< Jan 9 >

1 Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.
ישוע עבר בדרך וראה איש שהיה עיוור מלידה.
2 Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa paran li yo pou li ta fèt avèg?”
”רבי, “שאלו תלמידיו,”מדוע נולד האיש עיוור, בגלל חטאיו שלו או של הוריו?“
3 Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li.
”לא בגלל חטאיו ולא בגלל חטאי הוריו“, השיב ישוע.”אדם זה נולד עיוור על־מנת שאלוהים יוכל לגלות בו את כוחו וגבורתו.
4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.
עלינו למהר לעשות לאור היום את מה שהטיל עלינו שולחי, כי תוך זמן קצר יבוא הלילה, ואז לא יוכל איש לעשות דבר.
5 Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se limyè lemonn.”
כל עוד אני בעולם, אני אור העולם – אני מעניק לו את אורי.“
6 Lè L di sa, Li krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li.
ישוע ירק על הארץ, עשה משחה מהרוק ומרח אותה על עיני העיוור.
7 Li te di l: “Ale lave nan basen Siloé a” (ki te vle di “Ranvoye”). Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.
”לך לשטוף את עיניך בבריכת השילוח“, אמר לו ישוע. העיוור הלך לשטוף את עיניו ושב למקום בעיניים פקוחות ובריאות.
8 Vwazen yo ak sa yo ki te konn wè l lè l te konn mande charite, t ap di, “Se pa li menm ki te konn chita mande a?”
שכנים ואנשים שהכירו אותו כקבצן עיוור שאלו זה את זה:”האם זהו אותו קבצן עיוור?“
9 Lòt t ap di: “Se li menm”, men lòt toujou te di “Non, men li byen sanble li”. Li menm t ap di toujou, “Mwen menm se li”.
אחדים השיבו:”כן.“ואחדים אמרו:”לא. לא ייתכן שזהו אותו אדם“, הרהרו בקול.”אבל הוא באמת דומה לו כשתי טיפות מים!“הקבצן בא לעזרתם וקרא”אני האיש!“
10 Pou sa yo te di li: “Ebyen, kijan zye ou te louvri?”
”כיצד אתה יכול לראות? מה קרה לך?“שאלו.
11 Li te reponn yo: “Nonm nan yo rele Jésus a te fè labou epi te fè yon onksyon pou zye m, epi Li di mwen: ‘Ale nan Siloé a epi lave’. Konsa, Mwen te ale lave, epi mwen te wè.”
והקבצן סיפר להם:”אדם בשם ישוע מרח משחה על עיני, ואמר לי לשטוף אותן בבריכת השילוח. עשיתי כדבריו ואני יכול לראות!“
12 Yo te mande li: “Kote Li?” Li te reponn yo: “Mwen pa konnen”.
”היכן האיש הזה עכשיו?“שאלו האנשים.”איני יודע“, השיב הקבצן.
13 Yo te mennen sila a ki te avèg la devan Farizyen yo.
ואז הם לקחו את הקבצן אל הפרושים
14 Alò, se te nan jou Saba ke Jésus te fè ajil la e te louvri zye li.
(כל זה התרחש בשבת).
15 Ankò konsa, Farizyen yo t ap mande li kijan li te vin wè, epi li te di yo: “Li aplike ajil sou zye m, e mwen te lave, e mwen wè”.
”כיצד נפקחו עיניך?“שאלו הפרושים. והקבצן סיפר להם כיצד ישוע מרח משחה על עיניו ושלחו לשטוף אותן בבריכת השילוח.
16 Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li pa kenbe Saba a.” Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.
אחדים מהפרושים החליטו:”האיש הזה, ישוע, אינו יכול לבוא מן האלוהים, מאחר שאין הוא שומר את השבת.“אחרים טענו:”אבל כיצד יכול אדם חוטא לחולל ניסים כאלה?“מחלוקת קשה התפתחה ביניהם.
17 Ankò, yo te di a moun avèg la: “Kisa ou di pou Li, konsi se Li menm ki ouvri zye ou yo?” Li te di: “Li se yon pwofèt.”
הפרושים פנו אל הקבצן ושאלו:”מה דעתך על האיש שריפא אותך?“”אני חושב שהוא נביא שנשלח על־ידי אלוהים“, השיב הקבצן.
18 Jwif yo pa t kwè ke li te avèg pou l te vin wè, jis lè yo rele paran a sila a ki te resevwa vizyon li.
מנהיגי היהודים לא האמינו שהקבצן היה באמת עיוור ושעתה נרפא, ומשום כך הלכו לברר את הדבר אצל הוריו.
19 Yo te kesyone yo konsa e te mande: “Èske sa se pitit ou, ke ou di te fèt avèg la? Ebyen, kijan li wè koulye a?”
”האם זהו בנכם?“שאלו.”האם הוא באמת נולד עיוור? אם כן, כיצד הוא יכול לראות עתה?“
20 Paran li te reponn yo epi te di: “Nou konnen ke sa se pitit nou, e ke li te fèt avèg.
אולם ההורים השיבו:”אנחנו יודעים כי זהו בננו וכי נולד עיוור,
21 Men kijan li wè koulye a, nou pa konnen. Mande li. Li rive sou laj li. Li ka pale pou kont li.”
אך איננו יודעים כיצד הוא יכול לראות, או מי ריפא אותו. הוא אדם מבוגר ויכול לדבר בעד עצמו“, שאלו אותו.
