< Jan 6 >

1 Apre bagay sa yo, Jésus te ale lòtbò Lamè Galilée a (oubyen Tibériade).
post haec abiit Iesus trans mare Galilaeae quod est Tiberiadis
2 E yon gran foul te swiv Li paske yo te wè sign ke Li t ap fè sou sa ki te malad yo.
et sequebatur eum multitudo magna quia videbant signa quae faciebat super his qui infirmabantur
3 Jésus te monte sou mòn nan, epi la Li te chita avèk disip Li yo.
subiit ergo in montem Iesus et ibi sedebat cum discipulis suis
4 Alò, Pak Jwif la t ap pwoche.
erat autem proximum pascha dies festus Iudaeorum
5 Jésus te leve zye Li, e lè L wè yon gran foul ki t ap pwoche Li, te di a Philippe: “Kibò n ap achte pen pou sila yo kapab manje.”
cum sublevasset ergo oculos Iesus et vidisset quia multitudo maxima venit ad eum dicit ad Philippum unde ememus panes ut manducent hii
6 Li t ap di L sa pou sonde l. Paske Li menm te konnen deja kisa Li te gen lentansyon pou fè.
hoc autem dicebat temptans eum ipse enim sciebat quid esset facturus
7 Philippe te reponn Li: “Fòs pen pou desan denye frè jounalye pou desan jou pa t ap sifi pou chak moun twouve menm yon ti mòso.”
respondit ei Philippus ducentorum denariorum panes non sufficiunt eis ut unusquisque modicum quid accipiat
8 Youn nan disip yo, André, frè a Simon Pierre te di L:
dicit ei unus ex discipulis eius Andreas frater Simonis Petri
9 “Gen yon jènjan isit la ki gen senk pen fèt avèk lòj avèk de pwason, men kisa sa ye pou tout fòs kantite moun sa yo?”
est puer unus hic qui habet quinque panes hordiacios et duos pisces sed haec quid sunt inter tantos
10 Jésus te di: “Fè moun yo chita.” Te gen anpil zèb nan plas sa a. Epi anviwon senk-mil moun te chita.
dixit ergo Iesus facite homines discumbere erat autem faenum multum in loco discubuerunt ergo viri numero quasi quinque milia
11 Konsa, Jésus te pran pen yo epi aprè Li te bay Bondye remèsiman, Li te pataje l a tout sa yo ki te chita la. Menm jan tou avèk pwason yo. Tout kantite ke yo te vle.
accepit ergo panes Iesus et cum gratias egisset distribuit discumbentibus similiter et ex piscibus quantum volebant
12 Lè yo te plen, Li te di a disip Li yo, “Ranmase tout mòso ki rete yo pou anyen pa pèdi.”
ut autem impleti sunt dixit discipulis suis colligite quae superaverunt fragmenta ne pereant
13 Konsa yo te ranmase yo, e yo te plen douz panyen yo avèk ti mòso fèt pa senk pen lòj ke sa ki t ap manje yo te kite.
collegerunt ergo et impleverunt duodecim cofinos fragmentorum ex quinque panibus hordiaciis quae superfuerunt his qui manducaverunt
14 E pou sa, lè moun yo te wè sign ke Li te fè a, yo te di: “Anverite sa se Pwofèt ki gen pou vini nan lemonn nan.”
illi ergo homines cum vidissent quod fecerat signum dicebant quia hic est vere propheta qui venturus est in mundum
15 Lè Jésus apèsi ke yo gen lentansyon pou te vin pran L pa lafòs pou fè L wa, Li te retire kò Li ankò, epi ale nan mòn nan pou kont Li.
Iesus ergo cum cognovisset quia venturi essent ut raperent eum et facerent eum regem fugit iterum in montem ipse solus
16 Alò, lè aswè vini, disip Li yo te ale bò kote lamè a.
ut autem sero factum est descenderunt discipuli eius ad mare
17 Yo antre nan yon kannòt, epi yo te travèse lamè a vè Capernaüm. Li te fènwa deja, e Jésus poko te vin kote yo.
et cum ascendissent navem venerunt trans mare in Capharnaum et tenebrae iam factae erant et non venerat ad eos Iesus
18 Lamè a te kòmanse boulvèse akoz yon gwo van ki t ap soufle.
mare autem vento magno flante exsurgebat
19 Akoz sa, lè yo ta p naje ak zaviwon, a senk o sis kilomèt distans, yo te wè Jésus t ap vin vè kannòt la, tou mache sou dlo a. E yo te pè.
