< Jan 18 >

1 Lè Jésus te pale pawòl sa yo, Li te pase avèk disip Li yo lòtbò ravin Cédron an, kote te gen yon jaden. Li menm te antre la avèk disip Li yo.
Da Jesus havde sagt dette, gik han ud med sine Disciple over Kedrons Bæk, hvor der var en Have, i hvilken han gik ind med sine Disciple.
2 Anplis, Judas osi, ki t ap trayi Li a te konnen plas la, pwiske Jésus te konn reyini la souvan ak disip Li yo.
Men ogsaa Judas, som forraadte ham, kendte Stedet; thi Jesus samledes ofte der med sine Disciple.
3 Konsa, Judas, ki te deja resevwa kòwòt sòlda Women an avèk ofisye chèf prèt yo ak Farizyen yo, te vini la avèk lantèn, flanbo, ak zam.
Saa tager Judas Vagtafdelingen og Svende fra Ypperstepræsterne og Farisæerne og kommer derhen med Fakler og Lamper og Vaaben.
4 Jésus, byen okouran sou tout bagay ki t ap vini sou Li yo, te vin parèt epi te di yo: “Kilès n ap chache?”
Da nu Jesus vidste alt, hvad der skulde komme over ham, gik han frem og sagde til dem: „Hvem lede I efter?”
5 Yo te reponn Li: “Jésus, Nazareyen an.” Li te di yo: “Mwen menm se Li”. Judas osi ki t ap trayi Li a, te kanpe avèk yo.
De svarede ham: „Jesus af Nazareth.” Jesus siger til dem: „Det er mig.” Men ogsaa Judas, som forraadte ham, stod hos dem.
6 Lè konsa, Li te di yo: “Mwen menm se Li,” yo te fè bak epi tonbe atè.
Som han da sagde til dem: „Det er mig,” vege de tilbage og faldt til Jorden.
7 Ankò konsa, Li te mande yo: “Kilès n ap chache?” E yo te di: “Jésus, Nazareyen an.”
Han spurgte dem nu atter: „Hvem lede I efter?” Men de sagde: „Jesus af Nazareth.”
8 Jésus te reponn: “Mwen te di nou ke Mwen menm se Li. Si se pou sa, se Mwen nou ap chache, lese lòt yo fè wout yo.”
Jesus svarede: „Jeg har sagt eder, at det er mig; dersom I da lede efter mig, saa lader disse gaa!”
9 Pou pawòl ke Li te pale a ta kapab akonpli: “Nan sa ke Ou te ban Mwen yo, Mwen pa t pèdi youn.”
for at det Ord skulde opfyldes, som han havde sagt: „Jeg mistede ingen af dem, som du har givet mig.”
10 Konsa, Simon Pierre ki te gen yon nepe, te rale li e te frape esklav wo prèt la, epi te koupe zòrèy dwat la. Esklav la te rele Malchus.
Simon Peter, som havde et Sværd, drog det nu og slog Ypperstepræstens Tjener og afhuggede hans højre Øre. Men Tjeneren hed Malkus.
11 Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”
Da sagde Jesus til Peter: „Stik dit Sværd i Skeden! Skal jeg ikke drikke den Kalk, som min Fader har givet mig?”
12 Konsa, kòwòt women an, avèk kòmandan, avèk ofisye Jwif yo te arete Jésus, e te mare Li.
Vagtafdelingen og Krigsøversten og Jødernes Svende grebe da Jesus og bandt ham.
13 Yo te mennen Li premyèman bò kote Anne. Paske Li menm te bòpè a Caïphe, ki te wo prèt nan lane sa a.
Og de førte ham først til Annas; thi han var Svigerfader til Kajfas, som var Ypperstepræst i det Aar.
14 Epi se te Caïphe ki te bay konsèy a Jwif yo ke li ta meyè pou yon moun mouri pou benefis a tout pèp la.
Men det var Kajfas, som havde givet Jøderne det Raad, at det var gavnligt, at eet Menneske døde for Folket.
15 Simon Pierre t ap swiv Jésus ansanm ak yon lòt disip. Alò, disip sila a te rekonèt pa wo prèt la, e te antre avèk Jésus nan lakou wo prèt la,
Men Simon Peter og en anden Discipel fulgte Jesus, og den Discipel var kendt med Ypperstepræsten, og han gik ind med Jesus i Ypperstepræstens Gaard.
