< Jozye 11 >

1 Epi li te vin rive ke lè Jabin, wa Hatsor a, te tande koze a, li te voye kote Jobab, wa Madon an, kote wa Schimron ak kote wa Acschaph,
ויהי כשמע יבין מלך חצור וישלח אל יובב מלך מדון ואל מלך שמרון ואל מלך אכשף׃
2 ak wa ki te nan nò nan peyi kolin yo ak nan Araba a—-plis nan sid a Kinnéreth, nan ba plèn nan ak sou wotè a Dor nan lwès,
ואל המלכים אשר מצפון בהר ובערבה נגב כנרות ובשפלה ובנפות דור מים׃
3 vè Kananeyen yo nan lès ak nan lwès, Amoreyen yo, Etyen yo, Ferezyen yo ak Jebizyen yo nan peyi kolin yo ak Evyen yo nan pye Mòn Hermon nan peyi Mitspa a.
הכנעני ממזרח ומים והאמרי והחתי והפרזי והיבוסי בהר והחוי תחת חרמון בארץ המצפה׃
4 Yo te sòti, yo menm avèk tout lame yo avèk yo, fòs kantite moun tankou grenn sab bò lanmè, avèk anpil cheval ak cha.
ויצאו הם וכל מחניהם עמם עם רב כחול אשר על שפת הים לרב וסוס ורכב רב מאד׃
5 Tout wa sila yo te reyini. Yo te vin fè kan an ansanm vè dlo a Mérom yo pou goumen kont Israël.
ויועדו כל המלכים האלה ויבאו ויחנו יחדו אל מי מרום להלחם עם ישראל׃
6 Alò, SENYÈ a te di a Jousé: “Pa pè akoz yo menm, paske demen nan lè sa a, mwen va livre yo tou mouri devan Israël. Nou va koupe jarèt cheval yo e brile cha yo avèk dife.”
ויאמר יהוה אל יהושע אל תירא מפניהם כי מחר כעת הזאת אנכי נתן את כלם חללים לפני ישראל את סוסיהם תעקר ואת מרכבתיהם תשרף באש׃
7 Konsa, Jousé avèk tout moun lagè yo te parèt sou yo sibitman toupre dlo Mérom yo pou atake yo.
ויבא יהושע וכל עם המלחמה עמו עליהם על מי מרום פתאם ויפלו בהם׃
8 SENYÈ a te livre yo nan men Israël pou yo te genyen yo. Yo te kouri dèyè yo jis rive nan Gran Sidon, ak Misrepoth-Maïm avèk vale a Mitspa nan lès. Yo te frape yo jiskaske pèsòn pa t viv ladan yo.
ויתנם יהוה ביד ישראל ויכום וירדפום עד צידון רבה ועד משרפות מים ועד בקעת מצפה מזרחה ויכם עד בלתי השאיר להם שריד׃
9 Josué te fè yo jan SENYÈ a te pale li a. Li te koupe jarèt cheval yo, e brile cha yo avèk dife.
ויעש להם יהושע כאשר אמר לו יהוה את סוסיהם עקר ואת מרכבתיהם שרף באש׃
10 Epi Josué te retounen fè bak nan moman sa a pou te kaptire Hatsor e frape wa li a avèk nepe. Paske Hatsor, oparavan, te chèf an tèt tout wayòm sila yo.
וישב יהושע בעת ההיא וילכד את חצור ואת מלכה הכה בחרב כי חצור לפנים היא ראש כל הממלכות האלה׃
11 Yo te frape tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Yo te detwi yo nèt. Pa t gen pèsòn ki te rete ap respire. Epi li te brile Hatsor avèk dife.
ויכו את כל הנפש אשר בה לפי חרב החרם לא נותר כל נשמה ואת חצור שרף באש׃
12 Josué te kaptire tout vil a wa sila yo, ak tout wa yo. Li te frape yo avèk lam nepe e li te detwi yo nèt, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a te kòmande a.
