< Jij 17 >
1 Alò, te gen yon nonm nan peyi ti kolin Ephraïm yo ki te rele Mica.
Hubo también un hombre de la región montañosa de Efraín llamado Micaía,
2 Li te di a manman l: “Onz-mil pyès ajan ke yo te retire nan men ou yo, sou sila yo ou te bay madichon ke mwen te tande a, veye byen, ajan an avè m; se mwen ki te pran l.” Epi manman l te di: “Beni ou ye, fis mwen, pa SENYÈ a.”
quien le dijo a su madre: Los 12,1 kilogramos de plata que te fueron robados, con respecto a los cuales pronunciaste maldición a mis oídos, mira, aquella plata está en mi poder. Yo la tomé. Y su madre le dijo: ¡Bendito seas por Yavé, hijo mío!
3 Konsa, li te retounen onz-san pyès ajan an bay manman l, e manman l te di: “Mwen dedye ajan an soti nan men mwen nèt bay SENYÈ a, pou fis mwen an, pou fè yon imaj taye ak yon imaj ki fonn; alò, pou sa, mwen va retounen yo ba ou.”
Él devolvió los 12,1 kilogramos de plata a su madre, y ella dijo: En verdad dedico esta plata a Yavé para mi hijo, a fin de que haga una imagen tallada y otra de fundición. Ahora pues, te la devuelvo.
4 Konsa, lè li te fin retounen ajan an bay manman l, manman l te pran de-san pyès ajan an, li te bay yo a yon bòs fonn ajan, ki te fè avèk yo, yon imaj taye. Yo te rete lakay Mica.
Sin embargo, él devolvió la plata a su madre. Ella tomó 2,2 kilogramos de plata, los entregó al fundidor, el cual hizo con ellos una imagen tallada y otra de fundición, las cuales quedaron en la casa de Micaía.
5 Epi nonm nan, Mica, te gen yon lye sakre, li te fè yon efòd avèk zidòl lakay yo, e li te konsakre youn nan fis li yo pou ta kapab sèvi kòm prèt li.
De manera que Micaía tuvo un santuario. Hizo un efod e ídolos domésticos y consagró a uno de sus hijos para que fuera su sacerdote.
6 Nan jou sa yo, pa t gen wa an Israël. Chak moun te fè sa ki te bon nan pwòp zye pa l.
En aquellos días no había rey en Israel, y cada uno hacía lo que le parecía recto.
7 Alò, te gen yon jennonm ki te soti Bethléhem nan Juda, nan fanmi Juda a, ki te yon Levit. Li te rete la.
Hubo también un joven de Belén de Judá, de la familia de Judá, el cual era levita, y vivía allí como forastero.
8 Konsa, nonm sa a te pati nan vil la, soti nan Bethléhem nan Juda pou ale rete nenpòt kote ke li ta kab twouve. Epi pandan li t ap fè vwayaj la, li te rive nan peyi ti kolin Ephraïm yo, vè lakay Mica.
Este hombre salió de la ciudad de Belén de Judá para residir donde hallara lugar. Cuando caminaba por la región montañosa de Efraín llegó hasta la casa de Micaía.
9 Mica te mande li: “Se kibò ou sòti?” Li te reponn li: “Mwen se yon Levit ki soti Bethléhem nan Juda, epi mwen pral rete nenpòt kote ke m twouve.”
Micaía le dijo: ¿De dónde vienes? Y le respondió: Soy levita de Belén de Judá, y voy a residir donde halle lugar.
10 Alò, Mica te di li: “Vin rete avè m pou vin yon papa ak yon prèt anvè mwen. Mwen va ba ou dis mòso ajan pa ane, yon vètman ak pran swen ou.” Konsa, Levit la te antre.
Micaía le dijo: Quédate conmigo. Me servirás de padre y sacerdote, y te daré 1,1 kilogramos de plata por año, tu ropa y tu comida. Y el levita se quedó.
11 Levit la te vin antann avèk nonm nan e jennonm nan te vin pou li tankou youn nan fis li yo.
El levita convino en vivir con aquel hombre, y el joven fue para él como uno de sus hijos.
12 Alò, Mica te konsakre Levit la; jennonm nan de vin prèt li e li te rete lakay Mica.
Micaía consagró al levita, y el joven fue su sacerdote y vivía en casa de Micaía.
13 Konsa, Mica te di: “Koulye a, mwen konnen ke SENYÈ a va fè m reyisi; paske mwen gen yon Levit kòm prèt.”
Y Micaía dijo: ¡Ahora sé que Yavé me prosperará porque tengo a un levita como sacerdote!