< Jan 19 >
1 Konsa, Pilate te pran Jésus epi te bat Li ak fwèt.
Тоді Пилат [наказав] узяти Ісуса й бичувати.
2 Sòlda yo te trese yon kouwòn pikan e te mete li sou tèt Li. Yo te abiye Li ak yon gwo vètman mov.
Воїни сплели вінок із тернини та поклали Йому на голову й одягли Його в багряницю,
3 Yo t ap repete pawòl: “Sali, Wa Jwif Yo!” epi t ap bay Li kou nan figi li.
підходили до Нього й казали: «Вітаємо Тебе, Царю юдеїв!» І били Його по обличчю.
4 Pilate te parèt deyò ankò epi te di: “Gade byen, mwen mennen L devan nou ankò pou nou ka konnen ke m pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
Пилат знову вийшов на двір і сказав юдеям: ―Ось я виводжу Його до вас на двір, щоб ви знали: я не знаходжу жодної підстави для Його звинувачення.
5 Konsa Jésus te vin parèt abiye avèk kouwòn pikan an ak gwo vètman mov la. Epi Pilate te di yo: “Gade nonm nan!”
Коли Ісус вийшов із терновим вінком та зодягнений у багряницю, [Пилат] сказав їм: ―Ось Чоловік!
6 Konsa, lè chèf prèt yo ak ofisye yo te wè Li, yo te kriye fò e te di: “Krisifye! Krisifye!” Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi krisifye Li, paske mwen pa twouve okenn koupabilite nan Li.”
Як тільки первосвященники й слуги побачили Його, то закричали: ―Розіпни! Розіпни [Його]! Пилат сказав їм: ―Візьміть Його ви та розіпніть, бо я не знаходжу ніякої провини в Ньому.
7 Jwif yo te reponn li: “Nou gen yon lwa, e pa lwa sila a, Li dwe mouri paske Li te fè kòmsi se Fis a Bondye Li ye.”
Юдеї відповіли: ―У нас є Закон, і згідно з цим Законом Він повинен померти, бо Він видає Себе за Сина Божого.
8 Lè Pilate te tande pawòl sila a, li te vin krent plis.
Коли Пилат почув ці слова, то ще більше злякався.
9 Li te lantre ankò nan tribinal la e te di a Jésus: “Kote Ou soti?” Men Jésus pa t reponn li.
Він знов зайшов до преторії і сказав Ісусові: ―Звідки Ти? Але Ісус нічого йому не відповідав.
10 Pou sa, Pilate te di L: “Ou pa pale avè m? Èske Ou pa konnen ke m gen otorite pou krisifye Ou?”
Пилат сказав Йому: ―Не говориш зі мною? Ти не розумієш, що я маю владу звільнити Тебе й маю владу розіп’яти Тебе?
11 Jésus te reponn Li: “Ou pa t ap gen otorite sou Mwen si li pa t soti anwo. Konsa, sila a ki livre M bay ou a gen pi gwo peche.”
Ісус відповів: ―Ти б не мав влади наді Мною, якби вона не була дана тобі згори. Тому той, хто передав Мене тобі, має більший гріх.
12 Akoz sa a, Pilate te fè yon efò pou lage Li, men Jwif yo te kriye fò epi te di: “Si ou lage nonm sila a, ou pa zanmi a César. Nenpòt moun ki fè kòmsi se yon wa li ye, se lènmi a César.”
Відтоді Пилат намагався звільнити Ісуса, але юдеї продовжували кричати: ―Якщо ти Його відпустиш, ти не друг Кесаря. Кожен, хто робить себе царем, виступає проти Кесаря.
13 Lè konsa, Pilate te tande pawòl sa yo, li te mennen Jésus deyò, e te chita sou chèz jijman an nan plas yo rele Pave a, men an Ebre Gabbatha.
Коли Пилат почув ці слова, він вивів Ісуса й сів на місце судді, що зветься Кам’яний поміст, а єврейською – Гаввата.
14 Se te Jou Preparasyon pou Pak Jwif la. Li te anviwon sizyèm lè. Li te di a Jwif yo: “Men Wa nou!”
Це був день Приготування Пасхи, було близько шостої години. [Пилат] сказав юдеям: ―Ось ваш Цар!