ואת כל ערי המלכים האלה ואת כל מלכיהם לכד יהושע ויכם לפי חרב החרים אותם כאשר צוה משה עבד יהוה׃
13 Sepandan, Israël pa t brile okenn nan vil ki te kanpe sou pwòp ti mòn pa yo, sof ke Hatsor sèl, ke Josué te brile.
רק כל הערים העמדות על תלם לא שרפם ישראל זולתי את חצור לבדה שרף יהושע׃
14 Tout piyaj lakay sila yo ak bèt yo, fis Israël yo te pran yo kòm byen sezi pa yo. Men yo te frape tout moun avèk lam nepe jiskaske yo te detwi yo. Yo pa t kite pèsòn respire.
וכל שלל הערים האלה והבהמה בזזו להם בני ישראל רק את כל האדם הכו לפי חרב עד השמדם אותם לא השאירו כל נשמה׃
15 Jis jan SENYÈ a te kòmande Moïse, sèvitè li a, konsa Moïse te kòmande Josué, e konsa Josué te fè. Li pa t kite anyen pa fèt nan tout sa ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
כאשר צוה יהוה את משה עבדו כן צוה משה את יהושע וכן עשה יהושע לא הסיר דבר מכל אשר צוה יהוה את משה׃
16 Konsa, Josué te pran tout teritwa sa a: peyi ti kolin yo ak tout Negev la, tout peyi Gosen nan, ba plèn nan, Araba a, peyi ti kolin Israël la ak ba plèn li,
ויקח יהושע את כל הארץ הזאת ההר ואת כל הנגב ואת כל ארץ הגשן ואת השפלה ואת הערבה ואת הר ישראל ושפלתה׃
17 soti nan Mòn Halak ki leve vè Séir, menm jis rive lwen nan Baal-Gad nan vale Liban nan pye Mòn Hermon. Konsa, li te kaptire tout wa yo, li te frape yo ba e te mete yo a lanmò.
מן ההר החלק העולה שעיר ועד בעל גד בבקעת הלבנון תחת הר חרמון ואת כל מלכיהם לכד ויכם וימיתם׃
18 Josué te pouswiv lagè pandan anpil tan avèk tout wa sa yo.
ימים רבים עשה יהושע את כל המלכים האלה מלחמה׃
19 Pa t gen yon vil ki te fè lapè avèk fis Israël yo, sof ke Evyen ki te rete Gabaon yo. Se nan batay menm yo te pran yo.
לא היתה עיר אשר השלימה אל בני ישראל בלתי החוי ישבי גבעון את הכל לקחו במלחמה׃
20 Paske se te volonte SENYÈ a pou yo ta fè kè yo vin di, pou yo te rankontre Israël nan batay, pou Li ta kapab detwi yo nèt, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.
כי מאת יהוה היתה לחזק את לבם לקראת המלחמה את ישראל למען החרימם לבלתי היות להם תחנה כי למען השמידם כאשר צוה יהוה את משה׃
21 Josué te vini nan tan sa a, e li te koupe Anakim yo nan peyi ti kolin yo, soti Hébron, soti Debir, soti Anab ak tout peyi ti kolin nan Juda yo e soti nan tout peyi ti kolin an Israël yo. Josué te detwi yo nèt avèk vil yo.
ויבא יהושע בעת ההיא ויכרת את הענקים מן ההר מן חברון מן דבר מן ענב ומכל הר יהודה ומכל הר ישראל עם עריהם החרימם יהושע׃
22 Pa t gen Anakim ki te rete nan peyi fis Israël yo. Sèlman nan Gaza, nan Gath ak nan Asdod kèk te rete.
לא נותר ענקים בארץ בני ישראל רק בעזה בגת ובאשדוד נשארו׃
23 Konsa, Josué te pran tout peyi a, selon tout sa ke SENYÈ a te pale a Moïse yo; epi Josué te bay li kòm eritaj a Israël selon divizyon pa yo selon tribi pa yo. Konsa, peyi a te gen repo kont lagè a.
ויקח יהושע את כל הארץ ככל אשר דבר יהוה אל משה ויתנה יהושע לנחלה לישראל כמחלקתם לשבטיהם והארץ שקטה ממלחמה׃

< Jozye 11 >