< Jij 16 >
1 Alò, Samson te desann Gaza, e li te wè yon pwostitiye. Li te antre nan li.
参孙到了迦萨,在那里看见一个妓女,就与她亲近。
2 Lè sa li te pale pami moun Gaza yo: “Samson vin isit la!” Yo te antoure kote a e yo te kache tann li tout lannwit vè pòtay lavil la. Yo te rete an silans tout nwit lan e yo te di: “Annou tann jis li fè klè maten e nou va touye li.”
有人告诉迦萨人说:“参孙到这里来了!”他们就把他团团围住,终夜在城门悄悄埋伏,说:“等到天亮我们便杀他。”
3 Alò, Samson te kouche jis minwi e a minwi, li te leve pran pòtay lavil yo avèk de poto yo. Li te rale fè yo monte, ansanm avèk ba travès pa yo. Epi li te mete yo sou zepòl li, e li te pote yo monte pou rive anwo tèt mòn ki anfas Hébron an.
参孙睡到半夜,起来,将城门的门扇、门框、门闩,一齐拆下来,扛在肩上,扛到希伯 前的山顶上。
4 Apre sa, li te vin rive ke li te renmen yon fanm nan vale Sorek la, ke yo te rele Delila.
后来,参孙在梭烈谷喜爱一个妇人,名叫大利拉。
5 Prens Filisten yo te ale kote li e te di fanm nan: “Mennen li ak dousè e twouve kote gran fòs li a sòti, e kijan nou kapab vin genyen l pou nou kapab mare li pou aflije li. Epi nou chak va ba ou onz-san pyès ajan.”
非利士人的首领上去见那妇人,对她说:“求你诓哄参孙,探探他因何有这么大的力气,我们用何法能胜他,捆绑克制他。我们就每人给你一千一百舍客勒银子。”
6 Konsa, Delila te di a Samson: “Souple, pale m kote gran fòs ou a ye ak kijan ou kapab vin mare pou ou ta aflije.”
大利拉对参孙说:“求你告诉我,你因何有这么大的力气,当用何法捆绑克制你。”
7 Samson te di li: “Si yo mare m avèk sèt kòd nèf ki poko sèch; alò, mwen va devni fèb e mwen va vin tankou nenpòt lòt gason.”
参孙回答说:“人若用七条未干的青绳子捆绑我,我就软弱像别人一样。”
8 Epi prens Filisten yo te mennen ba li sèt kòd nèf ki potko sèch e li te mare li avèk yo.
于是非利士人的首领拿了七条未干的青绳子来,交给妇人,她就用绳子捆绑参孙。
9 Alò, te gen moun ki te kache ap tann nan chanm anndan an. Epi li te di li: “Men Filisten yo rive sou ou, Samson!” Konsa li te pete kòd yo tankou fisèl pit chire lè l touche dife. Konsa, fòs li a pa t revele.
有人预先埋伏在妇人的内室里。妇人说:“参孙哪,非利士人拿你来了!”参孙就挣断绳子,如挣断经火的麻线一般。这样,他力气的根由人还是不知道。
10 Epi Delila te di a Samson: “Gade byen, se twonpe ou twonpe m, ou ban m yon bann manti; alò, koulye a, souple, di m kijan ou kab mare.”
大利拉对参孙说:“你欺哄我,向我说谎言。现在求你告诉我当用何法捆绑你。”
11 Li te di li: “Si yo mare m byen di ak kòd nèf ki pa t janm sèvi; alò, mwen va devni fèb tankou nenpòt lòt gason.”
参孙回答说:“人若用没有使过的新绳捆绑我,我就软弱像别人一样。”
12 Konsa, Delila te pran kòd nèf e li te mare li avèk yo e te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Paske gason yo t ap tann nan chanm anndan an. Men li te pete kòd yo nan bra li tankou fisèl pou koud.
大利拉就用新绳捆绑他,对他说:“参孙哪,非利士人拿你来了!”有人预先埋伏在内室里。参孙将臂上的绳挣断了,如挣断一条线一样。
13 Epi Delila te di a Samson: “Jis koulye a, ou te twonpe m e ban m bann manti; di mwen kijan ou kapab mare.” Epi li te di li: “Si ou trese sèt très cheve m nan ansanm très la, epi tache l avèk gwo epeng tout très la, m ap vin fèb tankou nenpòt lòt gason.”
大利拉对参孙说:“你到如今还是欺哄我,向我说谎言。求你告诉我,当用何法捆绑你。”参孙回答说:“你若将我头上的七条发绺,与纬线同织就可以了。”
14 Konsa, pandan li t ap dòmi, Delila te pran sèt très a cheve li yo, li te trese yo nan ansanm très la. Li te tache li avèk epeng lan, e li te di li: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Men li te leve nan dòmi li, li te rale fè epeng lan sòti nan ansanm très la e li te rale cheve l nan griyaj très la.
于是大利拉将他的发绺与纬线同织,用橛子钉住,对他说:“参孙哪,非利士人拿你来了!”参孙从睡中醒来,将机上的橛子和纬线一齐都拔出来了。
15 Alò li te di li: “Kijan ou kapab di, ‘Mwen renmen ou,’ lè kè ou pa avè m? Ou te twonpe m twa fwa sila yo e pa t di mwen kote gran fòs ou a ye.”
大利拉对参孙说:“你既不与我同心,怎么说你爱我呢?你这三次欺哄我,没有告诉我,你因何有这么大的力气。”
16 Li te vin rive ke lè li te toumante li chak jou avèk pawòl li yo e te bourade li, ke nanm li te vin twouble jiska lanmò.
