< Jan 5 >

1 Apre bagay sa yo, te gen yon fèt Jwif, e Jésus te monte a Jérusalem.
After these things there was the feast of the Jews, and Jesus went up to Jerusalem.
2 La nan Jérusalem toupre pòtay mouton an, gen yon basen dlo ke yo rele Béthesda, ki te gen senk galeri kouvri.
Now there is at Jerusalem, by the sheep-gate, a pool, which is called in Hebrew Bethzatha, having five porches.
3 Nan sa yo te kouche sa yo ki te malad, avèg, oswa paralize ki t ap tann mouvman dlo a.
In these were lying a multitude of diseased persons, blind, lame, withered.
4 Paske yon zanj Senyè a te konn vini nan sèten sezon, epi antre nan basen an, epi vire dlo a. Konsa, sila ki te antre nan dlo a an premye lè dlo a vire te vin geri de nenpòt maladi ke li te genyen.
5 Alò yon sèten mesye ki te gen yon maladi depi trant-uit ane te la.
And a certain man was there, who had had his infirmity thirty-eight years.
6 Lè Jésus te wè l kouche la, epi te konnen ke li te konsa depi anpil tan, Li te di l “Èske ou ta renmen geri?”
Jesus saw this man lying there, and knowing that he had been for a long time diseased, saith to him, Dost thou wish to be made well?
7 Mesye malad la te reponn Li: “Mesye, mwen pa gen moun pou mete m nan dlo a lè l vire, men lè m ap vini, yon lòt gen tan mache desann avan m.”
The diseased man answered him, Sir, I have no man, when the water is troubled, to put me into the pool; but while I am coming, another goeth down before me.
8 Jésus te di l “Leve, pran kabann ou, epi mache!”
Jesus saith to him, Rise, take up thy bed, and walk.
9 Imedyatman, nonm nan te geri, te pran kabann li, epi te kòmanse mache. Jou sa a se te jou Saba.
And immediately the man was made well, and took up his bed, and walked. And that day was the sabbath.
10 Pou sa Jwif yo t ap di Li “Se jou Saba a. Li pa pèmi pou ou pote kabann ou konsa.”
The Jews therefore said to him that was cured, It is the sabbath; and it is not lawful for thee to take up the bed.
11 Men li te reponn yo: “Li menm ki te geri m nan, se Li menm ki di m ‘Pran kabann ou mache.’”
He answered them, He that made me well, the same said to me, Take up thy bed, and walk. T
12 Yo te mande li: “Ki moun sa ki te di ou ‘Pran kabann ou mache a?’
hey asked him, Who is the man that said to thee, Take up, and walk?
13 Men li menm ki te geri pa t konnen ki moun Li te ye, paske Jésus te chape ale pandan yo te gen yon foul sou plas.
But the diseased man knew not who it was; for Jesus had withdrawn himself, there being a crowd in the place.
14 Apre, Jésus te twouve li nan tanp lan, e te di l: “Gade, ou gen tan geri. Pa peche ankò pou anyen pi mal pa vin tonbe sou ou.”
Afterwards Jesus found him in the temple, and said to him, Behold, thou art made well; sin no more, lest something worse befall thee.
15 Nonm nan te ale e te di Jwif yo ke se te Jésus ki te geri li.
The man went away, and told the Jews that it was Jesus who had made him well.
16 Alò pou rezon sa a, Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.
And on this account the Jews persecuted Jesus, because he did these things on the sabbath.
17 Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
But he answered them, My Father is working up to this time, and I work.
18 Men pou rezon sa, Jwif yo t ap chache plis pou yo ta kab touye L, paske non sèlman Li t ap vyole Saba a, men osi Li t ap rele Bondye Papa Li, ki te fè Li vin egal avèk Bondye.
On this account the Jews sought the more to kill him, because he not only broke the sabbath, but also said that God was his own Father, making himself equal with God.
19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an.
Then answered Jesus and said to them, Truly, truly do I say to you, The Son can do nothing of himself, but what he seeth the Father doing; for whatever He doeth, these things the Son also doeth in like manner;
20 Paske Papa a renmen Fis la, epi montre Li tout bagay ke Li menm ap fè. Epi pi gwo travay pase sa, Li va montre Li, pou nou etone.
for the Father loveth the Son, and showeth him all things which he himself doeth; and greater works than these will he show him, so that ye will wonder.
21 Paske menm jan an ke Papa a leve mò yo pou bay yo lavi, menm jan an Fis la osi bay lavi a sa ke Li vle.
For as the Father raiseth up the dead, and giveth them life, so the Son also giveth life to whom he will.
