< Jan 21 >
1 Apre bagay sa yo, Jésus te vin parèt ankò a disip yo bò kote Lanmè Tibériade la, e se konsa li te vin parèt.
AFTER these Jeshu again showed himself to his disciples at the sea of Tiberios; and he showed (himself) thus.
2 Yo te ansanm. Simon Pierre, Thomas, ke yo rele Didyme, e Nathanaël de Cana nan Galilée, e fis a Zébédée yo e de lòt nan disip Li yo.
There were together Shemun Kipha, and Thoma who was called the Twin, and Nathanael, he who was of Kotna of Galila, and the sons of Zabdai, and two other of the disciples.
3 Simon Pierre te di yo: “M ap prale fè lapèch.” Yo te di li: “N ap prale avè w tou.” Yo ale deyò e te antre nan kannòt la, e nwit sa a, yo pa t kenbe anyen.
Shemun Kipha saith to them, I go to net fishes. They say to him, We also go with thee. And they went forth and ascended into a vessel; and through that night they netted nothing.
4 Men lè bajou te kase, Jésus te kanpe arebò lanmè a, men disip yo pa t konnen ke se te Jésus.
But when it was morning Jeshu stood on the sea shore; but the disciples knew not that it was Jeshu.
5 Konsa, Jésus te di yo: “Pitit yo, èske nou pa gen kèk grenn pwason?” Yo te reponn Li: “Non”.
And Jeshu said to them, Children, have you any thing to eat? They say to him, No.
6 E Li te di yo “Voye filè a sou men dwat kannòt la, e nou va kenbe kèk.” Konsa, yo te voye l, e yo pa t kab rale fè l antre akoz gran kantite pwason yo.
He saith to them, Cast your net on the right side of the vessel, and you shall find. And they cast (it), and could not draw the net for the multitude of fishes which it held.
7 Konsa, disip ke Jésus te renmen an te di Pierre: “Se Senyè a.” Lè Simon Pierre te tande ke se te Senyè a, li te mete vètman li, paske li te retire rad li pou travay la, e te voye kò li nan lanmè a.
And that disciple whom Jeshu loved said to Kipha, This is our Lord. But Shemun, when he heard that it was our Lord, took his tunic, and threw it over his loins, for he was naked, and cast himself into the sea to come to Jeshu.
8 Men lòt disip yo te vini nan ti kannòt la, paske yo pa t lwen tè a, men sèlman anviwon san mèt, pou rale filè plen pwason an.
But the other disciples came in the vessel, for they were not far from the land, but as two hundred ameen, and they drew that net of fishes.
9 E lè yo te desann atè, yo te wè yon dife chabon deja prepare, avèk pwason sou li, ak pen.
Then when they had ascended the land, they saw coals laid, and fish laid upon them, and bread.
10 Jésus te di yo: “Pote kèk nan pwason ke nou fenk kenbe yo.”
And Jeshu said, Bring of the fish which you have now caught.
11 Simon Pierre te monte e te rale filè a atè a, byen plen gwo pwason, san-senkant-twa, e malgre ke te gen gran kantite sa a, filè a pa t chire.
And Shemun Kipha went up, and drew the net to land full of great fishes, an hundred and fifty and three: yet for all this weight that net was not broken.
12 Jésus te di yo: “Vin pran ti dejene.” Okenn nan disip yo pa t tante kesyone L: “Ki Moun Ou ye?” paske yo te konnen ke se te Senyè a.
And Jeshu said to them, Come, dine. But one of the disciples did not dare to ask him, Who is he? for they knew that it was our Lord.
13 Jésus te vini. Li te pran pen an, epi te bay yo, ansanm ak pwason an.
And Jeshu drew near, and took bread, and fish, and gave to them.
14 Sa koulye a se twazyèm fwa ke Jésus te vin parèt a disip yo, depi Li te leve soti nan lanmò a.
This is the third time that Jeshu was seen by his disciples when he had risen from among the dead.
15 Konsa, lè yo te fin dejene, Jésus te di a Simon Pierre: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M plis ke sa yo?” Li te di Li: “Wi Senyè. Ou konnen ke m renmen Ou.” Li te di li: “Okipe Mouton Mwen yo.”
WHEN they had dined, Jeshu said to Shemun Kipha, Shemun bar Jona, lovest thou me more than these? He saith to him, Yes, my Lord, thou knowest that I love thee. Jeshu saith to him, Feed my lambs.
16 Li te di li ankò yon dezyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Li te reponn Li: “Wi Senyè, Ou konnen ke m renmen Ou.” Li te di li: “Fè bèje mouton Mwen yo.”
He saith to him again the second time, Shemun bar Jona, lovest thou me? He saith to him, Yes, my Lord, thou knowest that I love thee. Jeshu saith to him, Feed my sheep.
17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?” Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?” E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.” Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.
Jeshu saith to him again the third time, Shemun bar Jona, lovest thou me? And it grieved Kipha that he said to him the third time, Lovest thou me? And he said to him, My Lord, all things thou understandest, thou knowest that I love thee. Jeshu saith to him, Feed my sheep.
18 Anverite, anverite Mwen di ou, lè ou te pi jenn, ou te konn mare sentiwon ou, e mache kote ou te pito. Men lè ou vin vye, ou va lonje men ou epi yon lòt ap mare sentiwon ou e mennen ou kote ou pa vle ale.”
Amen, I say to thee, When thou wast young, thou didst gird thy loins and walk whithersoever thou willedst; but when thou art old, thou shalt stretch forth thy hands, and another will bind thy loins, and conduct thee whither thou willest not.
19 Sila Li te di pou montre pa ki kalite mò li ta bay glwa a Bondye a. E lè Li te pale sa, Li te di L: “Swiv Mwen!”
But this he said, to show by what death he was to glorify Aloha. And when he had said these, he said to him, Come after me.
20 Pierre te vire gade pa dèyè e te wè disip ke Jésus te renmen an t ap swiv li. Sila ki te apiye sou sen Li nan dènye soupe a, e te di: “Senyè, kilès k ap trayi Ou a?”
AND Shemun turned, and saw the disciple whom Jeshu loved following; he, who leaned at the supper upon the bosom of Jeshu, and said, My Lord, who is he that betrayeth thee?
21 Epi Pierre, lè l te wè li, te di a Jésus: “Senyè, e pou nonm sila a?”
This when Kipha saw, he said to Jeshu, My Lord, and this, what?
22 Jésus te di li: “E si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ap ye pou ou? Ou menm, swiv Mwen!”
Jeshu saith to him, If I will that this wait until I come, what (is that) to thee? Come thou after me.
23 Konsa, pawòl sa te kouri pami tout frè yo ke disip sila a pa t ap mouri. Men Jésus pa t di li ke li pa t ap mouri, men sèlman “Si Mwen vle li rete jis lè Mwen vini, kisa sa ye pou ou?”
And that word went forth among the brethren, that that disciple dieth not. But Jeshu did not say, He dieth not, but, If I will that this (man) wait until I come, what (is that) to thee?
24 Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.
This is the disciple who hath testified of all these, and hath also written them: and we know that the truth is his testimony.
25 Epi genyen osi anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tou lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.
There are also many other things which Jeshu hath done, those that if one by one they were written, not the world also itself, as I think, would suffice for the books that could be written.