< Jozye 10 >
1 Alò, li te vin rive ke lè Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te tande ke Josué te kapte Aï e te detwi li nèt (jis jan ke li te fè Jéricho avèk wa li a, konsa li te fè Aïavèk wa li a), e ke pèp Gabaon an te fè lapè avèk Israël e yo te rete nan mitan yo,
耶路撒冷王亚多尼·洗德听见约书亚夺了艾城,尽行毁灭,怎样待耶利哥和耶利哥的王,也照样待艾城和艾城的王,又听见基遍的居民与以色列人立了和约,住在他们中间,
2 ke li te vin pè anpil, akoz Gabaon te yon gran vil tankou youn nan vil wayal yo, epi akoz li te pi gran ke Aï e tout gason li yo te pwisan.
就甚惧怕;因为基遍是一座大城,如都城一般,比艾城更大,并且城内的人都是勇士。
3 Pou sa, Adoni-Tsédek, wa Jérusalem nan te voye Hoham, wa Hébron an ak Piream, wa Jarmuth ak Japhia, wa Lakis avèk Debir, wa Eglon an, e te di:
所以耶路撒冷王亚多尼·洗德打发人去见希伯 王何咸、耶末王毗兰、拉吉王雅非亚,和伊矶伦王底璧,说:
4 “Vin monte kote mwen pou ede m. Annou atake Gabaon, paske yo te fè lapè avèk Josué e avèk fis Israël yo.”
“求你们上来帮助我,我们好攻打基遍,因为他们与约书亚和以色列人立了和约。”
5 Konsa, senk wa Amoreyen yo, wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an te monte, yo menm avèk tout lame yo, yo te fè kan akote Gabaon pou te goumen kont li.
于是五个亚摩利王,就是耶路撒冷王、希伯 王、耶末王、拉吉王、伊矶伦王,大家聚集,率领他们的众军上去,对着基遍安营,攻打基遍。
6 Mesye Gabaon yo te voye kote Josué kote kan Guilgal la, e te di: “Pa abandone sèvitè ou yo; vin monte kote nou pou ede nou; paske tout wa Amoreyen ki rete nan peyi kolin yo te vin rasanble kont nou.”
基遍人就打发人往吉甲的营中去见约书亚,说:“你不要袖手不顾你的仆人,求你速速上来拯救我们,帮助我们,因为住山地亚摩利人的诸王都聚集攻击我们。”
7 Alò, Josué te monte soti Guilgal, li menm ansanm ak tout moun lagè yo ak tout gèrye vanyan yo.
于是约书亚和他一切兵丁,并大能的勇士,都从吉甲上去。
8 SENYÈ a te di a Josué: “Pa pè yo, paske Mwen te mete yo nan men ou. Pa menm youn nan yo va kanpe devan ou.”
耶和华对约书亚说:“不要怕他们;因为我已将他们交在你手里,他们无一人能在你面前站立得住。”
9 Konsa, Josué te parèt sou yo sibitman akoz yo te mache nan nwit lan soti Guilgal.
约书亚就终夜从吉甲上去,猛然临到他们那里。
10 Epi SENYÈ a te fè yo fè dega devan Israël. Li te touye yo avèk yon gwo masak nan Gabaon, Li te kouri dèyè yo nan chemen pant Beth-Horon e Li te frape yo jis rive Azéka, avèk Makkéda.
耶和华使他们在以色列人面前溃乱。约书亚在基遍大大地杀败他们,追赶他们,在伯·和 的上坡路击杀他们,直到亚西加和玛基大。
11 Pandan yo t ap sove ale devan Israël, pandan yo t ap desann pant Beth-Horon an, SENYÈ a te voye gwo wòch sòti nan syèl la sou yo jis rive Azéka, e yo te mouri. Pifò nan yo te mouri akoz gwo lagrèl ke sila ke fis Israël yo te touye avèk lam nepe yo.
他们在以色列人面前逃跑,正在伯·和 下坡的时候,耶和华从天上降大冰雹在他们身上,直降到亚西加,打死他们。被冰雹打死的,比以色列人用刀杀死的还多。
12 Konsa, Josué te pale avèk SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te livre Amoreyen yo devan fis Israël yo. Li te pale devan tout zye a fis Israël yo: “O solèy, kanpe an plas sou Gabaon! Epi lalin nan, rete la, nan vale Ajalon!”
当耶和华将亚摩利人交付以色列人的日子,约书亚就祷告耶和华,在以色列人眼前说: 日头啊,你要停在基遍; 月亮啊,你要止在亚雅 谷。
13 Alò, solèy la te kanpe e lalin nan pa t deplase Jiskaske nasyon an te fè revandikasyon an yo menm, sou lènmi yo. Èske sa pa ekri nan liv Jaser a? Solèy la te rete nan mitan syèl la e li pa t deplase pandan anviwon yon jou konplè.
