< Jij 10 >

1 Alò, apre Abimélec te fin mouri, Thola, fis a Puah a, fis a Dodo a, yon nonm Issacar, te leve pou delivre Israël. Li te rete Schamir, nan peyi ti kolin Éphraïm yo.
ויקם אחרי אבימלך להושיע את ישראל תולע בן פואה בן דודו--איש יששכר והוא ישב בשמיר בהר אפרים
2 Li te jije Israël pandan venn-twazan. Li te mouri e te antere Schamir.
וישפט את ישראל עשרים ושלש שנה וימת ויקבר בשמיר
3 Apre li, Jaïr Galaadit la te leve pou te jije Israël pandan venn-dezan.
ויקם אחריו יאיר הגלעדי וישפט את ישראל עשרים ושתים שנה
4 Li te gen trant fis ki te monte sou trant bourik. Konsa, yo te gen trant vil nan peyi Galaad, ke yo rele Havvoth-Jaïr jis rive jodi a.
ויהי לו שלשים בנים רכבים על שלשים עירים ושלשים עירים להם להם יקראו חות יאיר עד היום הזה אשר בארץ הגלעד
5 Epi Jaïr te mouri e te antere Kamon.
וימת יאיר ויקבר בקמון
6 Alò, fis Israël yo te fè mal devan zye SENYÈ a, yo te sèvi Baal yo avèk Astarté yo, dye a Syrie yo, dye a Sidon yo, dye a Moab yo, dye a fis Ammon yo, ak dye a Filisten yo. Konsa, yo te abandone SENYÈ a e yo pa t sèvi li.
ויסיפו בני ישראל לעשות הרע בעיני יהוה ויעבדו את הבעלים ואת העשתרות ואת אלהי ארם ואת אלהי צידון ואת אלהי מואב ואת אלהי בני עמון ואת אלהי פלשתים ויעזבו את יהוה ולא עבדוהו
7 Kòlè SENYÈ a te brile kont Israël. Li te vann yo nan men a Filisten yo ak nan men a fis Ammon yo.
ויחר אף יהוה בישראל וימכרם ביד פלשתים וביד בני עמון
8 Yo te aflije e te kraze fis Israël yo nan ane sa a. Pandan di-zuit ane, yo te aflije tout fis Israël ki te lòtbò Jourdain an nan Galaad nan peyi Amoreyen yo.
וירעצו וירצצו את בני ישראל בשנה ההיא שמנה עשרה שנה את כל בני ישראל אשר בעבר הירדן--בארץ האמרי אשר בגלעד
9 Fis a Ammon yo te travèse Jourdain an pou yo te kab, osi, batay avèk Juda, Benjamin, avèk lakay Éphraïm. Sa te fè gwo pwoblèm pou Israël.
ויעברו בני עמון את הירדן להלחם גם ביהודה ובבנימין ובבית אפרים ותצר לישראל מאד
10 Konsa, fis Israël yo te kriye fò bay SENYÈ a, e te di: “Nou te peche kont Ou, paske vrèman, nou te abandone Bondye nou an pou te sèvi Baal yo.”
ויזעקו בני ישראל אל יהוה לאמר חטאנו לך--וכי עזבנו את אלהינו ונעבד את הבעלים
11 SENYÈ a te di a fis Israël yo: “Èske Mwen pa t delivre nou soti nan men Ejipsyen yo, Amoreyen yo, fis a Ammon yo, ak Filisten yo?
ויאמר יהוה אל בני ישראל הלא ממצרים ומן האמרי ומן בני עמון ומן פלשתים
12 Osi, lè Sidonyen yo, Amalekit yo avèk Maonit yo te oprime nou, nou te kriye fò ban Mwen, e Mwen te delivre nou soti nan men yo.
וצידונים ועמלק ומעון לחצו אתכם ותצעקו אלי ואושיעה אתכם מידם
13 Malgre sa, nou te abandone Mwen pou sèvi lòt dye yo. Pou sa, Mwen p ap delivre nou ankò.
ואתם עזבתם אותי ותעבדו אלהים אחרים לכן לא אוסיף להושיע אתכם
14 Ale e kriye fò a dye sila ke nou te chwazi yo. Kite yo menm delivre nou nan tan gwo twoub nou yo.”
לכו וזעקו אל האלהים אשר בחרתם בם המה יושיעו לכם בעת צרתכם
15 Fis Israël yo te di a SENYÈ a: “Nou te peche. Fè ak nou sa ki sanble bon a Ou menm; sèlman souple delivre nou jodi a.”
ויאמרו בני ישראל אל יהוה חטאנו--עשה אתה לנו ככל הטוב בעיניך אך הצילנו נא היום הזה
16 Konsa, yo te retire dye etranje sila ki te pami yo pou te sèvi SENYÈ a; epi Li pa t kab sipòte mizè Israël ankò.
ויסירו את אלהי הנכר מקרבם ויעבדו את יהוה ותקצר נפשו בעמל ישראל
17 Alò fis Ammon yo te rasanble; yo te fè kan Galaad. Epi fis a Israël yo te vin rasanble pou te fè kan an Mitspa.
ויצעקו בני עמון ויחנו בגלעד ויאספו בני ישראל ויחנו במצפה
18 Pèp la, chèf a Galaad yo te di: “Ki moun ki va ouvri batay la kont fis Ammon yo? Li menm, li va chèf sou tout pèp Galaad la.”
ויאמרו העם שרי גלעד איש אל רעהו מי האיש אשר יחל להלחם בבני עמון--יהיה לראש לכל ישבי גלעד

< Jij 10 >