cum remigassent ergo quasi stadia viginti quinque aut triginta vident Iesum ambulantem super mare et proximum navi fieri et timuerunt
20 Men Li te di yo: “Se Mwen menm. Pa pè.”
ille autem dicit eis ego sum nolite timere
21 Konsa, yo te dakò pou resevwa L nan kannòt la. Epi imedyatman, kannòt la rive atè, kote yo t ap ale a.
voluerunt ergo accipere eum in navi et statim fuit navis ad terram quam ibant
22 Jou apre a foul la ki te lòtbò lamè a te wè ke pa t gen lòt ti kannòt sof ke youn, epi ke Jésus pa t antre nan kannòt la avèk disip Li yo, men ke yo te kite la pou kont yo.
altera die turba quae stabat trans mare vidit quia navicula alia non erat ibi nisi una et quia non introisset cum discipulis suis Iesus in navem sed soli discipuli eius abissent
23 Te gen lòt ti kannòt ki te sòti Tibériade toupre plas kote yo te manje pen an apre Senyè a te bay remèsiman an.
aliae vero supervenerunt naves a Tiberiade iuxta locum ubi manducaverant panem gratias agente Domino
24 Konsa, lè foul la te wè ke Jésus pa t la, ni disip Li yo, yo menm te antre nan ti kannòt yo, e te vini a Capernaüm pou chache Jésus.
cum ergo vidisset turba quia Iesus non esset ibi neque discipuli eius ascenderunt naviculas et venerunt Capharnaum quaerentes Iesum
25 E lè yo te twouve Li lòtbò lamè a, yo te di L: “Rabbi, kilè ou rive la a?”
et cum invenissent eum trans mare dixerunt ei rabbi quando huc venisti
26 Jésus te reponn yo e te di: “Anverite, anverite Mwen di nou, nou pa chache M paske nou te wè sign yo, men paske nou te manje pen, epi te plen.
respondit eis Iesus et dixit amen amen dico vobis quaeritis me non quia vidistis signa sed quia manducastis ex panibus et saturati estis
27 “Pa travay pou manje k ap peri, men pou manje k ap dire jiska lavi etènèl, ke Fis a Lòm nan va bay nou. Pwiske sou Li, Papa a, Bondye menm, gen tan mete so Li.” (aiōnios g166)
operamini non cibum qui perit sed qui permanet in vitam aeternam quem Filius hominis vobis dabit hunc enim Pater signavit Deus (aiōnios g166)
28 E pou sa moun foul la te di Li: “Ki zèv nou kapab fè pou nou menm kapab fè zèv a Bondye?”
dixerunt ergo ad eum quid faciemus ut operemur opera Dei
29 Jésus te reponn e te di yo: “Sa se zèv a Bondye, ke nou ta kwè nan Sila ke Li voye a.”
respondit Iesus et dixit eis hoc est opus Dei ut credatis in eum quem misit ille
30 Pou sa yo te di Li: “Kisa konsa ou fè kon sign, pou nou kapab wè epi kwè ou? Ki zèv ou fè?”
dixerunt ergo ei quod ergo tu facis signum ut videamus et credamus tibi quid operaris
31 “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a. Kon li ekri a: ‘Li te bay yo pen ki sòti nan syèl la pou yo manje.’”
patres nostri manna manducaverunt in deserto sicut scriptum est panem de caelo dedit eis manducare
32 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, se pa Moïse ki te bay nou pen ki sòti nan syèl la, men se Papa M ki bay nou vrè pen ki sòti nan syèl la.
dixit ergo eis Iesus amen amen dico vobis non Moses dedit vobis panem de caelo sed Pater meus dat vobis panem de caelo verum
33 Paske pen Bondye a se sila ki desann, sòti nan syèl la, e bay lavi a lemonn lan.”
panis enim Dei est qui descendit de caelo et dat vitam mundo
34 Pou sa yo te di L: “Senyè, toujou bay nou pen sa a”.
dixerunt ergo ad eum Domine semper da nobis panem hunc
35 Jésus te di yo: “Mwen menm se pen lavi a. Moun ki vini kote Mwen p ap grangou, e sila ki kwè nan Mwen, p ap janm swaf.
