< Jij 21 >
1 Alò, mesye Israël yo te deja sèmante nan Mitspa. Yo te di: “Pa gen nan nou menm k ap bay fi li a Benjamin nan maryaj.”
以色列人曾在米茲帕起誓說:「我們中誰也不可把自己的女兒嫁給本雅明人為妻。」
2 Konsa, pèp la te vini Béthel e yo te chita la devan Bondye jis rive nan aswè, epi yo te leve vwa yo e te kriye amè.
民眾來到貝特耳,在天主面前,坐在那裏,放聲大哭,直到晚上;
3 Yo te di: “Poukisa, O SENYÈ, Bondye Israël la, èske bagay sa a vin rive an Israël pou youn nan tribi yo jodi a ta vin disparèt an Israël?”
然後說:「上主以色列的天主! 為什麼在以色列中間發生了這事,今日竟使以色列中少了一支派﹖」
4 Li te vin rive nan pwochen jou an ke pèp la te leve bonè. Yo te bati yon lotèl e yo te ofri ofrann brile avèk ofrann lapè.
次日,百姓一早起來,在那裏築了一座祭壇,獻了全燔祭與和平祭。
5 Konsa, fis Israël yo te di: “Kilès ki pami tout tribi Israël yo ki pa t monte nan asanble SENYÈ a?” Paske, yo te fè yon gran ve pou sila ki pa monte vè SENYÈ a nan Mitspa, epi yo te di: “Li va vrèman vin mete a lanmò.”
以後,以色列子民問說:「以色列眾支派中,有誰沒有上到上主面前,參加集會呢﹖」因為他們先前對於那些凡不上米茲帕到上主面前來的人,曾發過嚴誓說:「死無赦! 」
6 Fis Israël yo te tris; yo te plen regrè pou Benjamin, frè parèy yo a, e yo te di: “Yon tribi vin koupe nèt sou Israël jodi a.
以色列子民對他們的弟兄本雅明起了憐憫之心說:「今天以色列絕了一支派。
7 Kisa nou ap fè pou twouve madanm pou sila ki rete yo, akoz nou te sèmante pa SENYÈ a pou nou pa bay okenn nan fi pa nou yo nan maryaj?”
我們曾指著上主起過誓,決不將我們的女兒給他們為妻,那麼,我們怎樣給所剩下的人娶妻呢﹖」
8 Epi yo te di: “Kilès sila pami tribi Israël yo ki pa t monte kote SENYÈ a nan Mitspa?” Gade byen, pèsòn pa t monte nan kan an sòti nan Jabès-Galaad pou patisipe nan asanble a.
他們又問說:「以色列眾支派中,有那一支派沒有上米茲帕來到上主面前呢﹖」看,由基肋阿得雅貝士中沒有一人入營,參加集會。
9 Paske, lè pèp la te konte, gade byen, pèsòn nan sila ki rete Jabès-Galaad yo pa t la.
的確,檢閱百姓的時候,沒有一個基肋阿得雅貝士的居民在場。
10 Konsa, kongregasyon an te voye douz-mil gèrye vanyan rive la e yo te pase lòd di yo konsa: “Ale frape sila ki rete Jabès-Galaad yo avèk lam nepe, ni fanm yo ak pitit yo.
因此會眾打發一萬二千勇士到那裏去,吩咐他們說:「你們去用刀屠殺基肋阿得雅貝士的居民,連婦女孩子都在內。
11 Men kisa ou va fè, ou va detwi nèt tout gason ak tout fanm ki gen tan kouche avèk yon gason.”
你們要這樣作;所以男子和與男子同過房的婦女,盡行殺掉,但要保留處女。」他們就這樣作了。
12 Epi yo te jwenn pami moun Jabès-Galaad yo, kat-san jèn vyèj ki pa t konnen yon gason kouche avèk li. Konsa, yo te mennen yo nan kan an Silo ki nan peyi Kananeyen yo.
