< Jozye 9 >

1 Alò, lè tout wa ki te lòtbò Jourdain nan peyi kolin yo, nan peyi ba plèn ak nan tout kot Gran Lamè a bò kote Liban, Etyen an, avèk Amoreyen an, Kananeyen an, Ferezyen an Evyen an ak Jebizyen an te tande koze sa,
約旦河西,住山地、高原,並對着黎巴嫩山沿大海一帶的諸王,就是赫人、亞摩利人、迦南人、比利洗人、希未人、耶布斯人的諸王,聽見這事,
2 yo te reyini ansanm avèk yon sèl bi pou goumen avèk Josué e avèk Israël.
就都聚集,同心合意地要與約書亞和以色列人爭戰。
3 Lè pèp la nan Gabaon te tande sa ke Josué te fè ak Jéricho avèk Aï,
基遍的居民聽見約書亞向耶利哥和艾城所行的事,
4 yo menm, osi, yo te aji avèk riz. Yo te pati kòm reprezantan a pèp la. Yo te mete vye makout sou bourik yo, avèk ansyen kwi diven epwize ki te chire e rekoud,
就設詭計,假充使者,拿舊口袋和破裂縫補的舊皮酒袋馱在驢上,
5 avèk sapat ki te epwize e ranje nan pye yo, rad epwize sou yo menm avèk sèlman pen sèk e menm kanni.
將補過的舊鞋穿在腳上,把舊衣服穿在身上;他們所帶的餅都是乾的,長了霉了。
6 Yo te ale kote Josué nan kan an nan Guilgal, e yo te di a li menm avèk mesye Israël yo: “Nou sòti nan yon peyi byen lwen. Konsa, fè yon akò avèk nou.”
他們到吉甲營中見約書亞,對他和以色列人說:「我們是從遠方來的,現在求你與我們立約。」
7 Mesye Israël yo te di a Evyen yo: “Petèt ou rete touprè nou: donk, kijan nou kap fè akò avèk ou?”
以色列人對這些希未人說:「只怕你們是住在我們中間的;若是這樣,怎能和你們立約呢?」
8 Men yo te di Josué: “Nou se sèvitè ou.” Alò, Josué te di yo: “Ki moun nou ye e kibò nou sòti?”
他們對約書亞說:「我們是你的僕人。」約書亞問他們說:「你們是甚麼人?是從哪裏來的?」
9 Yo te di li: “Sèvitè ou yo te sòti nan yon peyi byen lwen, akoz repitasyon a SENYÈ a, Bondye nou an; paske nou te tande rapò a Li menm ak tout sa ke Li te fè an Égypte yo,
他們回答說:「僕人從極遠之地而來,是因聽見耶和華-你上帝的名聲和他在埃及所行的一切事,
10 ak tout sa Li te fè a wa Amoreyen yo ki te lòtbò Jourdain an, a Sihon, wa Hesbon an ak Og, wa Basan an, ki te Ashtaroth.
並他向約旦河東的兩個亞摩利王,就是希實本王西宏和在亞斯他錄的巴珊王噩一切所行的事。
11 Pou sa, tout ansyen nou yo avèk tout abitan a peyi nou yo te pale nou e te di: ‘Mete pwovizyon nan men nou pou vwayaj la. Ale rankontre yo e di yo: “Nou se sèvitè ou; alò, fè yon akò avèk nou.”’
我們的長老和我們那地的一切居民對我們說:『你們手裏要帶着路上用的食物去迎接以色列人,對他們說:我們是你們的僕人;現在求你們與我們立約。』
12 Sa se pen nou e li te cho lè nou te pran li pou pwovizyon nou e sòti lakay nou nan jou ke nou te pati pou vin kote ou a, men koulye a, gade, li rasi.
我們出來要往你們這裏來的日子,從家裏帶出來的這餅還是熱的;看哪,現在都乾了,長了霉了。
13 Kwi diven sa yo lè nou te plen yo, yo te tounèf; epi gade, yo vin chire. Epi rad nou avèk sapat nou epwize akoz vwayaj la ki te tèlman long.”
這皮酒袋,我們盛酒的時候還是新的;看哪,現在已經破裂。我們這衣服和鞋,因為道路甚遠,也都穿舊了。」
14 Konsa, mesye Israël yo te aksepte pran nan pwovizyon yo, e yo pa t mande SENYÈ a konsèy.
以色列人受了他們些食物,並沒有求問耶和華。
15 Josué te fè lapè avèk yo. Li te fè yon akò avèk yo pou lese yo viv, epi dirijan kongregasyon an te sèmante yon ve ak yo.
