< Jozye 21 >
1 Epi chèf lakay a Levit yo te pwoche Éléazar, prèt la, ak Josué, fis a Nun nan, ak tèt lakay a tribi fis Israël yo.
Alors vinrent les princes des familles de Lévi vers Eléazar, le prêtre, vers Josué, fils de Nun, et vers les chefs des familles de chaque tribu des enfants d’Israël.
2 Yo te pale avèk yo Silo, nan peyi Canaan an, e te di: “SENYÈ a te kòmande pa Moïse pou bannou vil pou viv ladann, avèk patiraj pou bèt nou yo.”
Et ils leur parlèrent à Silo, dans la terre de Chanaan, et dirent: Le Seigneur a ordonné par l’entremise de Moïse, qu’on nous donnât des villes pour habiter, et leur faubourgs pour nourrir les bêtes.
3 Konsa, fis Israël yo te bay Levit yo soti nan eritaj pa yo vil sila yo avèk tè patiraj yo selon kòmand SENYÈ a.
Et les enfants d’Israël donnèrent de leurs possessions, selon l’ordre du Seigneur, les villes et leurs faubourgs.
4 Epi tiraj osò a te sòti pou fanmi a Keatit yo. Epi fis a Aaron yo, prèt la, ki te apatyen a Levit yo, te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan tribi Juda, nan tribi Siméon, ak nan tribi Benjamin.
Et le sort assigna à la famille de Caath, pour les enfants d’Aaron, le prêtre, treize villes des tribus de Juda, de Siméon et de Benjamin;
5 Rès nan fis Keatit yo te resevwa dis vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi a Éphraïm yo, soti nan tribi a Dan lan ak nan mwatye tribi a Manassé a.
Et aux autres enfants de Caath, c’est-à-dire aux Lévites qui restaient, dix villes des tribus d’Ephraïm, de Dan, et de la demi-tribu de Manassé.
6 Fis a Guerschon yo te resevwa trèz vil pa tiraj osò soti nan fanmi a tribi Issacar a, nan tribi Aser a, nan tribi Nephtali a ak nan mwatye tribi Manassé a nan Basan.
Mais pour les enfants de Gerson, le sort décida qu’ils recevraient des villes au nombre de treize, des tribus d’Issachar, d’Aser, de Nephthali et de la demi-tribu de Manassé.
7 Fis a Merari yo selon fanmi pa yo te resevwa douz vil soti nan tribi Ruben, soti nan tribi Gad ak soti nan tribi Zabulon.
Et pour les enfants de Mérari, selon leur parenté, douze villes des tribus de Ruben, de Gad et de Zabulon.
8 Alò fis Israël yo te bay selon tiraj osò a Levit yo, vil sila yo avèk teren patiraj pa yo, jan SENYÈ a te kòmande pa Moïse la.
Les enfants d’Israël donnèrent aux Lévites ces villes et leurs faubourgs, comme avait ordonné le Seigneur par l’entremise de Moïse, les distribuant à chacun par le sort.
9 Yo te bay vil sila ki mansyone pa non soti nan tribi a fis Juda yo e soti nan tribi a fis Siméon yo;
Josué donna les villes des tribus des enfants de Juda et de Siméon, dont voici les noms:
10 epi yo te pou fis Aaron yo, youn nan fanmi a Keatit yo, nan fis Levi yo; paske premye tiraj osò a se te pou yo.
Aux enfants d’Aaron d’entre les familles de Caath de la race lévitique (car le premier sort sortit pour eux),
11 Konsa, yo te ba yo Kirjath-Arba, Arba ki te papa a Anak (ki vle di Hébron), nan peyi ti kolin yo nan Juda, avèk teren patiraj ki te antoure li yo.
Cariatharbé du père d’Enac, qui est appelée Hébron, sur la montagne du Juda, et ses faubourgs tout autour.
