< Jozye 3 >

1 Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.
Bittida följande morgon bröt Josua med alla Israels barn upp från Sittim och kom till Jordan; där stannade de om natten, innan de gingo över.
2 Nan fen twa jou, ofisye yo te pase nan mitan kan an.
Men efter tre dagar gingo tillsyningsmännen genom lägret
3 Yo te kòmande pèp la e te di: “Lè nou wè lach akò SENYÈ a, Bondye nou an, avèk prèt Levit yo k ap pote li, alò, nou va sòti nan plas nou pou swiv li.
och bjödo folket och sade: »Så snart I fån se HERRENS, eder Guds, förbundsark, och att de levitiska prästerna bära den, skolen ock I bryta upp från eder plats och följa efter den
4 Sepandan, va gen antre nou ak li yon distans anviwon de mil koude (3,000 pye) pa mezi. Pa vin pi prè li, pou nou kapab konnen chemen ke nap pran, paske nou pa t janm fè wout sa a avan.”
-- låten dock mellan den och eder vara ett avstånd av vid pass två tusen alnar; närmare mån I icke komma den -- på det att I mån kunna veta vilken väg I skolen gå, ty I haven icke förut dragit den vägen fram.»
5 Konsa, Josué te di a pèp la: “Konsakre tèt nou; paske demen SENYÈ a va fè mèvèy yo nan mitan nou.”
Och Josua sade till folket: »Helgen eder, ty i morgon skall HERREN göra under bland eder.»
6 Josué te pale avèk prèt yo e te di: “Vin leve lach akò a pou travèse lòtbò a avan pèp la.”
Därefter sade Josua till prästerna: »Tagen förbundsarken och dragen åstad framför folket.» Då togo de förbundsarken och gingo framför folket.
7 Alò, SENYÈ a te di a Josué: “Jou sa a, Mwen va kòmanse egzalte ou nan zye tout Israël la, pou yo kapab konnen ke menm jan ke M te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou.
Och HERREN sade till Josua: »I dag skall jag begynna att göra dig stor i hela Israels ögon, på det att de må förnimma, att såsom jag har varit med Mose, så vill jag ock vara med dig.
8 Anplis, ou va kòmande prèt k ap pote lach akò a e di yo: ‘Lè nou rive arebò dlo yo nan Jourdain an, nou va rete kanpe nan dlo Jourdain an.’”
Bjud du nu prästerna som bära förbundsarken och säg: 'Så snart I kommen till den yttersta randen av Jordans vatten, skolen I stanna där, vid Jordan.'»
9 Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Vin la pou koute pawòl a SENYÈ a, Bondye nou an.”
Då sade Josua till Israels barn: »Träden fram hit och hören HERRENS, eder Guds, ord.»
10 Josué te di: “Pa sa nou va konnen ke Bondye vivan an pami nou e ke Li va, anverite, deplase soti devan nou Kananeyen an, Etyen an, Evyen an, Ferezyen an, Gigazyen an, Amoreyen an ak Jebizyen an.
Och Josua sade: »Härav skolen I förnimma att en levande Gud är mitt ibland eder, och att han förvisso vill fördriva för eder kananéerna, hetiterna, hivéerna, perisséerna, girgaséerna, amoréerna och jebuséerna:
11 Gade byen, lach akò SENYÈ a tout latè a ap travèse devan nou antre nan Jourdain an.
förbundsarken, hela jordens Herres förbundsark, drager nu framför eder över Jordan.
12 “Alò, pou sa, pran pou nou menm douz mesye soti nan tribi Israël la, yon nonm pou chak tribi.
Väljen alltså ut tolv män ur Israels stammar, en man för var stam.
13 Li va rive ke lè pla pye a prèt ki pote lach SENYÈ a, SENYÈ tout latè a, poze nan dlo a Jourdain an, dlo Jourdain an va koupe, e dlo k ap kouri desann soti anwo yo va rete fè yon pil.”
Så snart då prästerna som bära HERRENS, hela jordens Herres, ark stå stilla med sina fötter i Jordans vatten, det vatten som kommer uppifrån, bliva avskuret i sitt lopp, och det skall stå såsom en samlad hög.»
14 Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote lach akò a devan pèp la,
Folket bröt då upp från sina tält för att gå över Jordan, och prästerna som buro förbundsarken gingo framför folket.
15 epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la),
När nu de som buro arken kommo till Jordan, så att prästerna, som buro arken, med sina fötter vidrörde yttersta randen av vattnet i Jordan, vilken under hela skördetiden är full över alla sina bräddar,
16 dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.
då stannade det vatten som kom uppifrån, och blev stående såsom en samlad hög långt borta, uppe vid Adam, staden som ligger bredvid Saretan; och det vatten som flöt ned mot Hedmarkshavet, Salthavet, blev sålunda helt och hållet avskuret. Och folket gick över mitt emot Jeriko.
17 Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.
Men prästerna som buro HERRENS förbundsark stodo orörliga på torr mark mitt i Jordan; och hela Israel gick över på torr mark, till dess att allt folket helt och hållet hade kommit över Jordan.

< Jozye 3 >