< Jozye 15 >

1 Koulye a, tiraj osò a pou tribi fis a Juda yo selon fanmi pa yo te rive nan lizyè Édom an, desann nan sid pou rive nan dezè Tsin nan pwent ki plis nan sid la.
Et les limites de la tribu de Juda, par familles, s'étendent au midi des confins de l'Idumée et du désert de Sin jusqu'à Cadès.
2 Lizyè sid la te sòti nan pwent piba nan Lamè Sale a, soti nan dlo ki vire vè sid la.
Puis, elles vont du côté du midi jusqu'aux bords de la mer Salée, du côté de la colline qui regarde le midi.
3 Konsa, li te kontinye vè sid pou rive nan pant Akrabbim nan. Li te kontinye a Tsin, li te monte vè sid a Kadès-Barnéa, e te kontinye nan Hesbron. Li te monte nan Addar e te vire tounen a Karkaa.
Et ensuite, elles passent devant les hauteurs d'Acrabin; elles contournent Séna; elles montent au midi de Cadès-Barné, elles sortent d'Asoron et montent à Sérada pour aller à l'occident de Cadès.
4 Li te pase vè Atsmon e te kontinye pou rive nan ti rivyè Égypte la. Konsa, lizyè a te fini nan lanmè a. Sa va lizyè sid nou.
Et elles sortent de Selmona; puis, elles traversent le pays jusqu'au torrent d'Egypte, et finissent à la mer. Telles sont les limites de Juda du coté du midi.
5 Lizyè lès la te Lamè Sale a soti nan bouch larivyè Jourdain an. Epi lizyè bò kote nò a te soti nan lanmè a nan bouch Jourdain an.
A l'orient, Juda a pour limite toute la mer Salée jusqu'au Jourdain. Et au nord, en partant du Jourdain et des collines de la mer Salée,
6 Epi lizyè a te monte vè Beth-Hogla, li te kontinye nan kote nò a Beth-Araba, epi lizyè a te monte nan wòch Bohan nan, fis a Ruben an.
Ses limites montent vers Bethaglaam; elles passent au nord de Betharaba; elles montent sur la roche de Béon, fils de Ruben;
7 Lizyè a te monte vè Debir soti nan vale a Acor a e te vire bò nò a vè Guilgal ki anfas pant pou rive Adummim, ki nan sid vale a, epi lizyè a te kontinye rive jis nan dlo a En-Schémesch pou te fini nan En-Roguel.
Elles côtoient le quart de la vallée d'Acbor; elles descendent vers Galgal, qui est en face de la colline d'Adammin au midi de la vallée; elles traversent les eaux de la fontaine du Soleil, elles aboutissent à la fontaine de Rhogel.
8 Konsa, lizyè a te monte nan vale Ben-Hinnon rive nan pant Jebizyen nan sid (sa vle di Jérusalem), epi lizyè a te monte sou pwent mòn nan ki pi devan vale Hinnon an vè lwès, ki nan dènye pwent vale Rephaïm nan vè nò.
Elles remontent ensuite la vallée d'Ennom, au-dessus de Jébus, la même que Jérusalem, qu'elles laissent au midi; puis, elles passent sur la cime des monts qui sont au couchant en face de la vallée d'Ennom, et au nord sur les confins de la contrée de Raphaïm.
9 Soti nan tèt mòn nan, lizyè a te koube pou rive nan sous ki rele dlo Nephtoach e te rive devan nan vil a Mòn Éphron an, epi lizyè a te vin koube pou rive nan Baala, (sa vle di, Kirjath-Jearim).
De ces sommités, la limite traverse les eaux de la fontaine Naphtho, puis le mont Ephron, d'où elle descend en Baala, la même que Cariathiarim.
10 Lizyè a te vire soti nan Baala vè lwès pou rive nan Mòn Séir, li te kontinye pou rive nan pant Mòn Jearim nan nò (sa vle di Kesalon). Li te desann nan Beth-Schémesch e li te pase nan Timnah.
Elle tourne au sortir de Baala vers l'occident; elle côtoie le mont Assa au nord, au-dessus de la ville d'Iarin, la même que Chaslon; elle descend vers la Ville du Soleil, qu'elle laisse au nord.
11 Lizyè a te kontinye rive akote Ékron vè nò. Epi lizyè a te koube rive nan Schicron, li te kontinye rive jis nan Mòn Baala, li te rive nan Jabneel, e li te fè bout nan lanmè a.
Ensuite, elle passe au nord au-dessus d'Accaron; puis, elle traverse Soccboth; puis, elle incline au midi; puis, elle passe vers Lebna, où elle finit à l'occident.