于是日头停留,月亮止住, 直等国民向敌人报仇。 这事岂不是写在雅煞珥书上吗?日头在天当中停住,不急速下落,约有一日之久。
14 Pa t gen jou tankou sila a ni devan li, ni apre li, lè SENYÈ a te koute vwa a yon moun; paske SENYÈ a te goumen pou Israël.
在这日以前,这日以后,耶和华听人的祷告,没有像这日的,是因耶和华为以色列争战。
15 Konsa, Josué avèk tout Israël avèk li te retounen nan kan an Guilgal.
约书亚和以色列众人回到吉甲的营中。
16 Men senk wa sila yo te sove ale pou te kache kò yo nan gwòt Makkéda a.
那五王逃跑,藏在玛基大洞里。
17 Li te pale a Jousé ke: “Senk wa yo te twouve kache nan gwòt Makkéda a.”
有人告诉约书亚说:“那五王已经找到了,都藏在玛基大洞里。”
18 Josué te di: “Woule gwo wòch yo kont bouch gwòt la; epi mete mesye yo veye l,
约书亚说:“你们把几块大石头滚到洞口,派人看守,
19 men pa rete nou menm. Swiv lènmi nou yo pou atake yo pa dèyè. Pa kite yo antre nan vil yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, te livre yo nan men nou.”
你们却不可耽延,要追赶你们的仇敌,击杀他们尽后边的人,不容他们进自己的城邑,因为耶和华—你们的 神已经把他们交在你们手里。”
20 Li te vin rive ke lè Josué avèk fis Israël yo te fin touye yo avèk yon gwo masak, jiskaske yo tout te fin detwi e sila ki te chape yo, yo te antre nan vil fòtifye yo,
约书亚和以色列人大大杀败他们,直到将他们灭尽;其中剩下的人都进了坚固的城。
21 pou tout pèp la te retounen nan kan an kote Josué nan Makkéda anpè. Pèsòn pa t pale yon mo kont fis Israël yo.
众百姓就安然回玛基大营中,到约书亚那里。没有一人敢向以色列人饶舌。
22 Epi Jousé te di: “Ouvri bouch gwòt la e mennen senk wa sa yo sòti nan gwòt la.”
约书亚说:“打开洞口,将那五王从洞里带出来,领到我面前。”
23 Se konsa yo te fè, yo te mennen senk wa sila yo soti deyò gwòt la: wa Jérusalem nan, wa Hébron an, wa Jarmuth lan, wa Lakis la ak wa Eglon an.
众人就这样行,将那五王,就是耶路撒冷王、希伯 王、耶末王、拉吉王、伊矶伦王,从洞里带出来,领到约书亚面前。
24 Lè yo te mennen wa sa yo sòti kote Josué, Josué te rele tout mesye Israël yo. Li te di a chèf gèrye yo ki te ale avèk l, “Vin mete pye nou sou kou a wa sa yo.” Epi yo te vini epou te mete pye yo sou kou yo.
带出那五王到约书亚面前的时候,约书亚就召了以色列众人来,对那些和他同去的军长说:“你们近前来,把脚踏在这些王的颈项上。”他们就近前来,把脚踏在这些王的颈项上。
25 Epi Josué te di yo: “Pa pè, ni dekouraje! Kenbe fèm e pran kouraj, paske konsa SENYÈ a va fè a tout lènmi nou yo lè yo goumen avèk nou.”
约书亚对他们说:“你们不要惧怕,也不要惊惶。应当刚强壮胆,因为耶和华必这样待你们所要攻打的一切仇敌。”
26 Epi answit, Josué te frape yo e te mete yo a lanmò, epi te pann yo sou senk pyebwa. Yo te pann sou bwa yo jis rive nan aswè.
随后约书亚将这五王杀死,挂在五棵树上。他们就在树上直挂到晚上。
27 Li te rive nan lè solèy kouche ke Josué te bay yon kòmand pou yo te desann yo nan pyebwa yo, e jete yo nan gwòt kote yo te kache kò yo a. Yo te mete gwo wòch sou bouch gwòt la, ki la jis jodi a.
日头要落的时候,约书亚一吩咐,人就把尸首从树上取下来,丢在他们藏过的洞里,把几块大石头放在洞口,直存到今日。
28 Alò, Josué te kaptire Makkéda nan jou sa a. Li te frape l, ansanm ak wa li a avèk lam nepe. Li te konplètman detwi li ak tout moun ki te ladann. Li pa t kite pèsòn vivan. Konsa li te fè a wa Makkéda a, jis jan ke li te fè a wa Jéricho a.
