< Jij 3 >
1 Alò, sila yo se nasyon ke SENYÈ a te kite pou sèvi kòm eprèv pou Israëlit yo ki potko konn fè lagè avèk Kananeyen yo.
A oto narody, które PAN pozostawił, aby przez nie doświadczyć Izraela, czyli tych wszystkich, którzy nie zaznali żadnych wojen o Kanaan;
2 Konsa li ta rive ke jenerasyon a fis Israël ki pa t kon fè lagè, ta kapab enstwi.
Aby pokolenia synów Izraela [ich] doświadczyły, aby nauczyły się sztuki wojennej, te, które jej przedtem nie zaznały:
3 Nasyon sa yo se: senk prens nan nasyon Filisten yo, tout Kananeyen yo, Sidonyen yo ak Evyen ki te rete nan Mòn Liban yo, soti nan Mòn Baal-Hermon, jis rive nan Lebo-Hamath.
Pięciu książąt filistyńskich oraz wszyscy Kananejczycy, Sydończycy i Chiwwici mieszkający na górze Libanu, od góry Baal-Hermon aż do wejścia do Chamat.
4 Yo te pou pase a leprèv Israël, pou dekouvri si yo ta obeyi kòmand ke SENYÈ a te kòmande zansèt yo pa Moïse.
Oni pozostali, aby przez nich doświadczyć Izraela; by poznać, czy będą posłuszni przykazaniom PANA, które dał ich ojcom przez Mojżesza.
5 Fis Israël yo te rete pami Kananeyen yo, Etyen ak Jebizyen yo, Amoreyen yo, Ferezyen yo ak Evyen yo.
Tak więc synowie Izraela mieszkali pośród Kananejczyków, Chetytów, Amorytów, Peryzzytów, Chiwwitów i Jebusytów.
6 Yo te pran fi pa yo pou yo menm kòm madanm, yo te bay pwòp fi yo a fis pa yo, e yo te sèvi dye pa yo.
I brali sobie ich córki za żony, a swe córki dawali ich synom i służyli ich bogom.
7 Fis Israël yo te fè sa ki te mal nan zye a SENYÈ a, e yo te bliye SENYÈ a, Bondye pa yo a pou te sèvi Baal avèk Aseroth yo.
I synowie Izraela czynili to, co złe w oczach PANA: zapomnieli o PANU, swym Bogu, i służyli Baalom i gajom.
8 Alò, lakòlè SENYÈ a te limen kont Israël jiskaske Li te vann yo nan men a Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie a. Konsa, fis Israël yo te sèvi Cuschan-Rischeathaïm pandan uit ane.
Wtedy zapłonął gniew PANA przeciw Izraelowi i wydał ich w ręce Kuszan-Riszataima, króla Mezopotamii. I synowie Izraela służyli Kuszan-Risztaimowi przez osiem lat.
9 Lè fis Israël yo te vin kriye fò a SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou delivre yo, Othniel, fis a Kenaz la, ti frè a Caleb la.
A gdy synowie Izraela wołali do PANA, PAN wzbudził synom Izraela wybawcę, który ich wybawił – Otniela, syna Keneza, młodszego brata Kaleba.
10 Lespri SENYÈ a te vini sou li pou li te jije Israël lè li te sòti pou fè lagè. SENYÈ a te livre Cuschan-Rischeathaïm, wa Mésopotamie an, nan men l, e li te vin genyen sou Cuschan-Rischeathaïm.
Zstąpił na niego Duch PANA i sądził Izraela; a [gdy] wyruszył na wojnę, PAN wydał w jego ręce Kuszan-Riszataima, króla Mezopotamii, i jego ręka wzmocniła się nad Kuszan-Riszataimem.
11 Alò, peyi a te vin gen repo pandan karant ane, men Othniel, fis a Kenaz la, te vin mouri.
I ziemia zaznała pokoju przez czterdzieści lat, aż umarł Otniel, syn Keneza.
12 Alò, fis Israël yo te fè mal nan zye SENYÈ a ankò. Pou sa, SENYÈ a te ranfòse Églon, wa Moab la, kont Israël, akoz yo te fè mal nan zye SENYÈ a.
Potem synowie Izraela znowu czynili to, co złe w oczach PANA. I PAN wzmocnił przeciw Izraelowi Eglona, króla Moabu, bo czynili to, co złe w oczach PANA.
13 Li te ranmase a li menm fis a Ammon yo, avèk Amalek. Konsa, li te ale bat Israël pou yo te posede vil pye palmis yo.
Ten zgromadził przy sobie synów Ammona i Amaleka, wyruszył i pobił Izraela, i zajął miasto palm.
14 Fis Israël yo te sèvi Églon, wa Moab la, pandan dizuit ane.
Tak więc synowie Izraela służyli Eglonowi, królowi Moabu, przez osiemnaście lat.
15 Men lè fis Israël yo te vin kriye fò bay SENYÈ a, SENYÈ a te fè leve yon liberatè pou yo, Éhud, fis a Guéra a, Benjamit lan, yon nonm goche. Konsa, pa li menm, fis a Israël yo te voye kòb angajman yo bay Églon, wa Moab la.
A gdy synowie Izraela wołali do PANA, PAN wzbudził im wybawcę – Ehuda, syna Gery, Beniaminitę, człowieka leworęcznego. I synowie Izraela posłali przez niego dar Eglonowi, królowi Moabu.
16 Éhud te fè pou kont li yon nepe avèk lam file de bò, yon koude nan longè e li te mare li nan kwis dwat li, anba manto li.
