< Jij 6 >
1 Epi fis Israël yo te fè sa ki mal nan zye SENYÈ a. Konsa, SENYÈ a te livre yo nan men a peyi Madian an pandan sèt ane.
以色列人又行耶和华眼中看为恶的事,耶和华就把他们交在米甸人手里七年。
2 Pouvwa Madian nan te domine kont Israël. Akoz Madian, fis Israël yo te fè pou yo menm kavo ki te nan mòn ak gwòt avèk sitadèl avèk wòch.
米甸人压制以色列人;以色列人因为米甸人,就在山中挖穴、挖洞、建造营寨。
3 Paske se te lè Israël te fin simen ke Madyanit yo ta vin monte avèk Amalekit yo ak fis yo nan lès pou ale kont yo.
以色列人每逢撒种之后,米甸人、亚玛力人,和东方人都上来攻打他们,
4 Konsa, yo te fè kan kont yo, detwi tout pwodwi tè a jis rive Gaza, e pa t kite anyen pou manje an Israël, ni mouton, bèf, ni bourik.
对着他们安营,毁坏土产,直到迦萨,没有给以色列人留下食物,牛、羊、驴也没有留下;
5 Paske, yo te monte vin parèt avèk tout bèt yo, ak tant yo. Yo te antre an fòs kantite tankou krikèt zèl volan. Kantite a yo menm avèk chamo pa yo te depase kontwòl. Yo te vin antre nan tè a pou devaste li.
因为那些人带着牲畜帐棚来,像蝗虫那样多,人和骆驼无数,都进入国内,毁坏全地。
6 Konsa, Israël te desann ba akoz Madian, e fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a.
以色列人因米甸人的缘故,极其穷乏,就呼求耶和华。
7 Koulye a, li vin rive ke lè fis Israël yo te kriye fò anvè SENYÈ a akoz Madian,
以色列人因米甸人的缘故,呼求耶和华,
8 ke SENYÈ a te voye yon pwofèt bay fis Israël yo. Li te di yo: “Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Israël la ‘Se te Mwen menm ki te mennen nou monte soti an Egypte e te mennen nou sòti nan kay esklavaj la.
耶和华就差遣先知到以色列人那里,对他们说:“耶和华—以色列的 神如此说:‘我曾领你们从埃及上来,出了为奴之家,
9 Mwen te delivre nou soti nan men a Ejipsyen yo, ak men a tout sila ki te oprime nou yo. Mwen te chase yo devan nou, e te bannou peyi pa yo.
救你们脱离埃及人的手,并脱离一切欺压你们之人的手,把他们从你们面前赶出,将他们的地赐给你们’;
10 Mwen te di nou: “Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou gen krent dye Amoreyen yo nan peyi kote nou rete a.” Men nou pa t koute vwa M.’”
又对你们说:‘我是耶和华—你们的 神。你们住在亚摩利人的地,不可敬畏他们的神。你们竟不听从我的话。’”
11 Alò zanj SENYÈ a te vin chita anba bwadchenn ki te Ophra a, ki te pou Joas, Abiezerit la. Nan lè sa a, Gédéon, fis li a, t ap bat ble nan preswa diven an, pou sove li kont Madyanit yo.
耶和华的使者到了俄弗拉,坐在亚比以谢族人约阿施的橡树下。约阿施的儿子基甸正在酒榨那里打麦子,为要防备米甸人。
12 Zanj SENYÈ a te parèt a li e te di li: “SENYÈ a avèk ou, O gèrye vanyan an”.
耶和华的使者向基甸显现,对他说:“大能的勇士啊,耶和华与你同在!”
13 Epi Gédéon te di li: “O senyè mwen, si SENYÈ a avèk nou, poukisa tout bagay sa yo vin rive nou? Epi ki kote tout mirak Li yo ke zansèt nou yo te konn pale nou yo? Konsa li te di: ‘Èske SENYÈ a pa t mennen nou sòti an Egypte?’ Men koulye a, SENYÈ a gen tan abandone nou e livre nou nan men a Madian.”
基甸说:“主啊,耶和华若与我们同在,我们何至遭遇这一切事呢?我们的列祖不是向我们说‘耶和华领我们从埃及上来’吗?他那样奇妙的作为在哪里呢?现在他却丢弃我们,将我们交在米甸人手里。”
14 SENYÈ a te gade li e te di: “Ale ak sa ki pwòp fòs ou, e delivre Israël nan men Madyanit yo. Èske se pa Mwen ki voye ou?”
