回来,
14 Li te kaptire yon jenn gason ki sòti Succoth e te kesyone l. Epi li te bay li detay prens a Succot yo ak ansyen li yo, swasann-dis-sèt lòm.
捉住疏割的一个少年人,问他:“疏割的首领长老是谁?”他就将首领长老七十七个人的名字写出来。
15 Li te vini kote mesye Succoth yo e te di: “Gade byen, Zébach avèk Tsalmunna, pa sila nou te anmède mwen yo, lè nou te di: ‘Èske men a Zébach avèk Tsalmunna nan men ou deja, pou nou ta dwe bay pen a mesye ou ki fatige yo?’”
基甸到了疏割,对那里的人说:“你们从前讥诮我说:‘西巴和撒慕拿已经在你手里,你使我们将饼给跟随你的疲乏人吗?’现在西巴和撒慕拿在这里。”
16 Li te pran ansyen lavil Succoth yo, e avèk pikan ak chadwon savann, li te enstwi yo.
于是捉住那城内的长老,用野地的荆条和枳棘责打疏割人;
17 Li te chire fò Penuel la e te touye mesye lavil yo.
又拆了毗努伊勒的楼,杀了那城里的人。
18 Alò, li te di a Zébach avèk Tsalmunna: “Ki kalite mesye sa yo ke nou te touye Thabor a?” Epi yo te di: “Yo te sanble avèk ou. Yo tout te sanble a fis a yon wa.”
基甸问西巴和撒慕拿说:“你们在他泊山所杀的人是什么样式?”回答说:“他们好像你,各人都有王子的样式。”
19 Li te di: “Yo se frè mwen, fis a manman m jan SENYÈ a viv la, si sèlman nou te kite yo viv, mwen pa t ap touye nou.”
基甸说:“他们是我同母的弟兄,我指着永生的耶和华起誓,你们从前若存留他们的性命,我如今就不杀你们了。”
20 Konsa, li te di a Jéther, premye ne li a: “Leve touye yo.” Men jennonm nan pa t rale nepe li, paske li te pè, paske li te toujou jèn.
于是对他的长子益帖说:“你起来杀他们。”但益帖因为是童子,害怕,不敢拔刀。
21 Alò, Zébach avèk Tsalmunna te di: “Leve ou menm vin tonbe sou nou; paske jan yon gason ye, konsa fòs li ye.” Pou sa, Gédéon te leve e te touye Zébach avèk Tsalmunna e te pran òneman lin kaba yo ki te sou kou chamo yo.
西巴和撒慕拿说:“你自己起来杀我们吧!因为人如何,力量也是如何。”基甸就起来,杀了西巴和撒慕拿,夺获他们骆驼项上戴的月牙圈。
22 Alò, mesye Israël yo te di a Gédéon: “Vin renye sou nou, ni ou menm ni fis ou yo, ni fis a fis ou yo, paske ou te delivre nou soti nan men Madian.”
以色列人对基甸说:“你既救我们脱离米甸人的手,愿你和你的儿孙管理我们。”
23 Men Gédéon te di yo: “Mwen p ap renye sou nou, ni fis mwen p ap renye sou nou. Se SENYÈ a k ap renye sou nou.”
基甸说:“我不管理你们,我的儿子也不管理你们,惟有耶和华管理你们。”
24 Men Gédéon te di yo: “Mwen ta fè yon demand a nou, pou nou chak ta ban mwen yon zanno soti nan piyaj li yo.” (Paske yo te gen zanno an lò, akoz se te Izmayelit ke yo te ye.)
基甸又对他们说:“我有一件事求你们:请你们各人将所夺的耳环给我。”(原来仇敌是以实玛利人,都是戴金耳环的。)
25 Yo te di: “Anverite, n ap bay yo.” Konsa, yo te ouvri yon vètman e yo chak te jete yon zanno la soti nan piyaj yo.
他们说:“我们情愿给你”,就铺开一件外衣,各人将所夺的耳环丢在其上。
26 Pèz a zanno lò sila ke li te mande yo se te mil-sèt-san sik, anplis bijou yo, kolye zòrèy yo, manto mov ki te pou wa Madian yo, e anplis, kolye kou chamo ki te sou kou chamo yo.
基甸所要出来的金耳环重一千七百舍客勒金子。此外还有米甸王所戴的月环、耳坠,和所穿的紫色衣服,并骆驼项上的金链子。
27 Gédéon te sèvi l pou fòme yon efòd, li te plase li nan vil pa li a, Ophra e tout Israël te jwe pwostitiye avè l la. Konsa, li te vin yon pèlen pou Gédéon avèk lakay li.
基甸以此制造了一个以弗得,设立在本城俄弗拉。后来以色列人拜那以弗得行了邪淫;这就作了基甸和他全家的网罗。
28 Konsa Madian te kraze ba devan fis Israël yo. Yo pa t leve tèt yo ankò. Epi peyi a te san twoub pandan karant ane nan jou a Gédéon yo.
这样,米甸人被以色列人制伏了,不敢再抬头。基甸还在的日子,国中太平四十年。
29 Alò, Jerubbaal, fis a Joas la te ale rete nan pwòp kay li.
约阿施的儿子耶路·巴力回去,住在自己家里。
30 Gédéon te gen swasann-dis fis ki te desandan dirèk pa li, paske li te gen anpil madanm.
基甸有七十个亲生的儿子,因为他有许多的妻。
31 Mennaj li ki te nan Sichem, osi te fè yon fis pou li e li te bay li non Abimélec.
他的妾住在示剑,也给他生了一个儿子。基甸与他起名叫亚比米勒。
32 Konsa, Gédéon, fis a Joas la te mouri a yon laj granmoun, e li te antere nan tonm a papa li, Joas, nan Ophra ki te pou Abizerit yo.
约阿施的儿子基甸,年纪老迈而死,葬在亚比以谢族的俄弗拉,在他父亲约阿施的坟墓里。
33 Li te vin rive ke depi Gédéon te fin mouri, fis Israël yo ankò te jwe pwostitiye avèk Baal yo e te fè Baal-Berith dye pa yo.
基甸死后,以色列人又去随从诸巴力行邪淫,以巴力·比利土为他们的神。
34 Konsa, fis Israël yo pa t sonje SENYÈ a, Bondye pa yo a, ki te delivre yo nan men a tout lènmi pa yo tout kote.
以色列人不记念耶和华—他们的 神,就是拯救他们脱离四围仇敌之手的,
35 Ni yo pa t bay favè a kay Jerubbaal (sa vle di, Gédéon) an akò avèk tout byen ke li te fè pou Israël yo.
也不照着耶路·巴力,就是基甸向他们所施的恩惠厚待他的家。