22 “Paske menm Papa a pa jije pèsòn, men Li te bay tout jijman a Fis la,
For neither doth the Father judge any one, but hath committed all judgment to the Son;
23 Pou tout moun kapab bay onè a Fis la, menm jan ke yo onore Papa a. Moun ki pa onore Fis la, pa onore Papa a ki te voye Li a.
that all may honor the Son, as they honor the Father. He that honoreth not the Son, honoreth not the Father, who sent him.
24 “Anverite, Anverite, Mwen di nou, moun ki tande pawòl Mwen, epi kwè Li menm ki te voye Mwen an, genyen lavi etènèl, epi pa p vini nan jijman, men li gen tan kite lanmò, pou antre nan lavi. (aiōnios g166)
Truly, truly do I say to you, He that heareth my word, and believeth him that sent me, hath everlasting life, and cometh not into condemnation, but hath passed out of death into life. (aiōnios g166)
25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.
Truly, truly do I say to you, The hour is coming and now is, when the dead will hear the voice of the Son of God; and they that hear will live.
26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm.
For as the Father hath life in himself, so did he give to the Son also to have life in himself.
27 Li te bay Li otorite pou egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.
And he gave him authority to execute judgment, because he is a son of man.
28 “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li,
Marvel not at this; for the hour is coming, in which all that are in the tombs will hear his voice,
29 epi ap vin parèt. Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.
and will come forth, they that have done good, to a resurrection of life; they that have done evil, to a resurrection of condemnation.
30 “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.
I can of myself do nothing. As I hear, I judge; and my judgment is just, because I seek not my own will, but the will of him that sent me.
31 “Si Mwen sèl fè temwayaj a Mwen menm, temwayaj la p ap vrè.
If I bear witness of myself, my witness is not true.
32 Gen yon lòt moun ki pote temwayaj Mwen, epi M konnen ke temwayaj ke Li pote sou Mwen menm nan vrè.
There is another who beareth witness of me; and ye know that the witness which he witnesseth of me is true.
33 “Ou te voye kote Jean, epi Li te bay temwayaj a verite a.
Ye have sent to John, and he hath borne witness to the truth.
34 Men temwayaj ke Mwen resevwa a pa sòti nan lòm, men Mwen di nou bagay sa yo pou nou kapab sove.
But the testimony which I receive is not from man; but these things I say, that ye may be saved.
35 “Li menm li te lanp ki t a brile a, ki te limen pou klere, epi nou te rejwi pou yon tan nan limyè pa l la.
He was the burning and shining lamp: and ye were willing for a season to rejoice in his light.
36 “Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske zèv ke Papa a te ban M pou acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M.
But the testimony which I have, is greater than that of John; for the works which the Father hath given me to perform, the works themselves which I do, bear witness of me, that the Father hath sent me.
37 E Papa a ki te voye M nan, Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.
And the Father who sent me, he hath borne witness of me. Ye have neither heard his voice at any time, nor seen his form.
38 “E nou pa gen pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a.
And ye have not his word abiding in you; for whom he sent, him ye believe not.
39 Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm. (aiōnios g166)
Ye search the Scriptures, because ye yourselves think that in them ye have everlasting life; and it is they which testify of me; (aiōnios g166)
40 “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.
and ye are not willing to come to me, that ye may have life.
41 “Mwen pa resevwa glwa ki sòti nan lòm.
I receive not honor from men;
42 Men Mwen konnen nou, ke nou pa genyen lamou Bondye nan nou menm.
but I know you, that ye have not the love of God in you.
43 “Mwen te vini nan non Papa M, e nou pa resevwa M. “Men si yon lòt vini nan pwòp non pa l, li menm nou va resevwa l.
I have come in my Father's name, and ye receive me not; if another come in his own name, him ye will receive.
44 Kijan nou kapab kwè lè nou resevwa glwa ki sòti nan youn anvè lòt, e nou pa chache glwa a ki sòti sèlman nan sèl Bondye ki genyen an.
How can ye believe while ye receive honor from one another, and seek not the honor that is from him who alone is God?
45 “Pa panse ke Mwen va akize nou devan Papa a. Sila a k ap akize nou an se Moïse, nan kilès nou gen tan mete espwa nou.
Do not think that I shall accuse you to the Father; there is one that accuseth you, even Moses, in whom ye have placed your hope.
46 “Paske si nou te kwè Moïse, nou t ap kwè Mwen, paske li te ekri selon Mwen menm.
For if ye believed Moses, ye would believe me; for he wrote of me.
47 Men si nou pa kwè sa ke li te ekri, kijan nou va kwè pawòl pa Mwen yo.”
But if ye do not believe his writings, how will ye believe my words?

< Jan 5 >