I Ehud sporządził sobie miecz o dwóch ostrzach, długości jednego łokcia, i przypasał go sobie pod szatą do prawego biodra.
17 Li te prezante kòb angajman an bay Églon, wa Moab la. Alò, Églon te yon mesye byen gra.
I przyniósł dar Eglonowi, królowi Moabu. Eglon zaś był człowiekiem bardzo otyłym.
18 Li te vin rive ke lè li te fin prezante kòb la, li te fè moun pa l yo ki te pote don an sòti.
A gdy oddał dar, odprawił ludzi, którzy dar przynieśli;
19 Men li menm te vire sòti kote zidòl ki te Guilgal yo, e te di: “Mwen gen yon mesaj sekrè pou ba ou, O Wa.” Epi li menm wa a te di: “Rete an silans.” Epi tout sila ki te sèvi li yo te pati.
A sam wrócił z kamiennych gór, które były w Gilgal, i powiedział: Mam do ciebie tajną sprawę, o królu. A ten odpowiedział: Cisza! I wyszli od niego wszyscy, którzy przed nim stali.
20 Éhud te vin vè li pandan li te chita sèl nan chanm twati fre li a. Epi Éhud te di li: “Mwen gen yon mesaj ki sòti nan Bondye pou ou.” Li te leve sou chèz li a.
Wtedy Ehud podszedł do niego. On zaś siedział w letniej komnacie, którą miał tylko dla siebie. I Ehud powiedział: Mam dla ciebie słowo od Boga. A [ten] powstał z tronu.
21 Konsa, Éhud te lonje men goch li, te pran nepe a soti nan kwis dwat li e te pase l nèt travèse vant li.
Wtedy Ehud wyciągnął lewą rękę, dobył miecz ze swego prawego biodra i wbił go w jego brzuch.
22 Manch lan osi te antre anndan l apre lam nan e grès te vin kouvri sou lam nan; paske li pa t retire nepe a sòti nan vant li e salte vant lan te vin sòti ladann.
A rękojeść weszła razem z ostrzem i tłuszcz zamknął się za ostrzem tak, że nie mógł wyjąć miecza z jego brzucha; i wyszły z niego nieczystości.
23 Alò, Éhud te sòti sou galeri gran chanm nan, te fèmen pòt a chanm twati dèyè li yo, e li te kadnase yo.
Potem Ehud wyszedł przez przedsionek, zamknął za sobą drzwi komnaty i zasunął rygle.
24 Lè l te fin sòti, sèvitè li yo te vin gade; epi vwala, pòt a chanm twati yo te kadnase. Konsa yo te di: “L ap sèlman okipe bezwen li nan chanm fre a.”
A gdy wyszedł, przyszli słudzy i kiedy zobaczyli, że drzwi komnaty były zamknięte, powiedzieli: Z pewnością król odpoczywa w letniej komnacie.
25 Yo te tann jiskaske yo te vin twouble, men gade byen, li pa t vin ouvri pòt a chanm twati la. Pou sa, yo te pran kle a pou te louvri yo, epi gade byen, mèt yo a te tonbe atè a mouri nèt.
I czekali długo, aż poczuli się zawstydzeni. Widząc, że on nie otwiera drzwi komnaty, wzięli klucz i otworzyli; a oto ich pan leżał na ziemi martwy.
26 Alò, Éhud te chape pandan yo te mize a. Li te pase kote zidòl yo e te chape rive Seïra.
Lecz Ehud uciekł, kiedy oni zwlekali [z wejściem], minął kamienne góry i uciekł aż do Seiru.
27 Li te vin rive ke lè li te parèt, li te soufle twonpèt peyi ti kolin Éphraïm yo. Konsa, fis Israël yo te vin desann avè l soti nan peyi ti kolin yo, e li menm te ale devan yo.
A gdy przyszedł, zadął w trąbę na górze Efraim; i synowie Izraela zeszli z nim z góry, a on na ich czele.
28 Li te di yo: “Kouri dèyè yo, paske SENYÈ a gen tan livre lènmi nou yo, Moabit yo, nan men nou.” Epi yo te desann dèyè yo pou te sezi yo kote Jourdain ki anfas Moab la, e yo pa t kite pèsòn janbe.
I powiedział do nich: Pójdźcie za mną. PAN bowiem wydał waszych wrogów, Moabitów, w wasze ręce. Poszli więc za nim, zajęli brody Jordanu do Moabu i nie pozwalali nikomu przejść.
29 Yo te frape fè tonbe nan tan sa a anviwon di-mil Moabit. Yo tout te gason vanyan e fò. Nanpwen ki te chape.
W tym czasie zabili około dziesięciu tysięcy mężczyzn spośród Moabitów, samych krzepkich i walecznych, i nikt nie uszedł [z życiem].
30 Konsa, Moab te soumèt nan jou sa a anba men Israël. Epi peyi a pa t gen boulvèsman ankò pandan katre-ven ane.
W tym dniu Moab został poniżony pod ręką Izraela; i ziemia żyła w pokoju przez osiemdziesiąt lat.
31 Apre li te vin Schamgar, fis a Anath la, ki te frape fè tonbe sis-san Filisten avèk yon baton ki pou pouse bèf kabwa. Li menm tou te libere Israël.
A po nim był Szamgar, syn Anata. Zabił on sześciuset mężczyzn spośród Filistynów ościeniem na woły. On także wybawił Izraela.