12 Lizyè a nan lwès la te nan kot Gran Lamè a. Sa se lizyè ki antoure fis Juda yo selon fanmi pa yo.
Et à l'occident la tribu de Juda a pour limite la grande mer elle-même. Telles sont les frontières qui entourent la tribu de Juda par familles.
13 Alò, li te bay a Caleb, fis Jephunné a, yon pòsyon pami fis Juda yo, selon kòmand a SENYÈ a vè Josué. Li te kon rele Kirjath-Arba, apre papa Anak (ki anplis kon rele, Hébron).
Et à Caleb, fils de Jephoné, il fut donné une part, au milieu des fils de Juda, par ordre du Seigneur; Josué lui donna la ville d'Arboc, métropole d'Enac, la même qu'Hébron.
14 Caleb te chase fè sòti la twa fis Anak yo: Schéschaï, Ahiman ak Talmaï, pitit a Anak yo.
Et Caleb, fils de Jephoné, y extermina les trois fils d'Enac: Susi, Tholami et Achima.
15 Konsa, li te monte soti la kont sila ki rete Debir yo. Debir oparavan te rele Kirjath-Sépher.
De là, Caleb partit pour attaquer les habitants de Dabir, qui était autrefois la Ville des Lettres (Cariath-Sépher).
16 Alò, Caleb te di: “Sila ki kaptire li a, mwen va bay li Acsa, fi mwen an, kòm madanm.”
Et Caleb dit: Celui qui prendra et réduira la Ville des Lettres et s'en rendra maître, je lui donnerai pour femme ma fille Ascha.
17 Othniel, fis a Kenaz la, frè Caleb la te kaptire li. Konsa, li te bay li Acsa, fi li a, kòm madanm.
Et Gothoniel, fils de Cénez, de la famille de Caleb, prit la ville, et Caleb lui donna pour femme sa fille Ascha.
18 Li te vin rive ke lè fi a te vin kote li, li te konvenk li pou mande papa li pou yon chan. Konsa, fi a te desann bourik la, e Caleb te di l: “Kisa ou vle?”
Pendant qu'elle s'en allait, elle se concerta avec lui, disant: Je demanderai un champ à mon père, et montée sur son âne elle cria, et Caleb lui dit: Qu'as-tu?
19 Epi li te di: “Beni mwen; Kòmsi, ou te ban mwen tè nan negev la, ban mwen sous dlo yo tou.” Konsa, li te ba li sous pi wo yo avèk sous anba yo.
Et elle lui dit: Accorde-moi un bienfait; tu m'as donné Nageb, donne- moi en outre un pâturage; et son père lui donna, avec Gonethla haute, Gonethla inférieure.
20 Sa se eritaj a tribi a fis Juda yo selon fanmi pa yo.
Voici l'héritage de la tribu de Juda.
21 Alò, vil nan tribi fis Juda yo, pi lwen vè fwontyè Édom an nan sid la te Kabsteel, Éder, avèk Jagur,
Leurs villes furent près des confins d'Edom, vers le désert: Beseléel, Ara et Asor,
22 epi Kina, Dimona, Adada
Icam, Rhegma et Aruel,
23 ak Kédesh, Hatsor, Ithnan,
Cadès, Asorionaïn et Ménam,
24 Ziph, Thélem, Bealòth,
Balmenan et ses villages,
25 Hatsor-Hadattha, Kerijoth-Hetsron ki se Hatsor,
Et Aseron, nommée aussi Asor,
26 Amam, Schema, Molada,
Sen, Salmaa et Molada,
27 Hatsar-Gadda, Heschmon, Beth-Paleth,
Séri et Bepbalath,
28 Hatsar-Schual, Beer-Schéba, Bizjothja
Cholaséola, Bersabée, leurs villages et leurs hameaux;
29 Baala, Ijjim, Atsem,
Bala, Bacoc et Asom,
30 Eltholad, Kesil, Horma,
Elbudad, Béthel et Henna,
31 Tsiklag, Madmanna, Sansanna,
Sécelac, Macharim et Séthennac,
32 Lebaoth, Schilhim, Aïn, avèk Rimmon. Antou, vent-nèf vil avèk bouk pa yo.
Labos, Sala et Eromoth: vingt-neuf villes avec leurs villages;
