< Jozye 16 >

1 Tiraj osò fis a Joseph yo te sòti nan Jourdain vè Jéricho pou rive nan dlo a Jéricho yo, vè lès nan dezè a. Yo te monte soti Jéricho pou pase nan peyi ti kolin yo pou rive Béthel.
ויצא הגורל לבני יוסף מירדן יריחו למי יריחו מזרחה המדבר עלה מיריחו בהר בית אל׃
2 Li te sòti Béthel vè Luz pou te kontinye rive jis nan fwontyè Akiyen yo nan Atharoth.
ויצא מבית אל לוזה ועבר אל גבול הארכי עטרות׃
3 Li te kouri desann vè lwès nan teritwa a Jafletyen yo, jis rive nan teritwa pati Beth-Horon ki piba a, jis rive nan Guézer; epi li te fè bout li nan lanmè.
וירד ימה אל גבול היפלטי עד גבול בית חורן תחתון ועד גזר והיו תצאתו ימה׃
4 Fis a Joseph, Manassé avèk Éphraïm te resevwa eritaj pa yo.
וינחלו בני יוסף מנשה ואפרים׃
5 Men teritwa fis a Éphraïm yo selon fanmi pa yo: lizyè a eritaj pa yo, vè lès se te Atharoth-Addar, pou rive nan Wo Beth-Horon.
ויהי גבול בני אפרים למשפחתם ויהי גבול נחלתם מזרחה עטרות אדר עד בית חורן עליון׃
6 Epi lizyè a te vire nan lwès nan Micmethath nan nò; epi lizyè a te vire vè lès pou Thaanath-Silo e te kouri depase li nan lès a Janoach.
ויצא הגבול הימה המכמתת מצפון ונסב הגבול מזרחה תאנת שלה ועבר אותו ממזרח ינוחה׃
7 Li te vin desann soti nan Janoach a Ataroth, a Naaratha, li te rive nan Jéricho e te sòti nan Jourdain an.
וירד מינוחה עטרות ונערתה ופגע ביריחו ויצא הירדן׃
8 Soti nan Tappuach, lizyè a te kontinye vè lwès nan ti rivyè Kana a e te fè bout li nan lanmè. Sa se te eritaj a tribi fis Éphraïm yo selon fanmi pa yo,
מתפוח ילך הגבול ימה נחל קנה והיו תצאתיו הימה זאת נחלת מטה בני אפרים למשפחתם׃
9 avèk vil ki te mete apa pou fis Éphraïm yo nan mitan eritaj a fis Manassé yo, tout vil yo avèk bouk pa yo.
והערים המבדלות לבני אפרים בתוך נחלת בני מנשה כל הערים וחצריהן׃
10 Men yo pa t chase fè sòti Kananeyen ki te rete Guézer yo; epi pou sa, Kananeyen yo rete pami Éphraïm jis jodi a. Konsa, yo te vin ouvriye yo nan travay fòse.
ולא הורישו את הכנעני היושב בגזר וישב הכנעני בקרב אפרים עד היום הזה ויהי למס עבד׃

< Jozye 16 >