当日,约书亚夺了玛基大,用刀击杀城中的人和王;将其中一切人口尽行杀灭,没有留下一个。他待玛基大王,像从前待耶利哥王一样。
29 Epi Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti Makkéda a Libna pou te goumen kont Libna.
约书亚和以色列众人从玛基大往立拿去,攻打立拿。
30 SENYÈ a te bay Libna tou ansanm ak wa li nan men Israël. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan ladann. Konsa li te fè a wa a li menm bagay ke li te fè a wa Jéricho a.
耶和华将立拿和立拿的王也交在以色列人手里。约书亚攻打这城,用刀击杀了城中的一切人口,没有留下一个。他待立拿王,像从前待耶利哥王一样。
31 Konsa, Josué avèk tout Israël avèk li te pase soti nan Libna a Lakis. Yo te fè kan kontra li e te goumen kont li.
约书亚和以色列众人从立拿往拉吉去,对着拉吉安营,攻打这城。
32 SENYÈ a te bay Lakis nan men Israël. Li te kaptire li nan dezyèm jou a. Li te frape li ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe, jis jan ke li te fè a Libna a.
耶和华将拉吉交在以色列人的手里。第二天约书亚就夺了拉吉,用刀击杀了城中的一切人口,是照他向立拿一切所行的。
33 Alò Horam, wa Guézer a, te monte pou ede Lakis. Jousé te bat li ak pèp li a jiskaske li pa t kite moun vivan.
那时基色王荷兰上来帮助拉吉,约书亚就把他和他的民都击杀了,没有留下一个。
34 Konsa, Josué avèk tout Israël te kite Lakis pou Églon; Yo te fè kan kontra li e te goumen kont li.
约书亚和以色列众人从拉吉往伊矶伦去,对着伊矶伦安营,攻打这城。
35 Yo te kaptire li nan jou sila a e te frape li avèk lam nepe. Nan jou sa a, li te konplètman detwi tout moun ki te ladann, jis jan li te fè a Lakis la.
当日就夺了城,用刀击杀了城中的人。那日,约书亚将城中的一切人口尽行杀灭,是照他向拉吉一切所行的。
36 Alò, Josué avèk tout Israël avèk li te monte soti Églon a Hébron, epi yo te goumen kont li.
约书亚和以色列众人从伊矶伦上希伯 去,攻打这城,
37 Yo te kaptire li, frape li ak wa li a avèk tout vil li yo ak tout moun ki te ladann avèk lam nepe. Li pa t kite pèsòn vivan, jis jan li te fè Eglon an. Li te konplètman detwi li avèk tout moun ki te ladann.
就夺了希伯 和属希伯 的诸城邑,用刀将城中的人与王,并那些城邑中的人口,都击杀了,没有留下一个,是照他向伊矶伦所行的,把城中的一切人口尽行杀灭。
38 Epi Josué avèk tout Israël avèk li te retounen a Debir pou yo te goumen kont li.
约书亚和以色列众人回到底璧,攻打这城,
39 Li te kaptire li avèk wa li a, ak tout vil li yo. Yo te frape yo avèk lam nepe e te detwi yo nèt tout moun ladann. Li pa t kite moun vivan. Jis jan ke li te fè Hébron an, konsa li te fè Debir avèk wa li a e li te osi fè nan Libna avèk wa li a.
就夺了底璧和属底璧的城邑,又擒获底璧的王,用刀将这些城中的人口尽行杀灭,没有留下一个。他待底璧和底璧王,像从前待希伯 和立拿与立拿王一样。
40 Konsa, Josué te frape tout peyi a, peyi kolin yo avèk Negev la ak bas plèn nan avèk pant yo ak tout wa yo. Li pa t kite moun vivan, men li te konplètman detwi tout moun ki te gen souf lavi, jis jan ke SENYÈ a, Bondye a Israël la, te kòmande a.
这样,约书亚击杀全地的人,就是山地、南地、高原、山坡的人,和那些地的诸王,没有留下一个。将凡有气息的尽行杀灭,正如耶和华—以色列的 神所吩咐的。
41 Josué te frape yo soti Kadès-Barnéa, jis rive Gaza.
约书亚从加低斯·巴尼亚攻击到迦萨,又攻击歌珊全地,直到基遍。
42 Jousé te kaptire tout wa sila yo avèk peyi yo nan yon sèl kou, akoz SENYÈ a, Bondye a Israël la, te goumen pou Israël.
约书亚一时杀败了这些王,并夺了他们的地,因为耶和华—以色列的 神为以色列争战。
43 Epi Josué ak tout Israël avèk li te retounen nan kan Guilgal la.
于是约书亚和以色列众人回到吉甲的营中。