< Jozye 5 >
1 Alò, li te vin rive ke lè tout wa Amoreyen ki te lòtbò Jourdain yo vè lwès ak tout wa Canaran akote lanmè yo, te tande jan SENYÈ a te seche dlo Jourdain an devan fis Israël yo jiskaske yo te travèse, ke kè yo te fonn, e yo pa t gen kouraj nan yo ankò akoz fis Israël yo.
Da nu alle amoritter-kongene som bodde på vestsiden av Jordan, og alle kana'anitter-kongene som bodde ved havet, hørte at Herren hadde latt Jordans vann tørke bort foran Israels barn inntil vi var kommet over, da blev deres hjerte fullt av angst, og de hadde ikke lenger mot til å møte Israels barn.
2 Nan tan sa a, SENYÈ a te di a Josué: “Fè pou ou menm kouto avèk silèks e sikonsi ankò fis Israël yo pou dezyèm fwa a.”
På denne tid sa Herren til Josva: Gjør dig stenkniver og omskjær atter Israels barn, for annen gang!
3 Konsa, Josué te fè pou kont li kouto avèk silèks e te sikonsi fis Israël yo nan Gilbreath-Araloth.
Da gjorde Josva sig stenkniver og omskar Israels barn ved Ha'aralot-haugen.
4 Men rezon pou sila Josué te sikonsi yo a: tout pèp la ki te sòti an Égypte nan gason yo, tout mesye lagè yo, te mouri nan dezè a nan wout lè yo fin kite Égypte.
Grunnen til at Josva omskar dem, var denne: Alt det folk som drog ut av Egypten - alle mennene, alle krigsfolkene - var død i ørkenen på veien fra Egypten.
5 Paske tout mesye ki te sòti yo te sikonsi, men tout mesye ki te fèt nan dezè a nan wout la pandan yo sòti an Égypte la pa t ankò sikonsi.
Alt det folk som drog ut, var omskåret; men alt det folk som var født i ørkenen på veien fra Egypten, var ikke blitt omskåret.
6 Paske fis Israël yo te mache karantan nan dezè a, jis tout nasyon an, mesye lagè ki te sòti an Égypte yo, te peri akoz yo pa t koute vwa SENYÈ a, a sila SENYÈ a te sèmante ke Li pa t ap kite yo wè peyi ke SENYÈ a te sèmante bay zansèt pa yo pou bannou an, yon peyi ki koule avèk lèt ak siwo myèl.
For i firti år vandret Israels barn i ørkenen, inntil alt folket - krigsfolkene som drog ut av Egypten - var utdød; de hørte ikke på Herrens røst, derfor svor Herren at han ikke vilde la dem se det land Herren hadde tilsvoret deres fedre å ville gi oss, et land som flyter med melk og honning.
7 Timoun ke Li te vin leve pou ranplase yo, Josué te sikonsi yo. Paske yo pa t sikonsi akoz ke yo pa t sikonsi yo nan wout la.
Men deres barn, som han hadde latt vokse op i deres sted, dem omskar Josva; for de hadde forhud, da de ikke var blitt omskåret på veien.
8 Alò, lè yo te fin sikonsi tout nasyon an, yo te rete nan plas yo nan kan an jiskaske yo te fin geri.
Da hele folket således var blitt omskåret, holdt de sig i ro der hvor de var i leiren, til de blev friske igjen.
9 Epi SENYÈ a te di a Josué: “Jodi a, Mwen te woule fè sòti wont a Égypte la sou nou menm.” Konsa, jis jodi a, yo rele plas sa a Guilgal.
Og Herren sa til Josva: Idag har jeg veltet av eder skammen fra Egypten. Siden har dette sted vært kalt Gilgal like til denne dag.
10 Pandan fis Israël yo te rete Guilgal, yo te obsève Pak la nan lannwit katòzyèm jou nan mwa a nan plèn dezè a Jéricho a.
Mens Israels barn lå i leir ved Gilgal, holdt de påske den fjortende dag i måneden om aftenen på Jerikos ødemarker.
11 Nan jou apre Pak la, nan menm jou sa a, yo te manje kèk nan pwodwi tè yo, gato san ledven ak sereyal griye.
Og dagen efter påsken åt de av landets grøde; usyret brød og ristet korn åt de den dag.
12 Lamàn te sispann nan jou apre yo te manje kèk nan pwodwi tè yo. Konsa, fis Israël yo pa t gen lamàn ankò, men yo te manje nan donn tè Canaran an pandan ane sa a.
Og mannaen hørte op dagen efter, for nu åt de av landets grøde; Israels barn fikk ikke mere manna, men de åt det år av det som var avlet i Kana'ans land.
13 Alò, li te rive ke lè Josué te toupre Jéricho, li te leve zye li anwo e te gade, vwala, yon nonm te kanpe anfas li avèk nepe li rale nan men l. Josué te pwoche l, e li te di li: “Èske ou pou nou oswa kont nou?”
Mens Josva var ved Jeriko, hendte det at han løftet op sine øine og fikk se en mann som stod foran ham med et draget sverd i sin hånd; og Josva gikk bort til ham og sa: Hører du til oss eller til våre fiender?
14 Li te reponn: “Non; olye de sa, anverite mwen vini koulye a kòm kapitèn a lame SENYÈ a.” Konsa, Josué te tonbe atè sou figi li. Li te adore l e te di li: “Kisa mèt mwen an gen pou di a sèvitè li?”
Han svarte: Nei, jeg er høvdingen over Herrens hær; nu er jeg kommet. Da falt Josva på sitt ansikt til jorden og tilbad og sa til ham: Hvad har min herre å si til sin tjener?
15 Kapitèn a lame SENYÈ a te di a Josué: “Retire sapat ou nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a sen.” Epi Josué te fè l.
Og høvdingen over Herrens hær sa til Josva: Dra skoen av din fot! For det sted du står på, er hellig. Og Josva gjorde så.