< Jozye 18 >

1 Alò, fis Israël yo te vin rasanble yo menm nan Silo e te monte tant asanble a. Peyi a te vin soumèt devan yo.
Lè yo fin soumèt tout peyi a, tout moun pèp Izrayèl yo reyini lavil Silo kote yo te kanpe Tant Randevou a. Tout peyi a te pou yo.
2 Te rete pami fis Israël yo sèt tribi ki potko divize eritaj yo.
Men, te gen sèt branch fanmi nan pèp Izrayèl la ki pa t' ankò resevwa pòsyon pa yo nan tè a.
3 Konsa, Josué te di a fis Israël yo: “Konbyen de tan nou va mete ankò pou nou pa antre pran posesyon peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, te bannou an?
Lè sa a, Jozye di yo: -Kisa n'ap tann pou n' al pran peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ban nou an?
4 Bay a tèt nou twa mesye ki sòti nan chak tribi, pou m kapab voye yo e pou yo kab mache nan peyi a, pou ekri yon plan detaye a yo menm selon pwòp eritaj pa yo; epi yo va retounen bò kote mwen.
Chak branch fanmi pral chwazi twa gason ban mwen. M'a voye yo al mache toupatou nan peyi a. Y'a make pòsyon yo ta renmen gen pou yo. Apre sa, y'a tounen vin jwenn mwen.
5 Yo va divize li an sèt pòsyon; Juda va rete nan teritwa pa li nan sid e lakay Joseph la va rete nan teritwa pa yo nan nò.
Y'a separe rès peyi a an sèt pòsyon. Moun branch fanmi Jida yo va rete sou tè pa yo nan sid, epi moun branch fanmi Jozèf yo va rete sou pòsyon tè pa yo tou nan nò.
6 Nou va fè apantaj peyi a an sèt pòsyon e mennen li ban mwen. Mwen va tire yo osò pou nou isit la devan SENYÈ a, Bondye nou an.
N'a make sou papye jan nou ta renmen separe rès peyi a an sèt pòsyon. N'a pote papye a ban mwen isit la. Apre sa, m'a vin tire osò pou nou devan Seyè a, Bondye nou an.
7 Paske Levit yo pa gen pòsyon pami nou, akoz pozisyon prèt SENYÈ a se eritaj pa yo. Gad avèk Ruben avèk mwatye tribi Manassé a, osi, te resevwa eritaj vè lès, lòtbò Jourdain an, ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te ba yo.”
Moun Levi yo menm p'ap resevwa ankenn pòsyon nan tè a tankou lòt branch fanmi yo, paske tou sa y'a gen pou yo fè se sèvi pou yo sèvi prèt pou Seyè a. Pou moun branch fanmi Gad yo, moun branch fanmi Woubenn yo ak mwatye nan branch fanmi Manase a, yo gen tan resevwa pòsyon pa yo lòt bò larivyè Jouden, sou bò solèy leve, jan Moyiz, sèvitè Bondye, te ba yo l' la.
8 Konsa, mesye yo te leve ale. Josué te kòmande sila ki te ale yo: “Ale mache nan teren an, e founi yon plan apantaj detaye de li e retounen kote mwen. Alò, mwen va tire li osò pou nou soti isit la nan Silo.”
Se konsa mesye yo al vizite tout peyi a pou yo ka make sou papye jan peyi a ye. Anvan sa, Jozye te bay mesye yo lòd sa a: -Ale mache nan tout peyi a. Make jan nou wè l'. Apre sa, tounen vin jwenn mwen. M'a moute Silo pou m' ka tire osò pou nou, pou m' ka konnen volonte Seyè a.
9 Konsa, mesye yo te sòti e te pase nan peyi a, yo te fè plan apantaj detaye a. Yo te ekri yon deskripsyon selon vil li yo, sèt divizyon yo nan yon liv. Konsa, yo te retounen vè Josué nan kan an Silo.
Mesye yo pati, yo mache nan tout peyi a. Yo make sou papye tout lavil yo jwenn. Yo separe yo fè sèt pòsyon ak non tout lavil yo, epi yo pote l' bay Jozye nan kan Silo a.
10 Epi Josué te tire yo osò pou yo nan Silo devan SENYÈ a e la, Josué te divize peyi a pou fis Israël yo selon divizyon pa yo.
Lè sa a, Jozye tire osò pou yo devan Seyè a nan Silo. Se la li separe peyi a bay moun pèp Izrayèl yo. Li bay chak moun pòsyon ki vin pou yo.
11 Alò, tiraj osò a pou tribi Benjamin an te monte selon fanmi pa yo e teritwa osò pa yo a te poze antre fis a Juda yo ak fis a Joseph yo.
Moun branch fanmi Benjamen yo te jwenn pòsyon tè ki nan mitan an, pòsyon tè moun Jida yo yon bò ak pòsyon tè moun Jozèf yo yon lòt bò.
