< Jan 8 >

1 Men Jésus te ale nan Mòn Oliv la.
但耶稣开始去往橄榄山。
2 Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo.
黎明时分,他返回圣殿,坐下来教导身边围坐的众人。
3 Skrib yo ak Farizyen yo te mennen yon fanm ki te kenbe nan adiltè e te fè l chita nan mitan yo.
宗教老师和法利赛人带来一个妇人,她在通奸之时被抓住,叫她站在众人面前。
4 Yo te di Li: “Mèt, fanm sa te kenbe nan adiltè, nan zak la menm.
他们就对耶稣说:“老师,这妇人在通奸的时候被抓住。
5 Epi nan Lalwa Moïse la, li te kòmande nou pou nou te lapide yon fanm konsa ak wòch. Kisa ou menm di?”
摩西在律法上的裁决是:我们应该用石头将这样的妇人打死,你觉得呢?”
6 Yo t ap di sa pou yo ta kapab sonde l pou yo ta twouve mwayen pou akize Li. Men Jésus te bese, e te ekri atè a avèk dwat Li.
他们这样说,其实是想找到耶稣言语中的把柄来控告他。但耶稣却弯下身,用手指在地上写字。
7 Men lè yo te pèsiste avèk demann sa a, Li te leve dwat epi te reponn yo: “Sila a ki pa gen peche pami nou, kite l se premye moun pou voye yon wòch sou li.”
他们不停地要求耶稣给出回答。耶稣直起身对他们说:“你们中谁没有罪,谁就可以先拿起石头打她。”
8 Ankò Li te bese e te kòmanse ekri atè a.
然后他又弯下身在地上写字。
9 Lè yo tande sa, yo te kòmanse kite kote a youn pa youn. Sa te kòmanse avèk pi granmoun pami yo. Konsa, yo te kite Li la pou kont Li avèk fanm nan ki te rete menm kote li te ye a nan mitan lakou a.
听到这番话,控诉者中从最年长的那个人开始一个接一个地离开了,,最后人群中只留下耶稣和站在原地的那位妇人。
10 Jésus te leve, e te di li: “Fanm, kote yo ye? Nanpwen youn ki kondane ou?”
耶稣站直身问她:“他们哪儿去了?没有人留下来定你的罪吗?”
11 Li te di: “Pa youn, Senyè.” Jésus te di “Ni Mwen menm, mwen pa kondane ou nonplis. Ale, epi depi koulye a, pa peche ankò.”
她说:“先生,没有人。” 耶稣说:“我也不会定你的罪。走吧,不要再犯罪了。”
12 Ankò Jésus te pale avèk yo e te di: “Mwen se limyè a lemonn. Sila a ki swiv Mwen p ap mache nan tenèb, men l ap gen limyè lavi a.”
耶稣又对众人说:“我就是这世界的光,如果你跟随我,就不会走进黑暗,因为你将拥有赐予你生命的光。”
13 Pou sa, Farizyen yo te di Li: “Ou fè temwayaj pwòp tèt ou. Konsa temwayaj Ou pa vrè.”
法利赛人反驳:“你不能为自己作证!你所说的无法证明任何事!”
14 Jésus te reponn e te di yo: “Menmsi Mwen pote pwòp temwayaj pa M, temwayaj Mwen vrè, paske Mwen konnen kote Mwen sòti, e kote M ap prale, men nou pa konnen kote Mwen sòti, ni kote M ap prale.
耶稣告诉他们:“即使我为自己作证,我的证言仍是真实。因为我知道我从哪里来,要到哪里去,但你们却不知道我从哪里来,要到哪里去。
15 “Nou menm nou jije pa lachè, men Mwen p ap jije pèsòn.
你们以人类最常见的方式做出判断,但我不会做出评判。
16 Men menmsi Mwen jije, jijman Mwen vrè, paske Mwen pa sèl, men Mwen avèk Li menm ki te voye M nan.
即使我要做出评判,我的判断也是正确的,因为并非一个人在做这件事情,派我前来的天父与我同在。
17 “Menm nan lalwa pa w la Li te ekri ke temwayaj a de moun vrè.
你们的律法上也写着:‘两个人的见证才有效。’
18 Mwen se Sila ki pote temwayaj pou pwòp tèt Mwen menm, e anplis, Papa a ki te voye M nan pote temwayaj sou Mwen.”
我为自己作证,派我前来的天父也为我作证。”
19 Pou sa yo te di Li: “Kote Papa ou?” Jésus te reponn yo: “Nou pa konnen ni Mwen, ni Papa M. Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou.”
他们问耶稣:“你的父在哪里?”耶稣回答:“你们不认识我或我的天父,如果你们认识我,就会认识我父。”
20 Pawòl sa yo Li te pale nan trezò a, pandan Li t ap enstwi nan tanp lan. Men pèsòn pa t sezi Li, paske lè Li poko te rive.