大利拉天天用话催逼他,甚至他心里烦闷要死。
17 Konsa, li te fè l konnen tout sa ki te nan kè li e li te di li: “Yon razwa pa t janm vini nan tèt mwen; paske mwen se te yon Nazareyen a Bondye soti nan vant manman m. Si cheve m vin taye; alò, fòs mwen an va kite mwen e mwen va devni tankou nenpòt lòt gason.”
参孙就把心中所藏的都告诉了她,对她说:“向来人没有用剃头刀剃我的头,因为我自出母胎就归 神作拿细耳人;若剃了我的头发,我的力气就离开我,我便软弱像别人一样。”
18 Lè Delila te wè ke li te di li tout sa ki te nan kè li, li te rele prens a Filisten yo e li te di yo: “Vini yon fwa ankò; paske li fin di mwen tout sa ki te nan kè li.” Epi prens a Filisten yo te vin kote li, e yo te pote lajan pou li a nan men yo.
大利拉见他把心中所藏的都告诉了她,就打发人到非利士人的首领那里,对他们说:“他已经把心中所藏的都告诉了我,请你们再上来一次。”于是非利士人的首领手里拿着银子,上到妇人那里。
19 Li te fè li dòmi sou jenou li, li te rele yon mesye pou te fè l pase razwa retire tout sèt très cheve li yo. Alò, li te kòmanse aflije li e fòs li a te vin kite l.
大利拉使参孙枕着她的膝睡觉,叫了一个人来剃除他头上的七条发绺。于是大利拉克制他,他的力气就离开他了。
20 Li te di: “Men Filisten yo sou ou, Samson!” Li te leve soti nan dòmi li, e te di: “Mwen va sòti tankou lòt fwa yo e souke kò m pou m vin lib.” Men li pa t konnen ke SENYÈ a te gen tan kite li.
大利拉说:“参孙哪,非利士人拿你来了!”参孙从睡中醒来,心里说:“我要像前几次出去活动身体”;他却不知道耶和华已经离开他了。
21 Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an.
非利士人将他拿住,剜了他的眼睛,带他下到迦萨,用铜链拘索他;他就在监里推磨。
22 Men cheve tèt li t ap grandi ankò lè l te fin koupe yo.
然而他的头发被剃之后,又渐渐长起来了。
23 Alò, prens Filisten yo te rasanble pou ofri yon gran sakrifis a Dagon, dye pa yo a e pou rejwi yo, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki livre Samson, lènmi nou an, nan men nou.”
非利士人的首领聚集,要给他们的神大衮献大祭,并且欢乐,因为他们说:“我们的神将我们的仇敌参孙交在我们手中了。”
24 Lè pèp la te wè li, yo te fè lwanj a dye pa yo a, paske yo te di: “Se dye pa nou an ki te livre lènmi nou an, nan men nou, menm destriktè a peyi nou an, ki te touye anpil nan nou.”
众人看见参孙,就赞美他们的神说:“我们的神将毁坏我们地、杀害我们许多人的仇敌交在我们手中了。”
25 Li te vin rive ke pandan yo te ranpli avèk kè kontan, ke yo te di: “Rele Samson pou l kapab amize nou.” Konsa, yo te rele Samson soti nan prizon an pou li te amize yo. Epi yo te fè l kanpe antre pilye yo.
他们正宴乐的时候,就说:“叫参孙来,在我们面前戏耍戏耍。”于是将参孙从监里提出来,他就在众人面前戏耍。他们使他站在两柱中间。
26 Alò, Samson te di a gason ki te kenbe men l lan: “Kite mwen manyen pilye kote kay la kanpe yo pou m kab apiye sou yo.”
参孙向拉他手的童子说:“求你让我摸着托房的柱子,我要靠一靠。”
27 Alò, kay la te ranpli avèk gason ni fanm e tout prens a Filisten yo te la. Epi anviwon twa-mil gason avèk fanm te anba twati a e yo t ap gade Samson pandan li t ap amize yo.
那时房内充满男女,非利士人的众首领也都在那里。房的平顶上约有三千男女观看参孙戏耍。
28 Konsa, Samson te rele SENYÈ a e te di: “O Senyè BONDYE, souple, sonje mwen, e souple, ranpli fòs mwen pou sèl fwa sa a, O Bondye pou m kapab jwenn vanjans sou Filisten yo pou de zye mwen yo.”
参孙求告耶和华说:“主耶和华啊,求你眷念我。 神啊,求你赐我这一次的力量,使我在非利士人身上报那剜我双眼的仇。”
29 Samson te kenbe byen di de pilye mitan yo sou sila kay la te poze yo, li te ranfòse li sou yo, youn avèk men dwat li e youn avèk men goch li.
参孙就抱住托房的那两根柱子:左手抱一根,右手抱一根,
30 Epi Samson te di: “Kite mwen mouri avèk Filisten yo!” Epi li te koube avèk tout fòs li jiskaske kay la te vin tonbe sou tout prens yo ak tout moun ki te ladann yo. Konsa, kantite moun ke li te touye lè l te mouri an te plis ke sila ke li te touye pandan tout vi li yo.
说:“我情愿与非利士人同死!”就尽力屈身,房子倒塌,压住首领和房内的众人。这样,参孙死时所杀的人比活着所杀的还多。
31 Alò, frè li yo avèk tout lakay papa li te desann pran li, mennen li monte e te antere li antre Tsorea ak Eschthaol nan tonm Manoach la, papa li. Konsa, li te jije Israël pandan ventan.
参孙的弟兄和他父的全家都下去取他的尸首,抬上来葬在琐拉和以实陶中间,在他父玛挪亚的坟墓里。参孙作以色列的士师二十年。