15 Pou sa yo te kriye fò: “Fè L soti, fè L soti, krisifye L!” Pilate te di yo: “Èske m ta krisifye Wa nou an?” Chèf prèt yo te reponn: “Nou pa gen okenn lòt wa ke César.”
Вони закричали: ―Візьми, Візьми Його геть! Розіпни Його! Пилат запитав: ―Розіп’яти вашого Царя? Первосвященники відповіли: ―У нас немає царя, окрім Кесаря.
16 Konsa, li te livre Li pou krisifye. Yo te pran Li, epi te mennen L ale.
Тоді Пилат віддав Його їм на розп’яття. Тож вони взяли Ісуса й повели.
17 Li te soti e t ap pote pwòp kwa Li vè plas ke yo rele Plas a Zo Tèt Mò a, ke nan lang Ebre yo rele Golgotha.
Несучи Свій хрест, Він прийшов на місце, що називається «місце Черепа» (єврейською – Голгофа).
18 La yo te krisifye Li, ansanm avèk de lòt mesye yo, youn nan chak kote avèk Jésus nan mitan.
Там Його розіп’яли, а з Ним і двох інших – по одному з обох боків; Ісус був посередині.
19 Pilate te ekri yon enskripsyon, e te mete li sou kwa a. Li te di “Jésus de Nazareth, Wa Jwif Yo.”
Пилат звелів зробити напис і прикріпити до хреста. На ньому було написано: ісус назарянин, цар юдеїв.
20 Konsa, anpil nan Jwif yo te li enskripsyon sila a, paske plas kote Jésus te krisifye a te prè vil la, e li te ekri nan Ebre, Latin ak Grèk.
Багато юдеїв читали цей напис, бо місце, де був розіп’ятий Ісус, було поблизу міста, а напис був написаний єврейською, латинською та грецькою.
21 Epi chèf prèt yo t ap di a Pilate: “Pa ekri ‘Wa Jwif yo’, men ke ‘Li te di: “Mwen se Wa Jwif yo.”’
Юдейські первосвященники сказали Пилатові: ―Не пиши: «Цар юдеїв», але: «Він казав: „Я Цар юдеїв!“»
22 Pilate te reponn “Sa ke m ekri a, mwen ekri nèt”.
Пилат відповів: ―Що написав, те й написав!
23 Sòlda yo, lè yo te fin krisifye Jésus te pran tout vètman li epi fè kat pati. Yon pati pou chak sòlda, anplis tinik la. Konsa, tinik la te yon sèl moso twal san koud soti anwo, jis rive anba.
Коли солдати розіп’яли Ісуса, вони взяли Його одяг і поділили на чотири частини, по одній для кожного з них. Його сорочку вони також взяли, але сорочка була не зшита, а цільна, зіткана зверху донизу.
24 Akoz sa yo te di youn ak lòt, annou pa chire li, men tire osò pou li, pou deside pou kilès li dwe ye. Konsa, yo te akonpli Lekriti a ki te di: “Yo te divize vètman Mwen yo pami yo, e pou rad Mwen yo tire osò.” Pou sa a, sòlda yo te fè bagay sa yo.
Тоді вони сказали між собою: «Не будемо її розривати, а киньмо жереб на неї – кому вона дістанеться». Це сталося, щоб збулося сказане в Писанні: «Вони розділили між собою мої шати й за одяг мій кидають жереб». Тож воїни так і зробили.
25 Men manman Li, sè a manman Li, Marie, madanm a Cléopas, ak Marie Magdalène t ap kanpe prè kwa Jésus a.
Біля хреста Ісуса стояли Його мати, сестра Його матері, Марія – дружина Клеопова та Марія Магдалина.
26 Konsa, lè Jésus te wè manman L ak disip ke Li te renmen an, ki te kanpe toupre a, Li te di a manman: “Fanm, men gade fis ou!”
Коли Ісус побачив там Свою матір та учня, якого Він любив і який стояв поруч із нею, промовив до Своєї матері: «Жінко, ось твій син!»
27 Epi Li te di a disip la: “Men gade manman ou!” Depi lè sa, disip la te pran li pou rete tankou manm lakay li.
Потім сказав учневі: «Ось твоя мати!» Відтоді учень узяв її до себе.