12 Men chan a vil avèk bouk li yo, yo te bay yo a Caleb, fis a Jephunné a, kòm posesyon pa l.
Pour ses champs et ses villages, il les avait donnés à Caleb, fils de Jéphoné, pour les posséder.
13 Konsa, a fis Aaron yo, prèt la, yo te bay Hébron, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li yo ak Libna avèk teren patiraj pa li,
Il donna donc aux enfants d’Aaron, le prêtre, Hébron, ville de refuge, et ses faubourgs, ainsi que Lobna avec ses faubourgs;
14 epi Jatthir avèk teren patiraj pa li, Eschthemoa avèk teren patiraj pa li,
Jéther, Estémo,
15 epi Holon avèk teren patiraj pa li, Debir avèk teren patiraj pa li,
Holon, Dabir,
16 epi Aïn avèk teren patiraj pa li, Jutta avèk teren patiraj pa li, Beth-Schémesch avèk teren patiraj pa li; nèf vil soti nan de tribi sila yo.
Aïn, Jeta et Bethsamès, avec leurs faubourgs: neuf villes des deux tribus, comme il a été dit.
17 Soti nan tribi Benjamin an, Gabaon avèk teren patiraj pa li ak Guéba avèk teren patiraj pa li,
De la tribu des enfants de Benjamin: Gabaon, Gabaé,
18 Anathoth avèk teren patiraj pa li ak Almon avèk teren patiraj pa li; kat vil.
Et Anathoth et Almon avec leurs faubourgs: quatre villes.
19 Tout vil a fis Aaron yo, prèt yo, te trèz vil avèk teren patiraj pa yo.
Toutes ces villes des enfants d’Aaron, le prêtre, forment ensemble le nombre de treize avec leurs faubourgs.
20 Epi vil yo soti nan tribi Éphraïm nan te sòt tonbe pou fanmi a Kehath yo, Levit yo, jis rive nan lòt fis a Kehath yo.
Quant aux autres enfants de Caath de la race lévitique, selon leurs familles, voici la possession qui leur fût donnée:
21 Yo te bay yo Sichem, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li, nan peyi ti kolin yo a Éphraïm ak Guézer avèk teren patiraj pa li,
De la tribu d’Ephraïm, les villes de refuge, Sichem avec ses faubourgs, sur la montagne d’Ephraïm, Gazer,
22 epi Kibtsaïm avèk teren patiraj pa li, Beth-Horon avèk teren patiraj pa li, Guibbethon avèk teren patiraj pa li; kat vil.
Et Cibsaïm et Beth-horon avec leurs faubourgs: quatre villes;
23 Soti nan tribi Dan nan, Eltheke avèk teren patiraj pa li, Guibbethon avèk teren patiraj pa li,
De la tribu de Dan, Elthéco, Gabathon,
24 Ajalon avèk teren patiraj pa li, Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; kat vil.
Et Aïalon et Gethremmon, avec leurs faubourgs: quatre villes;
25 Soti nan mwatye tribi Mannassé a, Thaanac avèk teren patiraj pa li ak Gath-Rimmon avèk teren patiraj pa li; de vil.
Mais de la demi-tribu de Manassé, Thanach et Gethremmon, avec leurs faubourgs: deux villes.
26 Tout vil yo avèk teren patiraj pa yo pou fanmi a lòt fis a Kehath yo te dis.
En tout dix villes et leurs faubourgs furent donnés aux enfants de Caath, d’un rang inférieur.
27 A fis Guerschon yo, youn nan fanmi a Levit yo soti nan mwatye tribi Manassé a, te tonbe Golan nan Basan, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk teren patiraj pa li ak Beeschthra avèk teren patiraj pa li; de vil.
