< Jij 12 >
1 Alò, fis a Éphraïm yo te rasanble. Yo te travèse vè Tsaphon e te di a Jephethé: “Poukisa ou te travèse pou batay avèk fis Ammon yo san rele nou pou ale avèk ou? Nou va brile kay ou sou ou.”
Entonces los varones de Efraín fueron convocados, cruzaron hacia Safón y dijeron a Jefté: ¿Por qué fuiste a luchar contra los hijos de Amón y no nos llamaste para ir contigo? ¡Incendiaremos tu casa contigo dentro!
2 Jephthé te di yo: “Mwen avèk pèp mwen an t ap fè gwo kont avèk fis Ammon yo; epi lè mwen te rele nou, nou pa t delivre mwen nan men yo.
Jefté les respondió: Yo y mi pueblo tuvimos una gran contienda contra los hijos de Amón. Los convoqué a ustedes, pero no me [auxiliaron para] librarnos de su mano.
3 Lè m te wè ke nou pa t ap delivre mwen, mwen te pran pwòp lavi mwen nan men m, e te travèse lòtbò kont fis Ammon yo, epi SENYÈ a te livre yo nan men m. Poukisa, konsa, nou vin monte sou mwen nan jou sa a pou goumen kont mwen?”
Cuando vi que ustedes no me defenderían, arriesgué mi vida y pasé contra los hijos de Amón. Yavé los entregó en mi mano. ¿Por qué se levantan hoy a pelear contra mí?
4 Epi Jephthé te ranmase tout gason Galaad yo pou te goumen kont Éphraïm. Mesye Galaad yo te bat Éphraïm, akoz yo te di: “Se moun sove devan Éphraïm ke nou ye; O Galaadit yo, ki nan mitan Ephraïm ak nan mitan Manassé.”
Entonces Jefté reunió a todos los varones de Galaad y peleó contra Efraín. Y los hombres de Galaad derrotaron a Efraín, porque [éstos] dijeron: ¡Ustedes, los galaaditas, son fugitivos de Efraín, en medio de Efraín y de Manasés!
5 Galaadit yo te kaptire tout kote pou janbe Rivyè Jourdain anfas Éphraïm nan. Epi li te rive ke lè nenpòt nan moun sove Éphraïm yo te di: “Kite mwen janbe,” mesye Galaad yo ta di li: “Èske ou se yon Efrayimit?” Epi si li te di: “Non”,
Los galaaditas capturaron los vados del Jordán que están frente a Efraín. Y sucedía que cuando cualquiera de los fugitivos de Efraín decía: Voy a pasar, los hombres de Galaad le preguntaban: ¿Eres tú efrateo? Y si él respondía: No,
6 alò, yo te di li: “Silvouplè, di ‘Shibboleth.’” Men li ta di: “Sibboleth”, paske li pa t kab pwononse li byen. Konsa, yo ta sezi li pou touye li nan kote pou janbe Jourdain an. Konsa, te tonbe nan lè sa a, karann-de-mil nan Efrayimit yo.
entonces le decían: Dí ahora, Shibolet. Y él decía Sibolet, porque no podía pronunciar así. Entonces le echaban mano y lo degollaban en los vados del Jordán. Y en aquel tiempo cayeron 42.000 de Efraín.
7 Jephthé te jije Israël pandan sis ane. Epi Jephthé, Galaadit la te mouri e te antere nan youn nan vil nan Galaad yo.
Jefté juzgó a Israel seis años. Jefté galaadita murió y fue sepultado en una de las ciudades de Galaad.
8 Alò, Ibtsan a Bethléhem te jije Israël apre li.
Después de él, Ibzán, de Belén, juzgó a Israel.
9 Li te gen trant fis ak trant fi ke li te bay an maryaj andeyò fanmi an. Li te fè antre trant fi soti deyò pou fis li yo.
Tenía 30 hijos y 30 hijas a las cuales casó afuera. Tomó de afuera 30 mujeres para sus hijos. Y juzgó a Israel siete años.
10 Konsa, Ibtsan te mouri e te antere Bethléhem.
Ibzán murió y fue sepultado en Belén.
11 Alò, Élon, Zabilonit lan te jije Israël apre li. Li te jije Israël pandan dis ane.
Después de él Elón zabulonita juzgó a Israel, y juzgó a Israel diez años.
12 Konsa, Élon, Zabilonit lan te mouri e te antere nan Ajalon nan peyi a Zabulon.
Elón zabulonita murió y fue sepultado en Ajalón, en la tierra de Zabulón.
13 Alò, Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te jije Israël apre li.
Después de él Abdón, hijo de Hilel, piratonita, juzgó a Israel.
14 Li te gen karant fis avèk trant pitit pitit ki te monte sou swasann-dis bourik. Li te jije Israël pandan uit ane.
Éste tuvo 40 hijos y 30 nietos, que cabalgaban sobre 70 asnos. Y juzgó a Israel 8 años.
15 Epi Abdon, fis a Hillel la, Piratonit lan te mouri e te antere nan Pirathon nan peyi Ephraïm nan, nan peyi ti mòn ki te pou Amalekit yo.
Abdón, hijo de Hilel piratonita, murió y fue sepultado en Piratón en la tierra de Efraín, en la región montañosa de los amalecitas.