於是約書亞與他們講和,與他們立約,容他們活着;會眾的首領也向他們起誓。
16 Li te vin rive nan fen twa jou yo, lè yo te fin fè akò avèk yo, ke yo te tande ke yo te vwazen ki te rete nan peyi yo.
以色列人與他們立約之後,過了三天才聽見他們是近鄰,住在以色列人中間的。
17 Alò, fis Israël yo te deplase, e te vin kote vil yo a nan twazyèm jou a. Vil yo te: Gabaon, Kephira, Beéroth ak Kirjath-Jearim.
以色列人起行,第三天到了他們的城邑,就是基遍、基非拉、比錄、基列‧耶琳。
18 Fis Israël yo pa t frape yo akoz dirijan kongregasyon an te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye a tout Israël la. Epi tout kongregasyon an te plenyen kont dirijan yo.
因為會眾的首領已經指着耶和華-以色列的上帝向他們起誓,所以以色列人不擊殺他們;全會眾就向首領發怨言。
19 Men tout dirijan yo te di a tout kongregasyon an: “Nou te sèmante a yo pa SENYÈ a, Bondye Israël la. Koulye a, nou pa kapab touche yo.
眾首領對全會眾說:「我們已經指着耶和華-以色列的上帝向他們起誓,現在我們不能害他們。
20 Men kisa nou va fè yo; kite yo viv pou kòlè pa vin sou nou pou ve ke nou sèmante a yo a.”
我們要如此待他們,容他們活着,免得有忿怒因我們所起的誓臨到我們身上。」
21 Dirijan yo te di a yo menm: “Kite yo viv.” Konsa, yo te vin moun ki pou koupe bwa ak rale dlo pou tout kongregasyon an, jis jan ke dirijan yo te pale yo a.
首領又對會眾說:「要容他們活着。」於是他們為全會眾作了劈柴挑水的人,正如首領對他們所說的話。
22 Epi Josué te rele yo pou te pale avèk yo. Li te di: “Poukisa nou te twonpe nou, e di: ‘Nou lwen nou,’ lè vrèman nou ap viv nan mitan peyi nou an?
約書亞召了他們來,對他們說:「為甚麼欺哄我們說『我們離你們甚遠』呢?其實你們是住在我們中間。
23 Koulye a, pou sa, nou modi e nou p ap janm sispann jwe wòl kòm esklav, ni pou koupe bwa ni pou rale dlo pou kay Bondye mwen an.”
現在你們是被咒詛的!你們中間的人必斷不了作奴僕,為我上帝的殿作劈柴挑水的人。」
24 Alò, yo te reponn Josué e te di: “Akoz li te, anverite, pale a sèvitè ou yo, jan SENYÈ a, Bondye ou a, te kòmande sèvitè li, Moïse, pou ba ou tout peyi a, e pou detwi tout pèp ki rete nan peyi a devan ou. Konsa, nou te fè gwo perèz pou lavi nou akoz de ou, e nou te fè bagay sa a.
他們回答約書亞說:「因為有人實在告訴你的僕人,耶和華-你的上帝曾吩咐他的僕人摩西,把這全地賜給你們,並在你們面前滅絕這地的一切居民,所以我們為你們的緣故甚怕喪命,就行了這事。
25 Alò, gade, nou nan men ou. Fè avèk nou sa ki sanble bon e jis nan zye ou pou fè nou.”
現在我們在你手中,你以怎樣待我們為善為正,就怎樣做吧!」
26 Se konsa, li te fè yo, e te livre yo nan men a fis Israël yo pou yo pa t touye yo.
於是約書亞這樣待他們,救他們脫離以色列人的手,以色列人就沒有殺他們。
27 Men Josué te bay yo ransèyman soti nan menm jou sa a, kòm moun ki koupe bwa ak rale dlo pou kongregasyon an ak lotèl SENYÈ a, jis rive nan jou sila, nan plas ke Li ta chwazi a.
當日約書亞使他們在耶和華所要選擇的地方,為會眾和耶和華的壇作劈柴挑水的人,直到今日。

< Jozye 9 >