< Jan 4 >

1 Pou sa, lè Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean
הפרושים שמעו שישוע מושך אליו אנשים רבים, ושהטביל תלמידים רבים יותר משהטביל יוחנן (למעשה, תלמידי ישוע הם שהטבילו, ולא הוא עצמו).
2 (men Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap fè l),
3 li te kite Judée epi te pati ankò pou Galilée.
כשנודע הדבר לישוע, הוא עזב את אזור יהודה וחזר לגליל.
4 Konsa, Li te oblije pase nan Samarie.
לשם כך היה עליו לעבור דרך שומרון.
5 Li te vini nan yon vil Samarie yo rele Sychar, toupre moso tè ke Jacob te bay a Joseph, fis li.
בשעת הצהריים הגיע ישוע לעיר השומרונית סוכר, השוכנת מול חלקת האדמה שנתן יעקב אבינו ליוסף בנו, ובה באר יעקב. ישוע עייף מהדרך הארוכה ומהחום הכבד, וישב לנוח ליד הבאר.
6 Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.
7 Yon fanm Samariten te vini pou tire dlo nan pwi a. Jésus te di l: “Ban M bwè”.
הוא ישב שם לבדו, כי תלמידיו הלכו העירה לקנות אוכל. עד מהרה הגיעה לבאר אישה שומרונית שרצתה לשאוב מים.”אנא, תני לי לשתות“, ביקש ישוע.
8 Paske disip li yo te ale nan vil la pou achte manje.
9 Konsa, fanm Samariten nan te reponn Li: “Kòman Ou menm, ki se yon Jwif mande M pou bwè lè mwen menm se yon fanm Samariten?” (Paske Jwif yo pa gen bon relasyon avèk Samariten yo.)
האישה תמהה על בקשתו הבלתי־רגילה וקראה:”הרי יהודי אתה, ואילו אני שומרונית! אתה יודע שהיהודים אינם מתערבים עם השומרונים. כיצד אתה מבקש ממני לתת לך לשתות?“
10 Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”
”אילו ידעת מהי מתנתו של אלוהים ומי הוא האומר לך’תני לי לשתות‘, היית מבקשת ממני מים חיים והייתי נותן לך אותם!“השיב ישוע.
11 Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve dlo vivan sila a?
”מאין לך מים חיים?“תמהה האישה.”הבאר הזאת עמוקה מאוד ואין לך דלי או חבל.
12 Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”
מלבד זאת, האם גדול אתה מיעקב אבינו שנתן לנו את הבאר? יעקב עצמו, בני־ביתו וצאנו שתו מהמים האלה!“
13 Jésus te reponn e te di li: “Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò:
”כל השותה מהמים האלה ישוב ויצמא,
14 Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.” (aiōn g165, aiōnios g166)
אולם מי שישתה מהמים שאני נותן, לא יצמא יותר לעולם! כי מים אלה יהיו בקרבו למעיין של מים חיים לחיי נצח.“ (aiōn g165, aiōnios g166)
15 Fanm nan te di Li: “Mesye, ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l.”
”באמת?“קראה האישה בהתפעלות.”אנא, תן לי מן המים האלה, כדי שלא אצמא יותר לעולם, ולא אצטרך ללכת את הדרך הארוכה הזאת לשאוב מים.“
16 Li te di li: “Ale rele Mari ou, epi vin isit la.”
”ברצון“, אמר ישוע.”לכי קראי לבעלך, ושובו אלי שניכם.“
17 Fanm nan te reponn Li e te di: “Mwen pa gen mari.” Jésus te di li: “Ou pale byen: ‘Mwen pa gen mari.’
”אולם אין לי בעל“, השיבה האישה.”נכון הדבר“, אמר ישוע.
18 Paske ou te genyen senk mari, epi sila a ke ou gen koulye a se pa mari ou. Ou pale verite.”
”כי חמישה בעלים היו לך, והגבר שאתו את חיה עכשיו אינו בעלך!“
19 Fanm nan te reponn Li: “Mesye mwen konsidere ke Ou menm se yon pwofèt.
”אדוני, “קראה האישה בתימהון הולך וגובר,”אני רואה שאתה נביא!