他們在基肋阿得雅貝士居民中,尋得了四百個未曾認識過男子,也未曾與男子同過房的少年處女,就把她們帶到客納罕地史羅營裏。
13 Epi tout kongregasyon an te voye pale avèk fis Benjamin ki te nan wòch Rimmon yo e te deklare lapè pou yo.
全會眾又打發人往黎孟岩石去,與住在那裏的本雅明子孫談判,與他們講和。
14 Nan lè sa a, Benjamin te retounen e yo te bay yo kat-san fi ke yo te kenbe vivan soti Jabès-Galaad. Men, li poko te kont pou yo.
本雅明子孫當時就回來了,會眾就把基肋阿得雅貝士女子中所保留的少女,給他們為妻,但是數目不足。史羅搶妻
15 Konsa, pèp la te tris e te plen regrè pou fis Benjamin yo paske SENYÈ a te fè yon brèch nan tribi Israël yo.
民眾仍為本雅明人傷心難過,因為上主使以色列支派中有了缺陷。
16 Epi ansyen nan kongregasyon yo te vin di: “Kisa nou va fè pou sila ki rete toujou, kòmsi fanm nan Benjamin yo detwi?”
會中的長老說:「本雅明的婦女既然都消滅了,我們怎樣給所剩下的人娶妻呢﹖」
17 Yo te di: “Fòk gen eritaj pou retay Benjamin an, jis pou tribi a pa efase nèt sou Israël.
又說:「本雅民的遺民該有承嗣,免得以色列中泯沒一支。
18 Alò, nou pa kab ba yo madanm pami fi nou yo.” Paske fis Israël yo te sèmante e yo te di: “Modi se sila ki bay yon madanm a Benjamin.”
但是,我們不能將自己的女兒給他們為妻,因為以色列曾起誓說:誰把女兒給本雅明人是可詛咒的! 」
19 Konsa, yo te di: “Gade byen, gen yon fèt a SENYÈ a chak ane nan Silo, ki nan kote nò a Béthel, sou lès a gran chemen ki monte soti Béthel pou rive Sichem nan, vè kote sid a Lebona.”
有人說:「看,年年在史羅舉行上主的慶節。」─使羅位於貝特耳之北,貝特耳至舍根大路之東,肋波納之南。
20 Pou sa a, yo te kòmande fis Benjamin yo konsa: “Ale kache tann nan chan rezen yo,
於是他們給本雅明子孫出主意說:「你們往葡萄園去,藏在那裏。
21 epi gade byen, veye, si fi a Silo yo sòti deyò pou patisipe nan dans lan, nou va sòti nan chan rezen yo, e nou chak va kouri kenbe madanm li pami fi a Silo yo e ale avè l nan peyi Benjamin?
等到你們看見史羅的童女出來列隊跳舞,你們就從葡萄園中出來,從史羅的女兒中,各搶一個為妻,然後回本雅明地方去。
22 Li va rive ke lè papa yo oswa frè yo vin plenyen a nou, ke nou va di yo: ‘Ba yo a nou avèk bòn volonte; paske nan batay la, nou pa t konsève yon fanm pou chak Benjamit, ni nou pa t founi youn pou yo, sinon koulye a menm, nou ta koupab.’”
她們的父親或兄弟若是出來與我們爭論,我們就說:求你們看我們的情面,恩待這些人,因為他們戰場上沒有得到女子為妻;況且又不是你們將女兒交給他們;若是你們給的,那就有罪了。」
23 Konsa fis a Benjamin yo te fè e te pran madanm selon fòs kantite yo pami sila ki te danse yo, pou yo te pote ale. Konsa, yo te ale retounen nan eritaj pa yo, e te rebati vil pa yo pou te viv ladan yo.
本雅明子孫就這樣作了:按數目搶跳舞的女子,各娶一個為妻;以後他們就走了,回到自己的地業,重建城邑,住在那裏。
24 Fis Israël yo te pati la nan lè sa a, chak òm ak pwòp tribi ak fanmi li, e yo chak te sòti la pou rive nan pwòp eritaj pa yo.
以後以色列子民從那裏各回自己的支派和家族,從那裏各回自己的家鄉。
25 Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Tout moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa yo.
那時,在以色列沒有君王,各人任意行事。