< Jozye 4 >

1 Alò, lè tout nasyon an te fin travèse Jourdain an, SENYÈ a te pale avèk Josué. Li te di:
I stalo se, když již všecken národ přešel Jordán, (nebo byl řekl Hospodin k Jozue, řka:
2 “Pran pou nou menm douz mesye pami pèp la, yon mesye ki soti nan chak tribi.
Vezměte sobě z lidu dvanácte mužů, po jednom muži z každého pokolení,
3 Kòmande yo e di: ‘Ranmase pou kont nou douz wòch soti isit la nan mitan Jourdain an, soti nan plas kote pye prèt la ap kanpe fèm nan. Pote yo janbe avèk nou, e poze yo nan plas lojman kote nou va dòmi aswè a.’”
A přikažte jim, řkouce: Vezměte sobě odsud z prostřed Jordánu, s místa, na němž stály nohy kněžské nepohnutě, dvanácte kamenů, a vyneste je s sebou, a sklaďte v ležení, v kterémž přes tuto noc pozůstanete),
4 Konsa, Josué te rele douz mesye ke li te chwazi soti nan fis Israël yo, yon mesye nan chak tribi,
Že povolav Jozue dvanácti mužů, kteréž k tomu zřídil z synů Izraelských, po jednom muži z každého pokolení,
5 epi Josué te di yo: “Travèse ankò vè lach SENYÈ a, Bondye nou an, pou rive nan mitan Jourdain an e nou chak pran yon wòch sou zepòl li, selon nonb a tribi a fis Israël yo.
I řekl jim Jozue: Jděte před truhlou Hospodina Boha svého do prostřed Jordánu a vezměte sobě každý kámen jeden na rameno své, vedlé počtu pokolení synů Izraelských,
6 Ke sa sèvi kòm yon sign pami nou, jis pou lè pitit nou yo mande pita e di: ‘Kisa wòch sa yo vle di a nou menm’?
Aby to bylo na znamení mezi vámi. Když by potom tázali se synové otců svých, řkouce: K čemu jsou vám ti kamenové?
7 Alò nou va di yo: ‘Akoz dlo Jourdain yo te koupe devan lach akò SENYÈ a. Lè lach la te travèse Jourdain an, dlo Jourdain yo te koupe. Pou sa, wòch sa yo va sèvi kòm yon souvni pou fis Israël yo pou tout tan.’”
Odpovíte jim, že se rozdělily vody Jordánské před truhlou smlouvy Hospodinovy, (když, pravím, šla přes Jordán, rozdělily se vody Jordánské), i zůstávají kamenové tito na památku synům Izraelským až na věky.
8 Konsa, fis Israël yo te fè jan Josué te kòmande yo a. Yo te leve pran douz wòch yo nan mitan Jourdain an, jan SENYÈ a te pale a Josué a, selon nonb a tribi a fis Israël yo, epi yo te pote yo janbe avèk yo pou rive nan plas lojman an e te poze yo la.
I učinili synové Izraelští tak, jakž přikázal Jozue, a vzali dvanácte kamenů z prostředku Jordánu, jakož mluvil Hospodin k Jozue, vedlé počtu pokolení synů Izraelských, a přinesli je s sebou na první stanoviště, a tu je složili.
9 Epi Josué te poze douz wòch yo nan mitan Jourdain an nan plas kote pye a prèt yo ki te pote lach akò a te kanpe. Yo la, jis jodi a.
Jozue také vyzdvihl dvanácte kamenů u prostřed Jordánu na místě, kdež stály nohy kněží nesoucích truhlu smlouvy, a byli tam až do tohoto dne.
10 Paske prèt yo ki te pote lach la te kanpe nan mitan Jourdain an jiskaske tout bagay ke SENYÈ a te kòmande Josué pou pale a pèp la te fini, selon tout sa ke Moïse te kòmande Josué yo. Konsa, pèp la te fè vit travèse.
Kněží pak, jenž nesli truhlu, stáli u prostřed Jordánu, dokudž se nevyplnilo všeliké slovo, kteréž přikázal Hospodin Jozue, aby oznámil lidu podlé všeho, jakž byl přikázal Mojžíš Jozue. I pospíšil lid a přešli.