耶和华观看基甸,说:“你靠着你这能力去从米甸人手里拯救以色列人,不是我差遣你去的吗?”
15 Li te di Li: “O SENYÈ, kijan mwen kapab delivre Israël? Gade byen, fanmi mwen, se pi piti a nan Manassé e Mwen se pi piti a lakay papa m.”
基甸说:“主啊,我有何能拯救以色列人呢?我家在玛拿西支派中是至贫穷的。我在我父家是至微小的。”
16 Men SENYÈ a te di li: “Anverite, Mwen va avèk ou e ou va genyen Madian tankou yon sèl gason.”
耶和华对他说:“我与你同在,你就必击打米甸人,如击打一人一样。”
17 Konsa Gédéon te di Li: “Si koulye a, mwen jwenn favè nan zye Ou; alò, montre mwen yon sign ke se Ou menm ki pale avè m.
基甸说:“我若在你眼前蒙恩,求你给我一个证据,使我知道与我说话的就是主。
18 Souple, pa kite isit la jiskaske mwen vin kote Ou pou pote ofrann mwen e mete l devan Ou.” Epi Li te reponn: “M ap rete jiskaske ou tounen.”
求你不要离开这里,等我归回将礼物带来供在你面前。”主说:“我必等你回来。”
19 Alò, Gédéon te antre anndan an. Li te prepare yon jèn ti kabrit avèk pen san ledven avèk yon efa farin. Li te mete vyann nan nan yon panyen ak sòs li nan yon kivèt. Li te pote yo deyò kote li a, anba bwadchenn nan e li te prezante yo.
基甸去预备了一只山羊羔,用一伊法细面做了无酵饼,将肉放在筐内,把汤盛在壶中,带到橡树下,献在使者面前。
20 Zanj Bondye a te di li: “Pran vyann nan avèk pen san ledven an. Mete yo sou wòch sila e vide sòs la.” Epi konsa li te fè.
神的使者吩咐基甸说:“将肉和无酵饼放在这磐石上,把汤倒出来。”他就这样行了。
21 Konsa, zanj SENYÈ a te lonje pwent baton li, ki te nan men li pou te touche vyann nan avèk pen san ledven an, epi dife te vòltije sòti nan wòch la pou te konsome vyann nan nèt ansanm avèk pen san ledven an. Epi zanj SENYÈ a te disparèt devan zye li.
耶和华的使者伸出手内的杖,杖头挨了肉和无酵饼,就有火从磐石中出来,烧尽了肉和无酵饼。耶和华的使者也就不见了。
22 Lè Gédéon te wè ke se te zanj SENYÈ a, li te di: “Anmwey, O Senyè Bondye! Koulye a, mwen gen tan wè zanj SENYÈ a fasafas.”
基甸见他是耶和华的使者,就说:“哀哉!主耶和华啊,我不好了,因为我觌面看见耶和华的使者。”
23 Senyè a te reponn li: “Lapè avèk ou, pa pè. Ou p ap mouri.”
耶和华对他说:“你放心,不要惧怕,你必不至死。”
24 Alò Gédéon te bati yon lotèl la pou SENYÈ a. Li te rele lotèl la “SENYÈ a se Lapè”. Jis rive jodi a, li toujou la nan Ophra a Abizerit yo.
于是基甸在那里为耶和华筑了一座坛,起名叫“耶和华沙龙”。(这坛在亚比以谢族的俄弗拉直到如今。)
25 Alò, nan menm nwit lan, SENYÈ a te di li: “Pran towo papa ou avèk yon dezyèm towo a laj sèt ane. Konsa, rale desann lotèl Baal ki pou papa ou a e koupe poto Astarté ki akote li a.
当那夜,耶和华吩咐基甸说:“你取你父亲的牛来,就是那七岁的第二只牛,并拆毁你父亲为巴力所筑的坛,砍下坛旁的木偶,
26 Epi bati yon lotèl a SENYÈ a, Bondye ou an, sou tèt fotrès sila nan yon jan ki an lòd. Epi pran yon lòt towo e ofri li avèk bwa ki te nan poto Astarat ke ou va koupe mete atè a.”
在这磐石上整整齐齐地为耶和华—你的 神筑一座坛,将第二只牛献为燔祭,用你所砍下的木偶作柴。”
27 Alò, Gédéon te pran dis mesye nan sèvitè li yo, e li te fè jan SENYÈ a te pale li a. Epi akoz li te pè lakay papa li ak mesye lavil yo, li pa t fè l nan lajounen, men pandan lannwit.