16 Men Pierre te kanpe prè pòt deyò a. Pou sa, lòt disip ki te byen rekonèt pa wo prèt la te ale deyò a e te pale avèk gadyen pòt la, epi te fè Pierre antre.
Men Peter stod udenfor ved Døren. Da gik den anden Discipel, som var kendt med Ypperstepræsten, ud og sagde det til Dørvogtersken og førte Peter ind.
17 Fi domestik ki te okipe de pòt la te di Pierre: “Èske Ou pa osi youn nan disip a mesye sila a?” Li te di: “Se pa Mwen.”
Pigen, som var Dørvogterske, siger da til Peter: „Er ogsaa du af dette Menneskes Disciple?” Han siger: „Nej, jeg er ikke.”
18 Epi lòt esklav yo ak ofisye ki te la yo, te fè yon dife avèk chabon, pwiske li te fè frèt e yo t ap chofe kò yo. Pierre te la avèk yo tou, e te kanpe la pou chofe kò li.
Men Tjenerne og Svendene stode og havde gjort en Kulild (thi det var koldt) og varmede sig; men ogsaa Peter stod hos dem og varmede sig.
19 Konsa, wo prèt la t ap kesyone Jésus konsènan disip Li yo, e sou sa Li te enstwi yo.
Ypperstepræsten spurgte nu Jesus om hans Disciple og om hans Lære.
20 Jésus te reponn Li: “Mwen pale ouvètman a lemonn. Mwen te toujou enstwi nan sinagòg yo, ak nan tanp lan, kote tout Jwif yo rasanble. E Mwen pa t pale anyen an sekrè.
Jesus svarede ham: „Jeg har talt frit ud til Verden; jeg har altid lært i Synagoger og i Helligdommen, der, hvor alle Jøderne komme sammen, og i Løndom har jeg intet talt.
21 Poukisa nou ap kesyone M? Mande sa yo ki tande sa ke M te pale yo. Yo konnen sa ke M te di yo.”
Hvorfor spørger du mig? Spørg dem, som have hørt, hvad jeg talte til dem; se, de vide, hvad jeg har sagt.”
22 Lè Li te di sa, youn nan ofisye yo te frape Jésus, e te di: “Èske se konsa Ou reponn wo prèt la?”
Men som han sagde dette, gav en af Svendene, som stod hos, Jesus et Slag i Ansigtet og sagde: „Svarer du Ypperstepræsten saaledes?”
23 Jésus te reponn li: “Si Mwen pale mal, fè temwayaj a mal la, men si Mwen pale byen, poukisa Ou frape M?”
Jesus svarede ham: „Har jeg talt ilde, da bevis, at det er ondt; men har jeg talt ret, hvorfor slaar du mig da?”
24 Akoz sa a, Anne te voye Li tou mare bay Caïphe, wo prèt la.
Annas sendte ham nu bunden til Ypperstepræsten Kajfas.
25 Alò, Simon Pierre te kanpe ap chofe kò li. Yo te di l konsa: “Se pa ou menm tou ki youn nan disip Li yo?” Li te demanti sa e te di: “Non, se pa Mwen.”
Men Simon Peter stod og varmede sig. Da sagde de til ham: „Er ogsaa du af hans Disciple?” Han nægtede det og sagde: „Nej, jeg er ikke.”
26 Youn nan esklav wo prèt la, konsi, yon manm fanmi a sila a ki te gen zòrèy koupe pa Pierre a te di: “Èske M pa t wè ou nan jaden an avèk Li?”
En af Ypperstepræstens Tjenere, som var en Frænde af ham, hvis Øre Peter havde afhugget, siger: „Saa jeg dig ikke i Haven med ham?”
27 Konsa, Pierre te demanti sa ankò, epi lapoula, kòk la te chante.
Da nægtede Peter det atter, og straks galede Hanen.
28 Yo te mennen Jésus soti kote Caïphe, pou antre nan Tribinal la. Li te trè bonè, e yo pa t antre nan tribinal la pou yo pa vin souye, pou yo toujou ta kapab manje Pak la.
