< Jij 13 >

1 Fis Israël yo ankò te fè mal nan zye SENYÈ a. Pou sa, SENYÈ a te livre yo nan men a Filisten yo pandan karant ane.
Potem synowie Izraela znowu czynili to, co złe w oczach PANA. I wydał ich PAN w ręce Filistynów na czterdzieści lat.
2 Te gen yon sèten nonm nan Tsorea nan fanmi Danit yo, ki te rele Manoach. Madanm li te esteril e li pa t janm fè pitit.
A był pewien mężczyzna z Sorea, z pokolenia Dana, imieniem Manoach, a jego żona była niepłodna i nie rodziła.
3 Konsa, zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: “Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm fè pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis.
I Anioł PANA ukazał się tej kobiecie, i powiedział do niej: Oto jesteś niepłodna i nie rodziłaś, ale poczniesz i urodzisz syna.
4 Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp.
Dlatego teraz strzeż się, nie pij wina ani mocnego napoju i nie jedz nic nieczystego;
5 Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”
Bo oto poczniesz i urodzisz syna, a brzytwa nie dotknie jego głowy, bo to dziecko będzie nazirejczykiem dla Boga [już] od łona. I zacznie on wybawiać Izraela z rąk Filistynów.
6 Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: “Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li.
Wtedy kobieta przyszła i powiedziała swemu mężowi: Przyszedł do mnie mąż Boży, którego oblicze było jak oblicze Anioła Boga, bardzo straszne. Nie pytałam go, skąd jest, nie oznajmił mi też swego imienia.
7 Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’”
Powiedział mi tylko: Oto poczniesz i urodzisz syna. Teraz więc nie pij wina ani mocnego napoju i nie jedz niczego nieczystego, gdyż dziecko będzie nazirejczykiem dla Boga [już] od łona aż do dnia swojej śmierci.
8 Alò, Manoach te priye a SENYÈ a. Li te di: “O SENYÈ, souple kite nonm Bondye ke Ou te voye vin kote nou an ankò pou l kapab enstwi nou kisa pou nou fè pou gason k ap vin fèt la.”
Wtedy Manoach modlił się do PANA, mówiąc: Proszę, Panie mój, niech mąż Boży, którego posłałeś, przyjdzie znowu do nas i nauczy nas, co mamy czynić z dzieckiem, które się urodzi.
9 Bondye te koute vwa a Manoach, epi zanj Bondye a te vini ankò vè fanm nan pandan li te chita nan chan an. Men Manoach, mari li a, pa t avè l.
I Bóg wysłuchał głosu Manoacha. Przyszedł znowu Anioł Boga do tej kobiety, gdy siedziała na polu, lecz nie było przy niej jej męża Manoacha.
10 Konsa, fanm nan te kouri vit di mari li: “Gade byen, nonm ki te vini lòt jou a te parèt devan m.”
Kobieta pobiegła więc szybko i opowiedziała swemu mężowi: Oto ukazał mi się ten mąż, który przyszedł do mnie tamtego dnia.
11 Konsa, Manoach te leve swiv fanm li an e lè li te vin kote nonm nan, li te di li: “Èske ou se nonm Bondye ki te pale avèk fanm mwen?” Epi li te di: “Mwen se li”.
A Manoach wstał i poszedł za swoją żoną. Gdy przyszedł do tego męża, powiedział mu: Czy jesteś tym mężem, który rozmawiał z [moją] żoną? A on odpowiedział: Jestem.
12 Manoach te di: “Alò, lè pawòl ou yo vin akonpli, kijan de vi ak vokasyon gason sila a va genyen?”
Manoach powiedział: Niech się teraz spełni twoje słowo. Lecz jak mamy postępować z dzieckiem i co mamy dla niego zrobić?
13 Konsa, nonm Bondye a te di a Manoach: “Kite fanm nan byen okipe tout sa ke m te di li yo.
I Anioł PANA odpowiedział Manoachowi: Niech [twoja] żona wystrzega się wszystkiego, co jej powiedziałem.
14 Li pa dwe manje anyen ki sòti nan chan rezen, ni bwè diven, ni bwason fò, ni manje okenn bagay ki pa pwòp. Kite li swiv tout sa ke m te kòmande yo.”