20 Papa zansèt nou yo te adore nan mòn sila a, men ou di ke se nan Jérusalem pou nou adore.”
אולי תוכל לומר לי מדוע אתם, היהודים, עומדים על כך שירושלים היא המקום היחיד לעבודת האלוהים, בעוד שאנחנו, השומרונים, טוענים שאבותינו עבדו אותו בהר גריזים הזה?“
21 Jésus te di li: “Fanm, kwè M, yon lè ap vini lè se pa ni nan mòn sa a, ni nan Jérusalem ke ou va adore Papa a.
”האמיני לי, “השיב ישוע,”המקום אינו חשוב! יבוא יום שלא תשתחוו לאלוהים כאן ולא בירושלים. חשוב לעבוד את האלוהים באמת ובתמים – מכל הלב ובהשראת רוח הקודש, כי זהו מה שאלוהים רוצה מאתנו. אלוהים הוא רוח, והמשתחווה לו צריך להשתחוות בהשראת רוח הקודש. אולם אתם, השומרונים, משתחווים בחוסר דעת כאשר אנחנו, היהודים, משתחווים למה שאנחנו יודעים. כי הישועה באה דרך היהודים.“
22 Ou adore sa ke ou pa konnen, men nou adore sa ke nou konnen, paske sali a sòti nan Jwif yo.
23 “Men lè ap vini, e gen tan rive koulye a, lè vrè adoratè yo, va adore Papa a an espri, e anverite. Pwiske se moun konsa ke Papa a ap chache pou adore L.
24 Bondye se lespri, e fòk sa yo ki adore Li, adore L an espri e anverite.”
25 Fanm nan te di L: “Mwen konnen ke Mesye, (sila a ke yo rele Kris la) gen pou vini. Lè L vini, L ap deklare nou tout bagay.”
”אני יודעת שהמשיח עומד לבוא, ושהוא יסביר לנו הכל“, אמרה האישה.
26 Jésus te di li: “Mwen Menm k ap pale avèk ou a se Li.”
”אני המדבר אליך, אני הוא!“השיב ישוע.
27 Nan moman sa a, disip Li yo te vini. Yo te etone ke Li t ap pale avèk yon fanm, men pèsòn pa t mande l: “Kisa w ap chache” ni “Poukisa w ap pale avè L.”
בינתיים חזרו תלמידיו של ישוע מהעיר, והתפלאו לראות אותו מדבר עם אישה, אך איש מהם לא העיר דבר ולא שאל שאלות.
28 Konsa fanm nan te kite po dlo a e te antre nan vil la. Konsa, li te di a tout moun:
האישה השאירה את כדה ליד הבאר ומיהרה חזרה העירה. היא קראה לכולם בהתלהבות:
29 “Vin wè yon nonm ki te di mwen tout bagay ke mwen fè. Nou pa sipoze ke se Li menm ki Kris la?”
”בואו לראות את האיש שסיפר לי את כל מה שעשיתי! אני חושבת שהוא המשיח!“
30 Yo te kite lavil la e t ap vin kote l.
אנשים באו מהעיר אל הבאר כדי לראות אותו.
31 Antre tan, disip yo t ap di L: “Rabbi, manje.”
לפני שהגיע אליהם ההמון האיצו התלמידים בישוע לאכול דבר מה.
32 Men Li te di yo: “Mwen gen manje ke nou pa konnen.”
”יש לי מזון אחר שאינכם יודעים עליו“השיב ישוע.
33 Pou sa disip yo t ap di a youn lòt: “Èske ou kwè ke moun pote bay Li kèk bagay pou L manje?”
”מי הביא לו אוכל?“שאלו התלמידים איש את רעהו.
34 Jésus te di yo: “Manje M se pou fè volonte a Papa M ki voye Mwen an, e pou acheve travay Li a.
”מאכלי הוא לעשות את רצון האלוהים אשר שלחני ולהשלים את עבודתו“, הסביר ישוע.
35 “Èske nou pa konn di: ‘Genyen toujou kat mwa, epi rekòlt la ap vini?’ Gade, Mwen di nou leve zye nou epi gade chan yo. Yo blan avèk rekòlt la.
”אתם באמת חושבים שמלאכת הקציר תחל רק בעוד ארבעה חודשים? הביטו סביבכם, הקמה כבר בשלה ומוכנה לקציר!