dixit autem eis Iesus ego sum panis vitae qui veniet ad me non esuriet et qui credit in me non sitiet umquam
36 “Men Mwen di nou ke nou wè M, e malgre, nou pa kwè.
sed dixi vobis quia et vidistis me et non creditis
37 “Tout sa ke Papa a ban Mwen yo ap vin kote Mwen, e sila a ki vin kote Mwen, Mwen p ap janm jete yo deyò.
omne quod dat mihi Pater ad me veniet et eum qui venit ad me non eiciam foras
38 “Paske Mwen pa t desann kite syèl la pou fè pwòp volonte pa M, men volonte a Li menm ki te voye M nan.
quia descendi de caelo non ut faciam voluntatem meam sed voluntatem eius qui misit me
39 E sa se volonte a Li menm ki te voye M nan, ke nan tout sa ke Li bay Mwen yo, Mwen pa pèdi anyen, men fè li leve nan dènye jou a.
haec est autem voluntas eius qui misit me Patris ut omne quod dedit mihi non perdam ex eo sed resuscitem illum novissimo die
40 Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.” (aiōnios g166)
haec est enim voluntas Patris mei qui misit me ut omnis qui videt Filium et credit in eum habeat vitam aeternam et resuscitabo ego eum in novissimo die (aiōnios g166)
41 Pou sa, Jwif yo t ap mimire paske Li te di: “Mwen menm se pen ki desann soti nan syèl la.”
murmurabant ergo Iudaei de illo quia dixisset ego sum panis qui de caelo descendi
42 E yo t ap di: “Se pa Jésus sa a, fis a Joseph la? Èske nou pa konnen ni manman L, ni papa L? Kijan Li di nou koulye a: ‘Mwen sòti nan syèl la’?”
et dicebant nonne hic est Iesus filius Ioseph cuius nos novimus patrem et matrem quomodo ergo dicit hic quia de caelo descendi
43 Jésus te reponn yo e te di yo: “Pa mimire pami nou menm.
respondit ergo Iesus et dixit eis nolite murmurare in invicem
44 Pèsòn pa kapab vini a Mwen menm sof ke Papa a ki te voye M nan atire li, epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.
nemo potest venire ad me nisi Pater qui misit me traxerit eum et ego resuscitabo eum novissimo die
45 “Li ekri nan pwofèt yo: ‘E yo tout va enstwi pa Bondye.’ Tout sa yo ki te tande epi enstwi pa Papa a, ap vini a Mwen.
est scriptum in prophetis et erunt omnes docibiles Dei omnis qui audivit a Patre et didicit venit ad me
46 “Pa gen moun ki konn wè Papa a, sof ke sèl Sila a ki sòti nan Bondye a. Li konn wè Papa a.
non quia Patrem vidit quisquam nisi is qui est a Deo hic vidit Patrem
47 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl. (aiōnios g166)
amen amen dico vobis qui credit in me habet vitam aeternam (aiōnios g166)
48 Mwen se pen lavi a.
ego sum panis vitae
49 “Papa zansèt nou yo te manje lamàn nan dezè a, e yo te mouri.
patres vestri manducaverunt in deserto manna et mortui sunt
50 “Sila a se pen ki sòti desann nan syèl la. Pou moun kab manje l epi pa mouri.
hic est panis de caelo descendens ut si quis ex ipso manducaverit non moriatur
51 “Mwen menm se pen vivan ki desann sòti nan syèl la. Si nenpòt moun manje pen sa a, l ap viv jis pou jamen. E pen osi ke M ap bay pou lavi lemonn nan se chè Mwen.” (aiōn g165)
ego sum panis vivus qui de caelo descendi si quis manducaverit ex hoc pane vivet in aeternum et panis quem ego dabo caro mea est pro mundi vita (aiōn g165)
52 Pou sa Jwif yo te kòmanse diskite youn avèk lòt e te di: “Kijan moun sa kapab bay nou chè Li pou manje?”
litigabant ergo Iudaei ad invicem dicentes quomodo potest hic nobis carnem suam dare ad manducandum
53 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.
