< Jij 18 >

1 Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Epi nan jou sa yo tribi a Danit yo t ap chache yon eritaj kote pou yo menm ta viv ladann; paske jis rive nan jou sa a, tiraj osò eritaj la potko tonbe pou yo kòm posesyon pami tribi Israël yo.
那時,以色列中沒有王。但支派的人仍是尋地居住;因為到那日子,他們還沒有在以色列支派中得地為業。
2 Pou sa, fis a Dan yo te ranvoye sòti nan fanmi pa yo, senk mesye ki sòti nan yo tout, mesye vanyan ki sòti Tsorea avèk Eschthaol, pou fè ankèt nan teren an e egzamine li. Konsa yo te di yo: “Ale fè rechèch teren an.” Epi yo te vin rive nan peyi ti mòn Ephraïm yo, kote lakay Mica, pou te loje la.
但人從瑣拉和以實陶打發本族中的五個勇士,去仔細窺探那地,吩咐他們說:「你們去窺探那地。」他們來到以法蓮山地,進了米迦的住宅,就在那裏住宿。
3 Lè yo te vin toupre lakay Mica, yo te rekonèt vwa a jennonm nan, Levit la; epi yo te vire akote la e te di li: “Se kilès ki te mennen ou isit la? Epi kisa w ap fè nan kote sa a? Epi kisa ou gen isit la?”
他們臨近米迦的住宅,聽出那少年利未人的口音來,就進去問他說:「誰領你到這裏來?你在這裏做甚麼?你在這裏得甚麼?」
4 Li te di yo: “Men tèl bagay ak tèl bagay Mica te fè m, e li te anplwaye m, epi mwen te vin prèt li.”
他回答說:「米迦待我如此如此,請我作祭司。」
5 Yo te di li: “Souple, mande Bondye pou nou kab konnen si vwayaj ke nou ap pran an va byen reyisi.”
他們對他說:「請你求問上帝,使我們知道所行的道路通達不通達。」
6 Prèt la te di yo: “Ale anpè. Bondye dakò avèk vwayaj ke nou ap fè a.”
祭司對他們說:「你們可以平平安安地去,你們所行的道路是在耶和華面前的。」
7 Alò, senk mesye yo te pati pou te rive Laïs e te wè pèp la t ap viv an sekirite, nan fason a Sidonyen yo, anpè avèk sekirite. Paske pa t gen okenn chèf ki t ap imilye yo pou anyen nan peyi a, yo te lwen Sidonyen yo e yo pa t gen okenn relasyon avèk lòt moun.
五人就走了,來到拉億,見那裏的民安居無慮,如同西頓人安居一樣。在那地沒有人掌權擾亂他們;他們離西頓人也遠,與別人沒有來往。
8 Lè yo te retounen vè frè yo Tsorea ak Eschthaol, frè yo te di yo: “Kisa ou di?”
五人回到瑣拉和以實陶,見他們的弟兄;弟兄問他們說:「你們有甚麼話?」
9 Yo te di: “Leve e annou monte kont yo; paske nou te wè peyi a e vwala, li trè bon. Epi ankò, èske w ap chita anplas toujou? Pa pèdi tan pou antre posede peyi a.
他們回答說:「起來,我們上去攻擊他們吧!我們已經窺探那地,見那地甚好。你們為何靜坐不動呢?要急速前往得那地為業,不可遲延。
10 Lè ou antre, ou va rive sou yon pèp ki an sekirite avèk yon peyi ase vast. Paske Bondye te mete li nan men ou, yon plas ki pa manke anyen ki sou latè.”
你們到了那裏,必看見安居無慮的民,地也寬闊。上帝已將那地交在你們手中;那地百物俱全,一無所缺。」
11 Alò, soti nan fanmi Danit yo, soti Tsorea avèk Eschthaol, sis-san lòm avèk tout zam lagè yo te pati.
於是但族中的六百人,各帶兵器,從瑣拉和以實陶前往,
12 Yo te monte pou te fè kan nan Kirjath-Jearim nan Juda. Pou sa, yo te rele plas sa a Machané-Dan jis rive jodi a. Tande byen, li vè lwès a Kirjath-Jearim.
上到猶大的基列‧耶琳,在基列‧耶琳後邊安營。因此那地方名叫瑪哈尼‧但,直到今日。
13 Yo te pase soti la nan peyi ti kolin Ephraïm yo pou te rive lakay Mica.
他們從那裏往以法蓮山地去,來到米迦的住宅。
14 Epi senk mesye ki te pase fè espyonaj nan peyi Laïs la te di a moun fanmi pa yo: “Èske nou konnen ke genyen nan kay sa yo yon efòd avèk zidòl lakay yo, avèk yon imaj taye ak yon imaj fonn? Pou sa, konsidere kisa ou ta dwe fè.”
從前窺探拉億地的五個人對他們的弟兄說:「這宅子裏有以弗得和家中的神像,並雕刻的像與鑄成的像,你們知道嗎?現在你們要想一想當怎樣行。」
15 Yo te vire akote la e te rive nan kay a jennonm nan, Levit la, lakay Mica e te mande li si tout bagay ale byen pou li.