耶稣是在圣殿银库附近教导众人时,做出了这番解释。但没有人逮捕他,因为他的时候尚未到来。
21 Li te di yo ankò: “M ap prale, e nou va chache M, e va mouri nan peche nou. Kote M ap prale, nou p ap kab vini.”
耶稣又对他们说:“我要走了,你们将会寻找我,但你们会因自己的罪而死去,我要去的地方,你们无法抵达。”
22 Pou sa, Jwif yo t ap di: “Asireman Li p ap vin touye tèt Li. Konsi l ap di ‘Kote m ap prale, nou p ap kab vini?’”
犹太人思索着,然后大声说:“他要自杀吗?他说‘我要去的地方,你们无法抵达。’是这个意思吗?”
23 Li t ap di yo: “Nou sòti pa anba, men Mwen sòti pa anwo. Nou a lemonn sila a; Mwen pa a lemonn sila a.
耶稣告诉他们:“你们来自人间,我来自天上。你们属于这个世界,我却不属于这世界。
24 Pou sa, Mwen te di nou ke nou tout va mouri nan peche nou yo. Paske anmwenske nou kwè ke Mwen menm se Sila a, nou va mouri nan peche nou yo.”
所以我对你们说,你们会因自己的罪而死去。因为如果你们不相信我即‘我是’,你们就会因自己的罪而死去。”
25 Epi yo t ap di Li: “Ki moun Ou ye?” Epi Jésus te di yo “Menm sa a Mwen t ap di nou depi kòmansman.
他们又问:“那你到底是谁?” 耶稣回答:“我从一开始就告诉你们的了。
26 Mwen gen anpil bagay pou pale e pou jije konsènan nou. Sinon, Li menm ki te voye M nan vrè. E bagay ke M te tande de Li yo, sa yo Mwen pale a lemonn.”
关于你们,我有很多可以说的,我可以对你们大加谴责,但派我来此的天父讲述的却是真相,我在这个世界对你们所说的,就是从他那里听来的。”
27 Yo pa t konprann ke Li t ap pale avèk yo konsènan Papa a.
他们不明白耶稣所说的就是天父。于是耶稣解释说:
28 Pou sa, Jésus te di yo: “Lè nou leve Fis a Lòm nan, nou va konnen ke Mwen menm se Li menm, e ke M pa fè anyen pou kont Mwen, men Mwen pale bagay sa yo tankou Papa a te enstwi Mwen.
“如果你们看到人子被高举,必定知道我即‘我是’,知道我的所作所为并非源于自己,我的言语都是遵循天父的教导。
29 E Li ki te voye M nan avèk Mwen. Li pa t kite M pou kont Mwen, paske Mwen toujou fè bagay ki fè L kontan.”
那派我来此之人与我同在,他未弃我,因为我的所行皆令其喜悦。”
30 Pandan Li t ap pale, anpil moun te vin kwè nan Li.
很多人在听到耶稣的这番话后,便相信了他。
31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen.
于是耶稣对信他的犹太人说:“你们若遵循我的道,就真正是我的门徒。
32 E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”
你们将知晓真理,真理会让你们自由。”
33 Yo te reponn Li: “Nou se pitit Abraham. Nou pa t janm esklav a pèsòn. Kijan ou kapab di ‘nou va vin lib?’”
众人问到:“我们是亚伯拉罕的后裔,从未被奴役过,你说我们会自由,又是何意呢?”
34 Jésus te reponn yo “Anverite, anverite, Mwen di nou, tout moun ki fè peche se esklav a peche a.
耶稣答道:“说实话,每个罪人都是罪的奴隶。
35 “Epi esklav la pa p toujou rete nan kay la, men Fis la ap toujou la. (aiōn g165)
奴隶在家庭中无法拥有永远的地位,只有儿子才是家庭中永远的成员。 (aiōn g165)
36 Se pou sa, si Fis la fè nou lib, nou ap vrèman lib.
当上帝之子让你自由,你就真正获得自由。
37 “Mwen konnen ke nou se pitit Abraham, men nou ap chache touye M, paske pawòl Mwen pa gen plas nan nou.
我知道你们是亚伯拉罕的后裔,但你们不愿接收我的道,所以想杀我。
38 Mwen pale bagay ke M gen tan wè avèk Papa M. E nou menm tou fè bagay ke nou te tande de papa pa nou.”
我所说的一切皆为我父显示给我的,但你们只是遵循你们的父亲行事。”
39 Yo te reponn Li e te di: “Abraham se Papa nou”. Jésus te di yo: “Si nou se pitit Abraham, fè zèv Abraham yo.
他们说:“亚伯拉罕就是我们的父亲。” 耶稣说:“你们若真是亚伯拉罕的子孙,就必做亚伯拉罕所行之事。
40 Men jan li ye a, nou ap chache pou touye M, yon nonm ki di nou laverite ke M te tande depi nan Bondye. “Sila a, Abraham pa t janm fè.