dixit ergo eis Iesus amen amen dico vobis nisi manducaveritis carnem Filii hominis et biberitis eius sanguinem non habetis vitam in vobis
54 “Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap fè l leve nan dènye jou a. (aiōnios g166)
qui manducat meam carnem et bibit meum sanguinem habet vitam aeternam et ego resuscitabo eum in novissimo die (aiōnios g166)
55 Paske chè M se vrè manje a, e san Mwen se vrè bwason an.
caro enim mea vere est cibus et sanguis meus vere est potus
56 “Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, rete avè M, epi Mwen menm avèk li.
qui manducat meam carnem et bibit meum sanguinem in me manet et ego in illo
57 Kon Papa vivan an te voye M nan, e Mwen viv akoz Papa a, konsa, moun ki manje M, li menm osi va viv akoz Mwen.
sicut misit me vivens Pater et ego vivo propter Patrem et qui manducat me et ipse vivet propter me
58 “Sa se pen ki desann sòti nan syèl la. Se pa kon papa zansèt yo te manje a, e te mouri. Sila a ki manje pen sila a va viv jis pou janmen.” (aiōn g165)
hic est panis qui de caelo descendit non sicut manducaverunt patres vestri manna et mortui sunt qui manducat hunc panem vivet in aeternum (aiōn g165)
59 Bagay sa yo Li te di nan Sinagòg la pandan Li t ap ansegne nan Capernaüm nan.
haec dixit in synagoga docens in Capharnaum
60 Konsa, anpil nan disip Li yo lè yo te tande sa te di: “Pawòl sa a tèlman difisil. Ki moun ki ka tande sa?”
multi ergo audientes ex discipulis eius dixerunt durus est hic sermo quis potest eum audire
61 Men Jésus, byen konprann ke yo t ap plenyen konsa, te di yo: “Èske sa fè nou kilbite tonbe?
sciens autem Iesus apud semet ipsum quia murmurarent de hoc discipuli eius dixit eis hoc vos scandalizat
62 Kisa li ta ye konsa si nou ta wè Fis a Lòm nan k ap monte kote Li te ye oparavan an?
si ergo videritis Filium hominis ascendentem ubi erat prius
63 “Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.
spiritus est qui vivificat caro non prodest quicquam verba quae ego locutus sum vobis spiritus et vita sunt
64 “Men gen nan nou ki pa kwè.” Pwiske Jésus te konnen depi nan kòmansman kilès nan yo ki pa t kwè, epi kilès li te ye ki t ap trayi li a.
sed sunt quidam ex vobis qui non credunt sciebat enim ab initio Iesus qui essent credentes et quis traditurus esset eum
65 E Li t ap di: “Pou rezon sa a Mwen te di nou ke pèsòn pa kapab vin kote Mwen, sof ke se Papa a ki pèmèt sa.”
et dicebat propterea dixi vobis quia nemo potest venire ad me nisi fuerit ei datum a Patre meo
66 Akoz sa a, anpil nan disip Li yo te retire kò yo, e pa t ap mache avèk Li ankò.
ex hoc multi discipulorum eius abierunt retro et iam non cum illo ambulabant
67 Pou sa, Jésus te di a douz yo: “Epi nou menm pa vle ale tou?”
dixit ergo Iesus ad duodecim numquid et vos vultis abire
68 Simon Pierre te reponn Li: “Senyè, a kibo nou ta ale? Ou gen pawòl lavi etènèl yo. (aiōnios g166)
respondit ergo ei Simon Petrus Domine ad quem ibimus verba vitae aeternae habes (aiōnios g166)
69 Nou te kwè, epi te vin konnen ke Ou se Li Menm ki Kris la, Fis a Bondye vivan an.”
et nos credidimus et cognovimus quia tu es Christus Filius Dei
70 Jésus te reponn yo: “Èske se pa Mwen menm ki te chwazi nou, douz la, epi youn nan nou se yon dyab?”
respondit eis Iesus nonne ego vos duodecim elegi et ex vobis unus diabolus est
71 Konsa Li t ap refere a Judas Iscariot, fis a Simon an, paske li menm, youn nan douz yo, t ap vin trayi Li.
dicebat autem Iudam Simonis Scariotis hic enim erat traditurus eum cum esset unus ex duodecim

< Jan 6 >