De føre nu Jesus fra Kajfas til Landshøvdingens Borg; men det var aarle. Og de gik ikke ind i Borgen, for at de ikke skulde besmittes, men kunde spise Paaske.
29 Pou sa, Pilate te soti deyò pou pale avèk yo e te di: “Ki akizasyon nou pote kont nonm sila a?”
Pilatus gik da ud til dem, og han siger: „Hvad Klagemaal føre I mod dette Menneske?”
30 Yo te reponn e te di li: “Si nonm sila pa te yon malfektè, nou pa t ap livre li bay ou.”
De svarede og sagde til ham: „Var han ikke en Ugerningsmand, da havde vi ikke overgivet ham til dig.”
31 Epi Pilate te di yo: “Pran Li nou menm epi jije Li selon lalwa pa nou.” Jwif yo te di li: “Li pa pèmi pou nou mete yon moun a lanmò.”
Da sagde Pilatus til dem: „Tager I ham og dømmer ham efter eders Lov!” Da sagde Jøderne til ham: „Det er os ikke tilladt at aflive nogen;”
32 Pou pawòl ke Jésus te pale a ta kapab akonpli, ki te montre ki kalite mò Li t ap mouri.
for at Jesu Ord skulde opfyldes, det, som han sagde, da han gav til Kende, hvilken Død han skulde dø.
33 Konsa, Pilate te antre ankò nan Tribinal la, e te rele Jésus, e te di Li: “Èske Ou se Wa a Jwif yo.”
Da gik Pilatus igen ind i Borgen og kaldte paa Jesus og sagde til ham: „Er du Jødernes Konge?”
34 Jésus te reponn li: “Èske ou mande sa pou kont ou, oubyen èske gen lòt moun ki pale ou de Mwen?”
Jesus svarede: „Siger du dette af dig selv, eller have andre sagt dig det om mig?”
35 Pilate te reponn: “Èske mwen menm se yon Jwif? Pwòp nasyon pa W te livre Ou ban mwen. Kisa Ou fè?”
Pilatus svarede: „Mon jeg er en Jøde? dit Folk og Ypperstepræsterne have overgivet dig til mig; hvad har du gjort?”
36 Jésus te reponn: “Wayòm Mwen pa de mond sila a. Si wayòm Mwen te de mond sila a, sèvitè Mwen yo ta goumen pou Mwen pa ta livre a Jwif yo, men koulye a, wayòm Mwen pa de isit.”
Jesus svarede: „Mit Rige er ikke af denne Verden. Var mit Rige af denne Verden, havde mine Tjenere stridt for, at jeg ikke var bleven overgiven til Jøderne; men nu er mit Rige ikke deraf.”
37 Pou sa, Pilate te di Li: “Alò se yon wa ke Ou ye?” “Ou di byen kòrèk, ke se yon wa ke Mwen ye. Pou sa Mwen fèt, e Pou sa Mwen vini nan lemonn. Pou pote temwayaj a laverite. Tout moun ki nan laverite a tande vwa M.”
Da sagde Pilatus til ham: „Du er altsaa dog en Konge?” Jesus svarede: „Du siger det, jeg er en Konge. Jeg er dertil født og dertil kommen til Verden, at jeg skal vidne om Sandheden. Hver den, som er af Sandheden, hører min Røst.”
38 Pilate te di L: “Kisa ki laverite a?” Lè l fin di sa, li te ale deyò ankò kote Jwif yo, e te di yo: “Mwen pa twouve okenn koupabilite nan mesye sila a.
Pilatus siger til ham: „Hvad er Sandhed?” Og da han havde sagt dette, gik han igen ud til Jøderne, og han siger til dem: „Jeg finder ingen Skyld hos ham.
39 Men nou gen yon koutim, ke Mwen gen pou lage pou nou yon moun nan lè Pak Jwif la. Èske konsa, nou ta renmen m lage pou nou Wa a Jwif Yo?”
Men I have den Skik, at jeg løslader eder en om Paasken; ville I da, at jeg skal løslade eder Jødernes Konge?”
40 Pou sa yo te kriye ankò e te di: “Pa mesye sila a, men lage Barabbas”. Alò, Barabbas te yon vòlè.
Da raabte de alle igen og sagde: „Ikke ham, men Barabbas;” og Barabbas var en Røver.

< Jan 18 >