五人就進入米迦的住宅,到了那少年利未人的房內問他好。
16 Sis-san lòm ame avèk zam lagè, ki te pou fis a Dan yo, te kanpe akote antre pòtay la.
那六百但人各帶兵器,站在門口。
17 Alò, senk mesye ki te ale fè espyonaj peyi a te pwoche, yo te antre la pou te pran imaj taye avèk efòd la ak imaj lakay yo ak imaj fonn nan, pandan prèt la te kanpe nan antre pòtay la avèk sis-san lòm ki te ame avèk zam lagè yo.
窺探地的五個人走進去,將雕刻的像、以弗得、家中的神像,並鑄成的像,都拿了去。祭司和帶兵器的六百人,一同站在門口。
18 Lè moun sila yo te antre lakay Mica pou te pran imaj taye a, efòd la avèk zidòl lakay yo a, avèk imaj fonn nan, prèt la te di yo: “Kisa nou ap fè la a?”
那五個人進入米迦的住宅,拿出雕刻的像、以弗得、家中的神像,並鑄成的像,祭司就問他們說:「你們做甚麼呢?」
19 Yo te di li: “Pe la, mete men sou bouch ou e vini avèk nou pou devni pou nou yon papa, ak yon prèt. Èske li pi bon pou ou pou fè prèt lakay a yon sèl moun, oswa devni prèt a yon tribi e yon fanmi an Israël?”
他們回答說:「不要作聲,用手摀口,跟我們去吧!我們必以你為父、為祭司。你作一家的祭司好呢?還是作以色列一族一支派的祭司好呢?」
20 Kè a prèt la te kontan. Li te pran efòd la avèk zidòl lakay yo a, imaj taye a e te li ale pami pèp la.
祭司心裏喜悅,便拿着以弗得和家中的神像,並雕刻的像,進入他們中間。
21 Yo te vire sòti pou te mete pitit yo avèk tout bèt yo avèk byen yo ranmase devan yo.
他們就轉身離開那裏,妻子、兒女、牲畜、財物都在前頭。
22 Lè yo te fè yon sèten distans soti lakay Mica, mesye ki te nan kay toupre lakay Mica yo te rasanble yo pou te vin jwenn fis a Dan yo.
離米迦的住宅已遠,米迦的近鄰都聚集來,追趕但人,
23 Yo te kriye sou fis a Dan yo e yo te vire di Mica: “Kisa nou genyen nou vin rasanble konsa?”
呼叫但人。但人回頭問米迦說:「你聚集這許多人來做甚麼呢?」
24 Li te di: “Nou fin pran dye ke m te fè yo, avèk prèt la e sòti; epi kisa mwen genyen plis ke sa? Kijan nou kab di mwen: ‘Kisa ou genyen?’”
米迦說:「你們將我所做的神像和祭司都帶了去,我還有所剩的嗎?怎麼還問我說『做甚麼』呢?」
25 Fis a Dan yo te di li: “Pa kite vwa ou tande pami nou, oswa mesye fewòs yo va vin tonbe sou ou e ou va pèdi lavi ou avèk lavi tout lakay ou.”
但人對米迦說:「你不要使我們聽見你的聲音,恐怕有性暴的人攻擊你,以致你和你的全家盡都喪命。」
26 Konsa, fis a Dan yo te fè wout yo. Epi lè Mica te wè ke yo te twò fò pou li, li te vire retounen lakay li.
但人還是走他們的路。米迦見他們的勢力比自己強盛,就轉身回家去了。
27 Epi yo te pran sa ke Mica te fè yo, avèk prèt ki te pou li a, e yo te vini bò kote Laïs, a yon pèp ki te pezib e an sekirite. Yo te frape yo avèk lam nepe; e yo te brile vil la avèk dife.
但人將米迦所做的神像和他的祭司都帶到拉億,見安居無慮的民,就用刀殺了那民,又放火燒了那城,
28 Pa t gen pèsòn pou sove yo akoz li te lwen Sidon e yo pa t gen relasyon avèk okenn lòt pèp. Li te nan vale ki te toupre Beth-Rehob la. Konsa, yo te rebati vil la pou te viv ladann.
並無人搭救;因為離西頓遠,他們又與別人沒有來往。城在平原,那平原靠近伯‧利合。但人又在那裏修城居住,
29 Yo te rele vil la Dan, menm non a Dan, papa ki te fèt an Israël yo. Men avan sa, non a vil sa a se te Laïs.
照着他們始祖以色列之子但的名字,給那城起名叫但;原先那城名叫拉億。
30 Fis a Dan yo te fè monte pou kont yo, menm imaj taye a; epi Jonathan, fis a Guerschom lan, fis a Manassé a, li menm avèk fis li yo te prèt pou tribi Danit la jis rive jou ke peyi a te vin pran an kaptivite a.
但人就為自己設立那雕刻的像。摩西的孫子、革舜的兒子約拿單,和他的子孫作但支派的祭司,直到那地遭擄掠的日子。
31 Alò, konsa, yo te monte pou kont yo imaj taye ki te pou Mica a, ke li menm te fè, pandan tout tan ke kay Bondye a te nan Silo a.
上帝的殿在示羅多少日子,但人為自己設立米迦所雕刻的像也在但多少日子。

< Jij 18 >