Il donna aussi de la demi-tribu de Manassé, aux enfants de Gerson, de la race lévitique, les villes de refuge, Gaulon en Basan, et Bosra, avec leurs faubourgs: deux villes;
28 Soti nan tribi Issacar, Kischjon avèk teren patiraj pa li, Dabrath avèk patiraj pa li,
De la tribu d’Issachar, Césion, Dabéreth,
29 Jarmuth avèk patiraj pa li, En-Gannim avèk patiraj pa li; kat vil.
Et Jaramoth et Engannim, avec leurs faubourgs: quatre villes;
30 Soti nan tribi Aser, Mischal avèk teren patiraj pa li ak Abdon avèk teren patiraj pa li,
De la tribu d’Aser, Masal, Abdon,
31 Helkath avèk teren patiraj pa li ak Rehob avèk patiraj pa li; kat vil.
Et Helcath et Rohob, avec leurs faubourgs: quatre villes;
32 Soti nan tribi Nephtali, Kédesch nan Galilée, vil azil pou moun ki touye moun yo, avèk patiraj pa li ak Hammoth-Dor avèk patiraj pa li; twa vil.
Et aussi de la tribu de Nephthali, les villes de refuge, Cédés en Galilée, Hammoth-Dor et Carthan, avec leurs faubourgs: trois villes;
33 Tout vil a Gèchonit yo, selon fanmi pa yo te trèz vil avèk teren patiraj pa yo.
En tout, aux familles de Gerson, treize villes avec leurs faubourgs.
34 A fanmi a fis Merari yo, rès nan Levit yo, soti nan tribi Zabulon, Jokneam avèk patiraj pa li ak Kartha avèk patiraj pa li.
Mais aux enfants de Mérari, lévites d’un rang inférieur, et selon leurs familles, furent données de la tribu de Zabulon, Jecnan, Cartha,
35 Dimna avèk patiraj pa li, Nahalal avèk patiraj pa li, kat vil.
Et Damna et Naalol: quatre villes avec leurs faubourgs;
36 Soti nan tribi Ruben an, Betser avèk patiraj pa li ak Jahtsa avèk patiraj pa li,
De la tribu de Ruben, au-delà du Jourdain, contre Jéricho, les villes de refuge, Bosor dans le désert, Misor, Jaser, Jethson, et Méphaath: quatre villes avec leurs faubourgs;
37 Kedémonth avèk teren patiraj pa li ak Méphaath avèk teren patiraj pa li; kat vil.
De la tribu de Gad, les villes de refuge, Ramoth en Galaad, Manaïm, Hésébon et Jazer: quatre villes avec leurs faubourgs;
38 Soti nan tribi Gad la, Ramoth nan Galaad, vil azil la ak Mahanaïm avèk teren patiraj pa li,
39 Hesbon, avèk teren patiraj pa li, Jaezer avèk teren patiraj pa li; kat vil antou.
40 Tout sila yo te vil a fis Merari yo selon fanmi pa yo, rès a fanmi a Levit yo. Tiraj osò pa yo a te douz vil.
En tout, aux enfants de Mérari, selon leurs familles et leur parenté, douze villes.
41 Tout vil a Levit ki te nan mitan posesyon a fis Israël yo te karann-tuit vil avèk teren patiraj pa yo.
Ainsi, toutes les villes des Lévites au milieu de la possession des enfants d’Israël furent au nombre de quarante-huit,
42 Chak nan vil sila yo te gen teren patiraj pa li ki te antoure li. Se konsa li te ye avèk tout vil sila yo.
Avec leurs faubourgs, chacune ayant été distribuée selon les familles.
43 Konsa, SENYÈ a te bay Israël tout peyi ke Li te sèmante pou bay a zansèt pa yo, e yo te posede li pou viv ladann.
Le Seigneur Dieu donna ainsi à Israël toute la terre qu’il avait juré de livrer à leurs pères; et ils la possédèrent et ils y habitèrent.
44 Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo.
Et il leur donna la paix avec toutes les nations d’alentour; et nul de leurs ennemis n’osa leur résister; mais tous furent soumis à leur domination.
45 Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive.
Pas même une seule parole de tout ce que Dieu avait promis de leur donner, ne fut vaine; mais toutes furent exactement accomplies.