< Jozye 17 >

1 Alò, sa se tiraj osò a pou Manassé, paske li te premye ne a Joseph. Pou Makir, premye ne a Manassé a, papa a Galaad ak Basan, paske li te yon nonm lagè.
و قسمت سبط منسی این شد، زیرا که او نخست زاده یوسف بود، و اما ماکیرنخست زاده منسی که پدر جلعاد باشد، چونکه مرد جنگی بود جلعاد و باشان به او رسید.۱
2 Epi tiraj osò a te fèt pou lòt fis Manassé yo selon fanmi pa yo: pou fis a Abiézer a, pou fis a Hélek la, pou fis a Asriel yo, e fis a Sichem yo, pou fis a Hépher yo ak pou fis a Schemida yo; sa yo se te desandan mesye a Manassé yo, fis a Joseph la selon fanmi pa yo.
وبرای پسران دیگر منسی به حسب قبایل ایشان قسمتی شد، یعنی برای پسران ابیعزر، و برای پسران هالک، و برای پسران اسرئیل، و برای پسران شکیم، و برای پسران حافر، و برای پسران شمیداع. اینان اولاد ذکور منسی بن یوسف برحسب قبایل ایشان می‌باشند.۲
3 Men Tselophchad, fis a Hépher a, fis a Galaad la, fis a Makir a, fis a Manassé a, pa t gen fis, men sèlman fi. Sila yo se non a fi li yo: Machla, Noa, Hogla, Milca ak Thirtsa.
و اما صلفحاد بن حافر بن جلعاد بن ماکیربن منسی را پسران نبود، بلکه دختران، و اینهاست نامهای دخترانش: محله و نوعه و حجله و ملکه وترصه.۳
4 Yo te vin pwoche Éléazar, prèt la, ak devan Josué, fis a Nun nan, ak devan chèf yo, e yo te di: “SENYÈ a te kòmande Moïse pou bannou yon eritaj pami frè nou yo.” Konsa, selon kòmand a SENYÈ a, li te ba yo yon eritaj pami frè a papa pa yo.
پس ایشان نزد العازار کاهن و نزد یوشع بن نون و نزد روسا آمده، گفتند که «خداوند موسی را امر فرمود که ملکی در میان برادران ما به مابدهد.» پس برحسب فرمان خداوند، ملکی درمیان برادران پدرشان به ایشان داد.۴
5 Pou sa, te vin tonbe dis pòsyon tè a Manassé, anplis, tout tè a Galaad ak Basan ki lòtbò Jourdain an,
و به منسی سوای زمین جلعاد و باشان که به آن طرف اردن واقع است، ده حصه رسید.۵
6 akoz fi a Manassé yo te resevwa yon eritaj pami fis li yo. Epi tè Galaad la te apatyen a lòt fis Manassé yo.
زیرا که دختران منسی، ملکی در میان پسرانش یافتند، و پسران دیگر منسی، جلعاد را یافتند.۶
7 Lizyè Manassé a te kouri soti Aser a Micmethath, ki nan lès a Sichem. Epi lizyè a te kouri vè sid pou rive kote pèp En-Tappuach yo.
و حد منسی از اشیر تا مکمته که مقابل شکیم است، بود، و حدش به طرف راست تا ساکنان عین تفوح رسید.۷
8 Tè Tappuach la te apatyen a Manassé; men Tappuach nan lizyè Manassé a te pou fis a Éphraïm yo.
و زمین تفوح از آن منسی بود، اماتفوح که به‌سرحد منسی واقع است از آن بنی افرایم بود.۸
9 Lizyè a te kouri desann rive nan ti rivyè Kana a, bò kote sid a rivyè a (vil sa yo se te pou Éphraïm pami vil a Manassé yo). Epi lizyè a Manassé a te nan kote nò a ti rivyè a e li te fè bout li nan lanmè.
و حدش به وادی قانه یعنی به طرف جنوب وادی برآمد، و این شهرها از میان شهرهای منسی، ملک افرایم بود، و حد منسی به طرف شمال وادی و انتهایش به دریا بود.۹
10 Kote sid la se te pou Éphraïm e kote nò a se te pou Manassé, lanmè a te lòt lizyè a. Yo te rive vè Aser nan nò e vè Issacar nan lès.