Niech nie je niczego, co pochodzi z winorośli; także niech nie pije wina ani mocnego napoju, ani niech nie je żadnej rzeczy nieczystej. Niech przestrzega wszystkiego, co jej przykazałem.
15 Manoach te di a zanj SENYÈ a: “Souple, pèmèt nou fè ou fè yon ti reta pou nou kab prepare yon jenn kabrit pou ou.”
Wtedy Manoach powiedział do Anioła PANA: Pozwól, proszę, że cię zatrzymamy i przygotujemy dla ciebie koźlątko.
16 Zanj SENYÈ a te di a Manoach: “Malgre ou fè m fè reta a, mwen p ap manje manje ou. Men si ou prepare yon ofrann brile, alò, ofri li bay SENYÈ a.” Paske Manoach pa t konnen ke li te yon zanj SENYÈ a.
Lecz Anioł PANA odpowiedział Manoachowi: Choćbyś mnie zatrzymał, nie będę jadł twego chleba. Ale jeśli chcesz złożyć całopalenie, złóż je PANU. Manoach nie wiedział bowiem, że to był Anioł PANA.
17 Manoach te di a zanj SENYÈ a: “Kòman yo rele ou, dekwa ke lè pawòl ou yo vin rive pou nou kapab onore ou?”
I Manoach powiedział do Anioła PANA: Jakie jest twoje imię, [abyśmy] cię uczcili, gdy spełni się twoje słowo?
18 Men zanj SENYÈ a te di li: “Poukisa ou mande m non mwen, akoz nou wè li depase konnesans?”
Anioł PANA odpowiedział: Dlaczego pytasz o moje imię, które jest tajemnicze?
19 Konsa, Manoach te pran jenn kabrit la avèk ofrann sereyal la pou te ofri li sou wòch SENYÈ a. Epi Li menm, zanj SENYÈ a, te fè mèvèy pandan Manoach avèk madanm li t ap gade.
Wziął więc Manoach koźlę oraz ofiarę pokarmową i złożył to na skale PANU. A uczynił on cud, a Manoach i jego żona patrzyli [na to].
20 Konsa, li te vin rive ke lè flanm nan te monte sou lotèl la vè syèl la, ke zanj SENYÈ a te monte nan flanm lotèl la. Lè Manoach avèk madanm li te wè sa, yo te tonbe atè sou figi yo.
A gdy płomień wznosił się z ołtarza ku niebu, wtedy Anioł PANA wstąpił w płomień ołtarza, a Manoach i jego żona, widząc to, upadli na twarze na ziemię.
21 Alò, zanj SENYÈ a pa t vin parèt a Manoach ni madanm li ankò. Konsa, Manoach te vin konnen ke se te zanj SENYÈ a ke li te ye.
I Anioł PANA już więcej nie ukazał się Manoachowi ani jego żonie. Wtedy Manoach poznał, że to był Anioł PANA.
22 Epi Manoach te di a madanm li: “Anverite, n ap mouri, paske nou te wè Bondye.”
Potem Manoach powiedział do swojej żony: Na pewno umrzemy, bo widzieliśmy Boga.
23 Men madanm li te di li: “Si SENYÈ a te vle touye nou, Li pa t ap aksepte ofrann brile avèk ofrann sereyal la soti nan men nou, ni Li pa t ap montre nou tout bagay sila yo, ni Li pa t ap kite nou tande tout bagay sa yo konsa nan moman sa a.”
Jego żona zaś odpowiedziała mu: Gdyby PAN chciał nas zabić, nie przyjąłby z naszych rąk całopalenia i ofiary pokarmowej ani nie ukazałby nam tego wszystkiego, ani nie objawiłby nam teraz takich rzeczy.
24 Fanm nan te bay nesans a yon fis e li te rele li Samson. Pitit la te vin gran e SENYÈ a te beni li.
Kobieta urodziła więc syna i nadała mu imię Samson. I dziecko rosło, a PAN mu błogosławił.
25 Lespri SENYÈ a te kòmanse vire nan li nan kan Dan nan, antre Tsorea ak Eschthaol.
I Duch PANA zaczął go pobudzać w obozie Dan, między Sorea a Esztaol.

< Jij 13 >