基甸就从他仆人中挑了十个人,照着耶和华吩咐他的行了。他因怕父家和本城的人,不敢在白昼行这事,就在夜间行了。
28 Lè mesye lavil yo te leve granmmaten, vwala, lotèl Baal la te kase, epi poto Astarté ki te akote li a te koupe, e dezyèm towo te gen tan ofri sou lotèl la ki te fin bati.
城里的人清早起来,见巴力的坛拆毁,坛旁的木偶砍下,第二只牛献在新筑的坛上,
29 Yo te di a youn lòt: “Se kilès ki te fè bagay sa a?” Lè yo fè ankèt pou mande, yo te di: “Gédéon, fis a Joas la te fè bagay sa a.”
就彼此说:“这事是谁做的呢?”他们访查之后,就说:“这是约阿施的儿子基甸做的。”
30 Alò, mesye lavil yo te di a Joas: “Mennen fis ou a sòti pou l mouri, paske li te chire lotèl Baal la e anverite, li gen tan koupe mete atè poto Astarté ki te akote li a.”
城里的人对约阿施说:“将你儿子交出来,好治死他;因为他拆毁了巴力的坛,砍下坛旁的木偶。”
31 Men Joas te di a tout moun ki te kanpe kont li yo: “Èske nou va plede kòz a Baal yo oswa èske se nou ki pou delivre li? Sila ki plede kòz li a, va mete a lanmò avan maten. Si se yon dye ke li ye, kite li plede pou pwòp tèt li, pou kòz a moun nan ki te chire lotèl li.”
约阿施回答站着攻击他的众人说:“你们是为巴力争论吗?你们要救他吗?谁为他争论,趁早将谁治死!巴力若果是神,有人拆毁他的坛,让他为自己争论吧!”
32 Pou sa, nan jou sa a, li te bay a Gédéon non Jerubbaal, ki vle di, “Kite Baal plede pou kont li”, akoz li te chire lotèl li.”
所以当日人称基甸为耶路·巴力,意思说:“他拆毁巴力的坛,让巴力与他争论。”
33 Epi tout Madyanit avèk Amalekit yo avèk fis a lès yo te rasanble yo menm. Yo te janbe pou te fè kan an nan vale Jizréel la.
那时,米甸人、亚玛力人,和东方人都聚集过河,在耶斯列平原安营。
34 Konsa, Lespri SENYÈ a te vin sou Gédéon, epi li te soufle twonpèt la, epi Abizerit yo te rele ansanm pou swiv li.
耶和华的灵降在基甸身上,他就吹角;亚比以谢族都聚集跟随他。
35 Li te voye mesaje yo toupatou nan Manassé e yo tout te rasanble ansanm pou swiv li. Konsa, li te voye mesaje a Aser, Zabulon ak Nephtali pou yo te vin monte, rankontre ak yo.
他打发人走遍玛拿西地,玛拿西人也聚集跟随他;又打发人去见亚设人、西布伦人、拿弗他利人,他们也都出来与他们会合。
36 Gédéon te di a Bondye: “Si Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a,
基甸对 神说:“你若果照着所说的话,借我手拯救以色列人,
37 gade byen, mwen va mete yon touf len sou glasi a; si gen lawouze sèl sou touf la, e li sèch sou tout tè a, alò, mwen va konnen ke Ou va delivre Israël pa men mwen, jan Ou te pale a.”
我就把一团羊毛放在禾场上:若单是羊毛上有露水,别的地方都是干的,我就知道你必照着所说的话,借我手拯救以色列人。”
38 Epi se konsa sa te ye. Lè li leve granmaten e te peze touf la, li peze fè sòti nan touf la yon bòl plen dlo.
次日早晨基甸起来,见果然是这样;将羊毛挤一挤,从羊毛中拧出满盆的露水来。
39 Alò, Gédéon te di a Bondye: “Pa kite kòlè ou brile kont mwen pou m kab pale yon fwa ankò. Souple, kite mwen fè yon tès yon fwa ankò avèk touf la. Kite sa fèt, koulye a, ke se sèl touf la ki sèch e kite l gen lawouze sou tout tè a.”
基甸又对 神说:“求你不要向我发怒,我再说这一次:让我将羊毛再试一次。但愿羊毛是干的,别的地方都有露水。”
40 Bondye te fè sa nan nwit lan; paske li te seche sèl touf la e lawouze te sou tout tè a.
这夜 神也如此行:独羊毛上是干的,别的地方都有露水。