33 Nan ba plèn nan: Eschathaol, Tsorea, Aschna,
Dans la plaine: Astaol, Rhaa et Assa,
34 Zanoach, En-Gannim, Tappuach, Énam,
Rhamen, Tano, Ilouthoth et Méani,
35 Jarmuth, Adullam, Soco, Azéka,
Jermuth, Odollam, Membra, Saocho et Jazéca,
36 Schaaraïm, Adithaïm, Guedéra, avèk Guedérothaïm; katòz vil avèk bouk pa yo.
Sacarim, Gadera et leurs villages: quatorze villes et leurs villages;
37 Tsenan, Hadascha, Migdal-Gad,
Senna, Adasan et Magadalgad,
38 Dilèan, Mitspé, Joktheel,
Dalad, Maspha et Jacharéel,
39 Lakis, Botskath, Églon,
Basedoth et Idéadaléa,
40 Cabbon, Lachmas, Kithlisch,
Chabré, Machès et Maachos,
41 Guedéroth, Beth-Dagon, Naama, avèk Makkéda; sèz vil avèk bouk pa yo.
Geddor, Bagadiel, Noman et Machédan: seize villes et leurs villages;
42 Libna, Éther, Aschan,
Lebna, Ithac et Anoch,
43 Jiphatach, Aschna, Netsib,
Jana et Nasib,
44 Keïla, Aczib ak Maréscha; nèf vil avèk bouk pa yo.
Céilam, Aciézi, Césib, Bathésar et Elom: dix villes et leurs villages;
45 Ékron, avèk vil li yo ak bouk pa li yo;
Accaron et ses villages et leurs hameaux;
46 soti nan Ékron menm pou rive nan lanmè a, tout sa ki te menm kote avèk Asdod avèk bouk pa li yo.
Après Accaron, Gemna et toutes les villes qui sont près d'Asedoth et leurs villages;
47 Asdod, vil pa li yo avèk bouk yo; Gaza, vil pa li yo avèk bouk yo; jis rive nan ti rivyè Égypte la avèk akote Gran Lamè a, menm.
Asiédoth et ses villages et ses hameaux, Gaza et ses villages et ses hameaux, jusqu'au torrent d'Egypte; la grande mer est sa limite;
48 Nan peyi ti kolin yo: Schamir, Jatthir, Soco,
Et dans les montagnes: Samir, Jéther et Socha,
49 Danna, kirjath-Sanna, ki se Debir,
Rhenna et la Ville des Lettres, la même que Dabir,
50 Anab, Eschthemo, Anim,
Anon, Es, Man et Esam,
51 Gosen, Holon, avèk Guilo, onz vil avèk bouk pa yo.
Gosom, Chalu, Channa et Gélom: onze villes et leurs villages;
52 Arab, Duma, Éschean
Erem, Rhemna et Soma,
53 Janum, Beth-Tappuach, Aphéka,
Jemaïm, Béthachu et Phacua,
54 Humta, Kirjath-Arba, ki se Hébron, avèk Tsior; nèf vil avèk bouk pa yo.
Eyma, Cariath-Arboc, la même qu'Hébron et Soraïth: onze villes et leurs villages;
55 Maon, Carmel, Ziph, Juta,
Maor, Carmel, Ozib et Itan,
56 Jizreel, Jokdeam, Zanoach,
Jariel, Aricam et Zacanaïm,
57 Kaïn, Guibea, avèk Thimna; dis vil avèk bouk pa yo.
Gabaa et Thamnatha: neuf villes et leurs villages;
58 Halhul, Beth-Tsur, Guedor,
Elua, Bethsur et Geddon,
59 Maarath, Beth-Anoth, avèk Elthekon; sis vil avèk bouk pa yo.
Magaroth, Béthanam et Thécum: six villes et leurs villages;
60 Kirjath-Baal, ki se Kirjath-Jearim ak Rabba; de vil avèk bouk pa yo.
Théco, Ephrata, la même que Bethléem, Phagor, Etan, Culon, Tatam, Thobès, Carem, Galem, Théther et Manocho: onze villes et leurs villages; Cariath- Baal, la même que Cariathiarim et Sothéba: deux villes et leurs villages;
61 Nan dezè a: Beth-Araba, Middin, Secaca,
Baddargis, Tharabaam et Enon,
62 Nibschan, Ir-Hammélach ak En-Guédi; sis vil avèk bouk pa yo.
Et Eochiosa et Naphlazon, et les villes de Sadon et d'Ancadès: sept villes et leurs villages.
63 Alò, pou Jebizyen yo, moun ki te rete Jérusalem yo, fis Juda yo pa t kapab chase yo ale; pou sa, Jebizyen yo rete pami fis Juda yo jis rive jodi a.
Or, le Jébuséen habitait Jérusalem, et les fils de Juda ne purent les détruire; les Jébuséens ont ainsi demeuré en Jérusalem jusqu'à ce jour.

< Jozye 15 >