12 Lizyè pa yo nan kote nò a te soti nan Jourdain an, lizyè a te monte bò kote Jéricho nan nò, li te pase nan peyi ti kolin yo vè lwès e li te fè bout li nan dezè a Beth-Aven an.
Sou bò nò, lizyè yo a te konmanse larivyè Jouden, li moute flan nò mòn Jeriko a, li rale moute sou mòn yo nan direksyon solèy kouche, jouk li rive nan dezè Bèt avenn lan.
13 Soti la, lizyè a te kouri vè Luz nan kote sid a Luz (ki se Béthel) vè sid; epi lizyè a te desann vè Athroth-Addar, toupre ti mòn ki sou kote sid a Ba Beth-Horon an.
Apre sa, li pase lavil Louz, sou bò sid bit Louz la kote yo rele jouk jòdi a Betèl. Li desann Atawòt ada, sou mòn ki sou bò sid lavil Bètowon an.
14 Lizyè a te lonje rive e te vire won sou kote lwès la vè sid; soti nan ti mòn ki parèt devan Beth-Horon vè sid; epi li te fè bout li nan Kirjath-Baal (sa vle di Kirjath-Jearim), yon vil a fis a Juda yo. Sa se te kote lwès la.
Lizyè a fè yon koub, li vire kite direksyon lwès, li pran direksyon sid, depi sou mòn ki anfas Bètowon an sou bò sid, jouk li rive lavil Kiriyat-Baal yo rele Kiriyat-Jearim jòdi a, ki te pou moun Jida yo. Se sa ki te limit pòsyon pa moun Benjamen yo sou bò solèy kouche.
15 Epi kote sid la te soti akote a Kirjath-Jearim e lizyè a te ale vè lwès pou te rive nan fontèn dlo Nephthoach yo.
Men limit yo sou bò sid: li pati depi nan Kalfou Kiriyat-Jearim lan, li moute bò Gachen, li pran direksyon lwès, li parèt bò sous dlo Neftoa yo.
16 Lizyè a te kouri desann rive akote ti mòn ki nan vale Ben-Hinnom, ki nan vale Rephaïm nan vè nò. Epi li te ale desann a vale Hinnom an, nan pant Jebizyen vè sid e te desann jis nan En-Roguel.
Apre sa, li rive jouk bò mòn ki anfas fon Pitit Ennon an, ki sou bò nò plenn Refayim yo. Li pran pant mòn moun Jebis yo desann nan fon Ennon an, l' al bout sou Anwogèl.
17 Li te lonje vè nò e te rive nan En-Schémesch ak nan Gueliloth, ki anfas pant Adummim nan. Epi li te desann nan wòch Bohan an, fis a Ruben an.
Apre sa, li fè yon koub li vire sou nan nò, li pase Anchemèch. Apre sa, li rive Gelilòt anfas pas Adoumim. Li desann bò Wòch Boan. Boan sa a te pitit Woubenn.
18 Li te kontinye akote pa devan Araba a vè nò e te desann rive nan Araba.
Apre sa, li pase sou flan nò mòn Neta araba, li desann nan fon Jouden an.
19 Lizyè a te kontinye vè akote Beth-Hogla vè nò; epi lizyè a te fè bout li nan dlo nò a Lamè Sale a, nan pwent sid a Rivyè Jourdain an. Sa se te lizyè sid la.
Li rive sou flan nò mòn Bèt-Ogla. L' al bout nan pwent nò lanmè Mouri a, nan bout sid larivyè Jouden an. Se sa ki te limit sid yo.
20 Anplis, Jourdain an te lizyè li nan kote lès. Sa se te eritaj a fis Benjamin yo, selon fanmi pa yo ak selon lizyè li yo toupatou.
Sou bò solèy leve, larivyè Jouden an te sèvi yo baliz. Men limit pòsyon tè yo te bay moun Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
21 Alò, vil pou tribi a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo se te Jéricho, Beth-Hogla, Émek-Ketsits,
Men non lavil ki te pou fanmi moun Benjamen yo. Se te Jeriko, Bèt-Ogla, Emèkkesis,
22 Beth-Araba, Tsemaraïm, Béthel,
Bèt arara, Semarayim, Betèl,
23 Avvim, Para, Ophra,
Avim, Para, Ofra,
24 Kephar-Ammonaï, Ophni, epi Guéba; douz vil yo, avèk bouk pa yo.
Kefa amoni, Ofni, Geba. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
25 Gabaon, Rama, Beéroth,
Te gen tou Gabawon, Rama, Beewòt,
26 Mitspé, Kephira, Motsa,
Mizpe, Kefira, Mosa,
27 Rékem, Jirpeel, Thareala,
Rekèm, Jipeyèl, Tareala,
28 Tséla, Éleph, Jebus, ki se Jérusalem, Guibeath ak Kirjath; Sa se eritaj a fis Benjamin yo selon fanmi pa yo.
Sela-Elèf, Jebis ki vle di Jerizalèm, Gibeya ak Kiriyat. Sa te fè antou katòz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Benjamen yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.

< Jozye 18 >