11 Lè tout pèp la te fin travèse, lach SENYÈ a avèk prèt yo te travèse nan prezans a pèp la.
Když pak již přešel všecken lid, přešla také truhla Hospodinova i kněží, an lid na to hledí.
12 Fis Ruben yo ak fis a Gad yo ak mwatye tribi Manassé a te janbe abiye e prepare pou fè lagè devan fis Israël yo, jis jan ke Moïse te pale yo a.
Přešli i synové Rubenovi a synové Gádovi, a polovice pokolení Manassesova, vojensky zpořádaní před syny Izraelskými, jakož byl mluvil k nim Mojžíš.
13 Anviwon karant mil mesye, prèt pou batay, te travèse devan SENYÈ a vè plèn dezè a Jéricho a.
Okolo čtyřidcíti tisíců oděných bojovníků šlo před Hospodinem k boji na roviny Jericha.
14 Nan jou sa a, SENYÈ a te egzalte Josué nan zye a tout Israël; jis pou yo genyen l respè avèk lakrent, jis jan ke yo te gen respè avèk lakrent pou Moïse pandan tout jou ke li te viv yo.
V ten den zvelebil Hospodin Jozue před očima všeho Izraele. I báli se ho, jako se báli Mojžíše po všecky dny života jeho.
15 Alò SENYÈ a te di a Josué:
Mluvil pak Hospodin k Jozue, řka:
16 “Kòmande prèt ki pote lach akò a pou monte kite Jourdain an.”
Přikaž kněžím, kteříž nesou truhlu svědectví, ať vystoupí z Jordánu.
17 Konsa, Josué te kòmande prèt yo. Li te di: “Monte soti nan Jourdain an.”
I přikázal Jozue kněžím, řka: Vystupte z Jordánu.
18 Li te vin rive ke lè prèt ki te pote lach SENYÈ yo te kite mitan Jourdain an, e pla pye yo te monte sou tè sèk, dlo Jourdain an te retounen nan plas li e te depase rivaj yo kòm avan an.
Když pak vystupovali kněží, jenž nesli truhlu smlouvy Hospodinovy, z prostřed Jordánu, jakž jen vytrhli kněží nohy na sucho, navrátily se vody Jordánské k místu svému, a tekly předce jako i prvé ve všech březích svých.
19 Konsa, pèp la te monte kite Jourdain an nan dizyèm jou a premye mwa a, epi yo te fè kan nan Guilgal akote lès Jéricho.
Vyšed pak lid z Jordánu desátého dne měsíce prvního, položili se v Galgala k straně východní Jericha;
20 Douz wòch sa yo ke yo te pran nan Jourdain an, Josué te monte nan Guilgal.
A dvanácte kamenů těch, kteréž vynesli z Jordánu, postavil Jozue v Galgala.
21 Li te di a fis Israël yo: “Lè pitit nou yo mande papa yo nan tan k ap vini yo, e di: ‘Kisa wòch sa yo ye?’
A mluvil k synům Izraelským takto: Když by se otázali potom synové vaši otců svých, řkouce: Co ti kamenové znamenají?
22 Alò, nou va eksplike pitit nou yo pou di: ‘Israël te travèse Jourdain sila a sou tè sèk’.
Oznámíte synům svým a díte: Po suše přešel Izrael Jordán tento.
23 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, te seche dlo Jourdain yo devan nou jiskaske nou te fin travèse, jis jan ke Li te fè nan Lamè Wouj la, ke Li te seche devan nou jiskaske nou te fin travèse a,
Nebo vysušil Hospodin Bůh váš vody Jordánské před tváří vaší, až jste přešli, jakož učinil Hospodin Bůh váš moři Rudému, kteréž vysušil před tváří naší, až jsme přešli,
24 pou tout pèp sou latè yo kapab konnen ke men SENYÈ a pwisan, pou nou kapab gen lakrent SENYÈ a pou tout tan.”
Aby poznali všickni národové země ruku Hospodinovu, že silná jest, a abyste se báli Hospodina Boha vašeho po všecky dny.

< Jozye 4 >