36 “Deja sila a ki fè rekòlt la ap resevwa salè li, e l ap ranmase fwi pou lavi etènèl. Pou sila ki simen an, ak sila ki rekòlte a kapab rejwi ansanm. (aiōnios g166)
הקוצרים יקבלו שכר טוב, והם יאספו קציר לחיי נצח כדי שגם הזורע וגם הקוצר ישמחו יחדיו. (aiōnios g166)
37 Paske nan sila a, pwovèb la vrè: ‘Youn ap simen epi yon lòt ap rekòlte.’
כך תתאמת האמרה: האחד זורע והשני קוצר.
38 “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”
שלחתי אתכם לקצור את מה שלא זרעתם; אחרים עבדו וטרחו, ואתם קוצרים את פרי עמלם.“
39 Anpil nan Samariten ki sòti nan vil sa a te kwè nan Li, akoz pawòl yo ke fanm nan te bay kon temwayaj “Li te di mwen tout bagay ke mwen fè”.
שומרונים רבים מהעיר האמינו שישוע הוא המשיח, כי האישה אמרה:”הוא סיפר לי את כל מה שעשיתי!“
40 Lè Samariten yo te vin kote L, yo t ap mande Li pou rete avèk yo. Li te rete la pou de jou.
הקהל הרב ביקש מישוע להאריך את שהותו אצלם, והוא נשאר שם יומיים נוספים. בזמן הקצר הזה האמינו בו עוד אנשים רבים לאחר ששמעו את דבריו.
41 Anpil anplis te kwè nan Li akoz pawòl Li.
42 Yo t ap di a fanm nan: “Se pa ankò akoz sa ou te di yo ke nou kwè. Nou te tande pou kont nou e konnen ke Sila a se Sovè a mond lan.”
”הוא באמת מושיע העולם!“אמרו השומרונים לאישה.”עתה אנחנו מאמינים בו מפני ששמענו אותו בעצמנו, ולא רק משום הדברים שאת סיפרת לנו.“
43 Apre de jou Li te kite la, pou ale nan Galilée.
בתום שני ימי שהותו בשומרון הלך ישוע לגליל,
44 Paske Jésus Li menm te bay temwayaj ke yon pwofèt pa gen lonè nan pwòp peyi li.
למרות שאמר:”הנביא זוכה לכבוד ולהערכה בכל מקום, מלבד בעיר מולדתו.“
45 Konsa, lè Li rive nan Galilée, Galileyen yo te resevwa Li, paske yo te wè tout bagay ke Li te fè nan Jérusalem pandan fèt la, pwiske yo tout te ale nan fèt la.
ברם, אנשי הגליל התאספו בהמוניהם וקיבלו אותו בזרועות פתוחות, שכן היו בירושלים בחג הפסח וראו את הנפלאות שחולל.
46 Li te vini ankò nan vil Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm.
ישוע חזר לכפר־קנה שבגליל, היכן שחולל את נס היין. בכפר־נחום היה פקיד אחד בשירות־המלכותי, שבנו היה חולה מאוד.
47 Lè Li te tande ke Jésus te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.
כששמע הפקיד שישוע עזב את יהודה ובא לגליל, הוא הלך לכפר־קנה לפגוש אותו, והתחנן לפניו שיבוא לרפא את בנו הגוסס.
48 Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”
”אם לא תראו נסים ונפלאות לא תאמינו“, אמר ישוע.
49 Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”
”אנא, אדוני, בוא מהר לפני שבני ימות“, התחנן הפקיד.
50 Jésus te di li: “Ou mèt ale. Pitit ou ap viv.” Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.
”לך לביתך, “הרגיע אותו ישוע.”בנך חי ובריא!“הפקיד האמין לדברי ישוע והלך לביתו.
51 Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.
בדרך פגשו אותו משרתיו ובישרו לו שבנו הבריא.
52 Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: “Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li.”
”באיזו שעה חל השינוי לטובה במצבו?“שאל הפקיד.”אתמול בשעה אחת בצהריים ירד חומו באופן פתאומי“, השיבו המשרתים.
53 Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi tout lakay li ansanm avèk li.
האב ידע כי בשעה זו בישר לו ישוע על החלמת בנו, והוא וכל בני־ביתו האמינו בישוע.
54 Sa se te ankò dezyèm sign ke Jésus te fè lè Li te kite Judée pou L antre nan Galilée.
זה היה הנס השני שחולל ישוע בגליל לאחר שובו מיהודה.

< Jan 4 >