28 Apre sa Jésus, byen konnen ke tout bagay te deja acheve, pou Lekriti a ta kapab akonpli, te di: “Mwen swaf.”
Після цього, знаючи, що тепер усе звершилося, і щоб збулося Писання, Ісус сказав: «Я спраглий!»
29 Yon bokal ranpli avèk diven si te kanpe la. Epi yo te mete yon eponj ranpli avèk diven si a sou yon branch izòp pou te lonje l anwo vè bouch Li.
Там була повна посудина з оцтом. Тож вони змочили губку в оцті, настромили її на стебло гісопу та піднесли до вуст Ісуса.
30 Konsa, lè Jésus te resevwa diven si a, Li te di: “Li se fini!” Epi Li te bese tèt Li e te rann lespri Li.
Спробувавши оцту, Ісус сказав: «Звершилося!» І, схиливши голову, віддав духа.
31 Pou sa, Jwif yo, akoz ke se te Jou Preparasyon an, e ke kò yo pa ta dwe rete sou lakwa pandan Saba a, pwiske Saba a te yon gwo jou sen, te mande Pilate pou kase janm tout moun yo, pou yo ta kapab retire yo.
Тоді був день Приготування, і юдеї не хотіли, щоб тіла залишалися на хрестах у Суботу, тому що та Субота була великим днем. Тому вони просили Пилата перебити ноги розіп’ятим та зняти їх.
32 Konsa, sòlda yo te vini e te kase janm a premye mesye a, epi lòt ki te krisifye avèk li a.
Воїни прийшли й перебили ноги першому, а потім і другому, розіп’ятому з Ним.
33 Men lè yo vini sou Jésus, yo te wè ke Li te deja mouri, epi yo pa t kase janm Li yo.
Підійшовши до Ісуса, побачили, що Він уже мертвий, і не стали перебивати Йому ніг.
34 Men youn nan sòlda yo te frennen akote Li avèk yon lans, epi imedyatman, san mele avèk dlo te soti.
Але один із воїнів списом проколов Ісусові бік, і одразу з рани потекли кров і вода.
35 E sila a ki wè gen tan bay temwaye, epi temwayaj li vrè. E li konnen ke l ap di laverite, pou nou tout kapab kwè.
Той, хто бачив [це], свідчить, і його свідчення правдиве. Він знає, що говорить правду, щоб ви повірили.
36 Paske bagay sa yo te vin pase, pou Lekriti a ta kapab akonpli “Pa menm yon zo nan Li va kase.”
Це сталося, щоб збулося Писання: «Жодна Його кістка не буде зламана».
37 E ankò yon lòt Ekriti di “Yo va gade sila a ke yo pèse a.”
І, знову ж, в іншому місці Писання каже: «Вони будуть дивитися на Того, Кого прокололи».
38 Apre bagay sa yo, Joseph d'Arimathée, ki te yon disip a Jésus, men an sekrè akoz perèz a Jwif yo, te mande Pilate pou l kite li pran kò Jésus. E Pilate te bay li pèmisyon.
Після цього Йосиф з Ариматеї попросив Пилата віддати йому тіло Ісуса. Йосиф був учнем Ісуса, але таємним, через страх перед юдеями. З дозволу Пилата він прийшов і забрав тіло Ісуса.
39 Nicodème ki te vini premyèman kote li nan nwit lan te vini tou. Yo t ap pote yon melanj lami avèk epis lalwa ki te peze kon pwa anviwon san liv.
Разом з Йосифом був і Никодим, який раніше приходив до Ісуса вночі. Никодим приніс суміш смирни й алое, приблизно сто літрів.
40 Konsa, yo te pran kò a Jésus, epi te vlope l avèk twal lèn avèk epis selon koutim lantèman a Jwif yo.
Узявши тіло Ісуса, вони загорнули його у льняне полотно з пахощами згідно з юдейськими звичаями поховання.
41 Nan plas kote Li te krisifye a, te gen yon jaden, e nan jaden an yon tonm nèf kote pèsòn poko te poze.
На тому місці, де був розіп’ятий Ісус, був сад, а в саду була нова гробниця, у якій нікого ще не було поховано.
42 Pou sa, akoz jou Preparasyon Jwif la, e akoz ke tonm nan te prè, yo te poze Jésus la.
Оскільки був день Приготування до юдейської Суботи й гробниця була поруч, вони поклали туди Ісуса.