< Jan 20 >
1 Konsa, nan premye jou semèn nan, Marie a Magdala te vini nan tonm nan bonè, pandan Li te toujou fènwa, e te wè ke wòch la te deja retire sou tonm nan.
And early on the first day of the week, while it was yet dark, Mary Magdalene came to the tomb, and saw that the stone had been taken away from the tomb.
2 E li te kouri vini kote Simon Pierre ak lòt disip ke Jésus te renmen an, e te di yo: “Yo retire Senyè a nan tonm nan e nou pa konnen kote yo mete Li.”
Then she ran and came to Simon Peter, and to the other disciple whom Jesus loved, and said to them: They have taken away the Lord out of the tomb, and we know not where they have laid him.
3 Konsa, Pierre te soti ak lòt disip la, pou yo ale nan tonm nan.
Then Peter and the other disciple went out, and came to the tomb.
4 Yo toulède t ap kouri ansanm. E lòt disip la te kouri vit pase Pierre, e li te rive nan tonm nan avan.
And the two ran together; and the other disciple outran Peter, and came first to the tomb;
5 Lè l bese gade ladann, li te wè twal lèn yo atè a, men li pa t antre.
and he stooped down and saw the linen cloths lying, but he did not go in.
6 Alò, Simon Pierre t ap swiv li, epi te antre nan tonm nan. Li te wè twal lèn yo atè a,
Then came Simon Peter, following him; and he went into the tomb, and saw the linen cloths lying,
7 men twal pou figi ki te konn sou tèt Li a, pa t avèk lòt lèn yo, men te byen woule epi mete nan yon plas akote pou kont li.
and the handkerchief that had been on his head, not lying with the linen cloths, but folded in a place by itself.
8 Lòt disip la ki te rive nan tonm nan avan te antre osi. Li te wè, e li te kwè.
Then, therefore, the other disciple, who came first to the tomb, went in, and saw, and believed.
9 Paske jiska moman sa a, yo poko te konprann Lekriti a ke fòk Li leve ankò soti nan lanmò.
For, as yet, they did not know the scripture, that he must rise from the dead.
10 Konsa, disip yo te kite la pou retounen nan pwòp kay pa yo.
Then the disciples went away again by themselves.
11 Men Marie te kanpe deyò tonm nan. Li t ap kriye, epi konsa, pandan li t ap kriye, li te bese pou gade nan tonm nan.
But Mary stood without near the tomb, weeping; and as she wept, she stooped down and looked into the tomb,
12 E li te wè de zanj abiye an blan ki chita, youn bò kote tèt la, e youn bò kote pye yo, kote kò Jésus te konn kouche a.
and saw two angels in white raiment, sitting, the one at the head, and the other at the foot, where the body of Jesus had lain.
13 Yo te di li: “Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.”
And they said to her: Woman, why do you weep? She said to them: They have taken away my Lord, and I know not where they have laid him.
14 Lè li te fin di sa, li te vire, e te wè Jésus t ap kanpe la, men li pa t konnen ke se te Jésus.
Having said this, she turned back, and saw Jesus standing, and knew not that it was Jesus.
15 Jésus te di li “Fanm, poukisa w ap kriye? Kilès w ap chèche?” Byen kwè ke Li te mèt jaden an, li te di L: “Mesye si ou te pote Li ale, di m kote ou mete Li, epi m ap pran L mennen L ale.”
Jesus said to her: Woman, why do you weep? Whom do you seek? Supposing that it was the gardener, she said to him: Sir, if you have taken him hence, tell me where you have laid him, and I will take him away.
16 Jésus te di li: “Marie!” Li te di Li an Ebre: “Rabouni!”, ki vle di “Mèt!”
Jesus said to her: Mary. She turned, and said to him: Rabboni; which is, translated, Teacher.
17 Jésus te di li: “Pa touche M, paske Mwen poko monte jwenn Papa M. Men ale bò kote frè M yo e di yo ke ‘Mwen monte a Papa Mwen, e Papa pa w, Bondye Mwen, e Bondye Pa w.’”
Jesus said to her: Touch me not, for I have not yet ascended to my Father: but go to my brethren, and say to them, I ascend to my Father and your Father, and to my God and your God.
18 Marie Magdala te vin kote disip yo e te anonse yo: “Mwen wè Senyè a,” epi Li te pale yo de bagay sa yo.
Mary Magdalen came and told the disciples that she had seen the Lord, and that he had said these things to her.
19 Konsa, lè l fènwa nan menm jou sa a, premye jou nan semèn nan, lè pòt yo te fèmen kote disip yo te ye a, akoz laperèz a Jwif yo, Jésus te vini epi kanpe nan mitan yo. Li te di yo: “Lapè avèk nou.”
Then, on that day, the first day of the week, when it was evening, and the doors of the house in which the disciples were assembled had been closed for fear of the Jews, Jesus came and stood in the midst, and said to them: Peace be to you.
20 E lè Li te di sa, Li te montre yo tou de men li yo, ak akote li. Pou sa, disip yo te rejwi lè yo te wè Senyè a.
And having said this, he showed them his hands and his side. Then the disciples rejoiced, when they saw the Lord.
21 Pou sa, Jésus te di yo ankò: “Lapè avèk nou. Kon Papa a te voye M nan, osi, Mwen voye nou.”
Then Jesus said to them again: Peace be to you. As my Father has sent me, so I send you.
22 E lè Li te di sa, li te soufle sou yo e te di yo: “Resevwa Lespri Sen an.
And when he had said this, he breathed on them, and said to them: Receive the Holy Spirit.
23 “Si nou padonnen peche a nenpòt moun, peche yo ap gen tan padonnen. E si nou kenbe peche a nenpòt moun, y ap kenbe.”
Whosever sins you forgive, they are forgiven them: whosever sins you retain, they are retained.
24 Men Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an.
But Thomas, one of the twelve, who is called Didymus, was not with them when Jesus came.
25 Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”
Then the other disciples said to him: We have seen the Lord. But he said to them: Unless I see in his hands the print of the nails, and put my finger in the print of the nails, and put my hand into his side, I will not believe.
26 Uit jou pi tà, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”
And after eight days, again his disciples were within, and Thomas was with them. Then Jesus came, though the doors had been closed, and stood in the midst, and said: Peace be to you.
27 Alò Li te di a Thomas “Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”
Then he said to Thomas: Reach hither your finger, and behold my hands; and reach hither your hand, and put it into my side; and be not faithless, but believing.
28 Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”
And Thomas answered and said to him: My Lord and my God.
29 Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men te kwè.”
Jesus said to him: Because you have seen me you have believed: blessed are they who, though they have not seen, yet have believed.
30 Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a.
Many other signs truly did Jesus in the presence of his disciples, which are not written in this book;
31 Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.
but these are written, that you may believe that Jesus is the Christ, the Son of God, and that by believing you may have life through his name.