但现在,只因我讲述了从上帝那里听见的真理,你们便想杀我,亚伯拉罕绝不会这么做。
41 Nou ap fè pwòp zèv papa nou.” Yo te di Li: “Nou pa t fèt kon pitit deyò. Nou gen yon sèl papa, Bondye.”
你们只是遵循你们的父亲。” 他们回答:“我们不是非法子孙,上帝是我们唯一的父亲。”
42 Jésus te di yo: “Si Bondye te Papa nou, nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.
耶稣说:“如果上帝真是你们的父亲,你们就该爱我,因我来自上帝,现在我就在这里。这不是我的决定,而是派我前来之人的决定。
43 “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.
为什么你们无法理解我的话?因为你们不肯听我所传递的讯息!
44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
你们的父是魔鬼,你们也喜欢遵循其魔鬼的欲望行事。他从一开始就是杀人犯,不讲真理,因他心里没有真理。当他说谎时便显露了他的本性,因为他就是一个说谎者,是谎言之父。
45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M.
我说的都是真理,你们却因此而不相信我!
46 Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?
你们中有谁能指证我有罪?我既然讲真理,你们为什么不信我?
47 “Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”
归属于上帝之人就会聆听上帝之语。你们不听,因为你们并不归属于上帝。”
48 Jwif yo te reponn e te di Li: “Èske nou pa di vrèman ke Ou se yon Samariten epi ke Ou gen yon move lespri?”
犹太人对耶稣说:“我们说你是魔鬼附体的撒玛利亚人,难道不对吗?”
49 Jésus te reponn: “Mwen pa gen yon move lespri. Men Mwen onore Papa M, e nou dezonore M.
耶稣回答:“我不是魔鬼附体。我尊敬我父,你们却侮辱我。
50 Men Mwen pa chache glwa pa M. Men gen youn ki chache, epi ki jije.
我来此并非追求自己的荣耀,但确有一人为我寻求荣耀,来此对人做出审判。
51 “Anverite, anverite Mwen di nou, si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.” (aiōn g165)
告诉你们实话,遵守我的教导将永远不会死去。” (aiōn g165)
52 Jwif yo te di Li: “Koulye a nou konnen ke Ou gen yon move lespri. Abraham te mouri, e pwofèt yo osi. Men Ou di: ‘Si nenpòt moun kenbe pawòl Mwen, li p ap janm wè lanmò.’ (aiōn g165)
犹太人对他说:“现在我们知道你的确是魔鬼附身。亚伯拉罕死了,先知们也死了,你居然还说‘遵守我的教导将永远不会死去’, (aiōn g165)
53 Anverite Ou pa pi gran pase Papa zansèt nou, Abraham ki te mouri an? Pwofèt yo te mouri tou. Ki moun menm Ou fè pretansyon ke Ou ye?”
难道你比我们的祖先亚伯拉罕还伟大吗?他死了,先知们也死了,你把自己当做什么人呢?”
54 Jésus te reponn yo: “Si Mwen bay glwa a Mwen menm, glwa sa a pa anyen. Se Papa M ki fè M resevwa glwa. De kilès ke ou di M: ‘Li se Bondye Nou.’
耶稣回答:“如果我只获得自己的荣耀,那荣耀就不值一提;让我荣耀之人是上帝,正如你们所说的‘他就是上帝’。
55 “Nou poko vin rekonèt Li, men Mwen menm, mwen konnen Li. Si Mwen di ke M pa konnen L, Mwen ta yon mantè tankou nou menm, men Mwen vrèman konnen Li, e kenbe pawòl Li.
你们不认识他,我却认识。如果我说不认识他,就会像你们一样说谎。但我的确认识他,也遵守他的道。
56 “Papa zansèt nou, Abraham te rejwi pou wè jou sa a, e Li te wè l, e te ranpli avèk jwa.”
你们的祖先亚伯拉罕,因为期待我降临的日子而充满喜悦。当看到指示便感到如此幸福。”
57 Pou sa, Jwif yo te di L: “Ou poko gen senkant ane, e Ou te gen tan wè Abraham?”
犹太人回答:“你还不到五十岁,怎会见过亚伯拉罕呢?”
58 Jésus te di yo “Anverite, avan Abraham te la, Mwen se.”
耶稣说:“告诉你们实话,亚伯拉罕出生以前,我就已存在。”
59 Konsa, yo pran wòch pou lapide Li, men Li te kache kò Li, e te kite tanp la.
于是他们捡起石头要去砸他。耶稣躲开他们,离开了圣殿。

< Jan 8 >