جنوب آن از آن افرایم، و شمال آن از آن منسی و دریا حد او بود، و ایشان به سوی شمال تااشیر و به سوی مشرق تا یساکار رسیدند.۱۰
11 Nan Issacar ak nan Aser, Manassé te gen Beth-Schean avèk bouk li yo, Jibleam avèk bouk li yo, pèp a Dor yo avèk bouk li yo, pèp a En-Dor yo avèk bouk li yo, pèp a Thaanac yo avèk bouk li yo, pèp a Meguiddo yo avèk bouk li yo e twazyèm nan se Napheth.
ومنسی در یساکار و در اشیر بیت‌شان وقصبه هایش، و یبلعام و قصبه هایش، و ساکنان دور و قصبه هایش، و ساکنان عین دور وقصبه هایش، و ساکنان تعناک و قصبه هایش، وساکنان مجدو و قصبه هایش، یعنی سه محال کوهستانی داشت.۱۱
12 Men fis Manassé yo pa t kab pran posesyon a vil sa yo akoz Kananeyen yo te pèsiste viv nan peyi sa a.
لیکن بنی منسی ساکنان آن شهرها را نتوانستند بیرون کنند، و کنعانیان جازم بودند که در آن زمین ساکن باشند.۱۲
13 Li te rive ke lè fis Israël yo te vin gen fòs, yo te mete Kananeyen yo nan travo fòse; men yo pa t chase yo deyò nèt.
و واقع شدکه چون بنی‌اسرائیل قوت یافتند، از کنعانیان جزیه گرفتند، لیکن ایشان را بالکل بیرون نکردند.۱۳
14 Alò, fis Joseph yo te pale avèk Josué e te di: “Poukisa mwen te resevwa yon sèl tiraj osò ak yon sèl pòsyon kòm eritaj, paske nou menm se yon pèp ki anpil ke jis koulye a SENYÈ a te beni anpil?”
و بنی یوسف یوشع را خطاب کرده، گفتند: «چرا یک قرعه و یک حصه فقط به من برای ملکیت دادی؟ و حال آنکه من قوم بزرگ هستم، چونکه خداوند تا الان مرا برکت داده است.»۱۴
15 Josué te di yo: “Si nou se yon pèp ki anpil, ale monte nan forè a pou netwaye yon plas pou nou la nan peyi Ferezyen avèk Rephaïm yo; akoz peyi ti kolin Éphraïm nan twò etwat pou nou.”
یوشع به ایشان گفت: «اگر تو قوم بزرگ هستی به جنگل برآی و در آنجا در زمین فرزیان ورفائیان برای خود مکانی صاف کن، چونکه کوهستان افرایم برای تو تنگ است.»۱۵
16 Epi fis Joseph yo te reponn: “Peyi ti kolin nan pa kont pou nou e tout Kananeyen yo ki rete nan plèn nan gen cha ki fèt an fè, ni sila ki nan Beth-Schean avèk bouk pa li yo ak sila ki nan vale Jizreel la.”
بنی یوسف گفتند: «کوهستان برای ما کفایت نمی کند، و جمیع کنعانیان که در زمین وادی ساکنند، ارابه های آهنین دارند، چه آنانی که دربیت‌شان و قصبه هایش، و چه آنانی که در وادی یزرعیل هستند.»۱۶
17 Josué te pale avèk lakay Joseph, a Éphraïm avèk Manassé e te di: “Nou se yon pèp ki anpil e ki gen gran pouvwa. Nou p ap gen yon sèl tiraj osò,
پس یوشع به خاندان یوسف یعنی به افرایم و منسی خطاب کرده، گفت: «توقوم بزرگ هستی و قوت بسیار داری، برای تو یک قرعه نخواهد بود.۱۷
18 men peyi ti kolin yo va vin pou nou. Men se yon forè ke li ye, nou va eklèsi li e lizyè ki pi lwen nan li yo va vin pou nou; paske nou va chase met deyò Kananeyen yo, malgre yo gen cha ki fèt an fè e malgre yo gen fòs.”
بلکه کوهستان نیز از آن توخواهد بود، و اگر‌چه آن جنگل است آن راخواهی برید، و تمامی حدودش مال تو خواهدبود زیرا که کنعانیان را بیرون خواهی کرد، اگر‌چه ارابه های آهنین داشته، و زورآور باشند.»۱۸

< Jozye 17 >