22 Paran li te pale konsa paske yo te krent Jwif yo. Pwiske Jwif yo te deja dakò ke si nenpòt moun te konfese L kon Kris la, yo ta mete l deyò nan sinagòg la.
ההורים ענו כך כי חששו ממנהיגי היהודים, אשר איימו לגרש מקהל ישראל את כל המודה שישוע הוא המשיח.
23 Pou rezon sa a, paran li yo te di: “Li rive sou laj li. Mande li.”
24 Konsa yon dezyèm fwa yo te rele nonm nan ki te avèg la, epi te di li: “Bay glwa a Bondye, nou konnen ke mesye sa a se yon pechè.”
שוב קראו היהודים לקבצן שהיה עיוור ואמרו:”עליך להודות לאלוהים ולא לישוע, כי כולנו יודעים שהוא איש חוטא.“
25 Pou sa, li reponn yo: “Si L se yon pechè, mwen pa konnen, men yon bagay mwen konnen. Ke m te avèg, e koulye a mwen wè.”
”איני יודע אם הוא חוטא או לא, “השיב הקבצן,”אבל דבר אחד אני יודע: הייתי עיוור ועכשיו אני רואה!“
26 Yo te mande l konsa: “Kisa Li te fè ou? Kijan Li te ouvri zye ou?”
”מה הוא עשה? כיצד ריפא אותך?“דרשו.
27 Li te reponn yo: “Mwen te di nou sa deja, men nou pa t koute m. Poukisa nou vle tande sa ankò? Èske nou vle vin disip Li yo tou?”
”כבר סיפרתי לכם. האם לא שמעתם? מדוע אתם מבקשים שאספר לכם בשנית, האם גם אתם רוצים להיות תלמידיו?“שאל הקבצן.
28 Konsa, yo te joure li e te di: “Ou se disip Li, men nou se disip a Moïse.
הם קללו אותו ואמרו:”אתה תלמידו! אנחנו תלמידיו של משה רבנו!
29 Nou konnen ke Bondye te pale a Moïse, men pou mesye sila a, nou pa konnen kote Li sòti.”
אנחנו יודעים שאלוהים דיבר אל משה, אבל איננו יודעים דבר על האיש הזה.“
30 Mesye a te reponn yo e te di: “Men yon choz byen etonan. Ke nou pa konnen kote Li sòti, men Li te ouvri zye mwen.
”מוזר מאוד שאינכם יודעים דבר על אודות האיש שריפא את עיני“, השיב הקבצן.
31 Nou konnen ke Bondye pa tande pechè yo, men si nenpòt moun gen lakrent Bondye, e fè volonte L, l ap koute li.
”אנחנו יודעים כי אלוהים אינו שומע לקול הרשעים, אך הוא מקשיב ברצון לאלה שאוהבים אותו ושומעים בקולו.
32 Depi kòmansman tan an, nou pa janm tande ke pèsòn ouvri zye a yon moun ki te fèt avèg. (aiōn g165)
מאז בריאת העולם לא שמענו על אדם שריפא עיוורון מלידה. (aiōn g165)
33 Si moun sa a pa t sòti nan Bondye, Li pa t kab fè anyen.”
אילו אדם זה לא בא מאלוהים, הוא לא היה מסוגל לעשות מאומה!“
34 Yo te reponn li e te di: “Ou te fèt nèt nan peche! Èske ou ap enstwi nou?” Konsa, yo te mete l deyò.
”ממזר שכמוך!“קראו לעברו בזעם.”אתה מתיימר ללמד אותנו?“והם גרשוהו החוצה.
35 Jésus te tande ke yo te mete l deyò. E Li te twouve li e te di: “Èske ou kwè nan Fis a Lòm nan?”
כאשר שמע ישוע את הדבר, הוא פגש בקבצן ושאל אותו:”האם אתה מאמין בבן האדם?“
36 Li te reponn: “Se kilès Li ye, Senyè, pou m kab kwè nan Li?”
”מיהו?“שאל האיש.”אני רוצה להאמין בו.“
37 Jésus te di li: “Non sèlman ou konn wè L deja, men se Li menm k ap pale avèk ou.”
”ראית אותו, והוא מדבר אליך כרגע“השיב ישוע.
38 Li di: “Senyè, mwen kwè!” E li te adore Li.
”כן, אדוני, “קרא האיש,”אני מאמין!“והוא השתחווה לישוע.
39 Jésus te di: “Pou jijman Mwen te vini nan monn sila a, pou sa yo ki pa wè kapab vin wè, e sa yo ki wè kapab vin avèg.”
”אני באתי לעולם לשם משפט – להעניק ראייה לעיוורים, ולהוכיח לאלה שחושבים את עצמם לפיקחים שהם למעשה עיוורים“, אמר ישוע.
40 Sila nan Farizyen yo ki te avèk Li te tande bagay sa yo e te di Li: “Èske se nou menm ki avèg tou a?”
הפרושים שעמדו שם שאלו:”האם אתה כולל אותנו בין העיוורים?“
41 Jésus te reponn yo: “Si nou te avèg, nou pa t ap gen peche, men akoz ke nou di: ‘Nou wè’, peche nou la toujou.”
”אילו הייתם עיוורים לא הייתם אשמים“, הסביר ישוע.”אולם אתם טוענים שאתם רואים, ולכן אתם אשמים.“

< Jan 9 >