< Jan 17 >

1 Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kapab bay a Ou menm.
These words spoke Jesus, and lifted up his eyes to heaven, and said, Father, the hour is come; glorify thy Son, that thy Son also may glorify thee:
2 Menm jan ke Ou te bay Li otorite sou tout chè, a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl. (aiōnios g166)
As thou hast given him power over all flesh, that he should give eternal life to as many as thou hast given him. (aiōnios g166)
3 “E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vrè Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a. (aiōnios g166)
And this is life eternal, that they may know thee the only true God, and Jesus Christ whom thou hast sent. (aiōnios g166)
4 Mwen te bay Ou glwa sou latè, lè M te acheve travay ke Ou ban M fè a.
I have glorified thee on the earth: I have finished the work which thou gavest me to do.
5 “E koulye a, ban M glwa ansanm avèk Ou Menm, Papa, avèk glwa ke M te gen avè W avan lemonn te egziste a.
And now, O Father, glorify thou me with thy ownself, with the glory which I had with thee before the world was.
6 “Mwen fè non Ou rekonèt a moun ke Ou te ban Mwen nan lemonn yo. Yo te pou Ou, e Ou te ban Mwen yo. Konsa, yo kenbe pawòl Ou.
I have manifested thy name to the men whom thou gavest to me out of the world: thine they were, and thou gavest them to me; and they have kept thy word.
7 “Koulye a, yo gen tan konnen ke tout bagay ke Ou ban Mwen soti nan Ou menm.
Now they have known that all things whatever thou hast given me are from thee.
8 Paske pawòl ke Ou te ban Mwen yo, Mwen bay yo, e yo te resevwa yo e te vrèman konprann ke Mwen soti nan Ou menm. Yo te kwè ke Ou te voye Mwen.
For I have given to them the words which thou gavest me; and they have received [them], and have known surely that I came from thee, and they have believed that thou didst send me.
9 “Mwen mande anfavè yo. Mwen pa mande pou lemonn, men pou sa ke Ou te ban Mwen yo. Paske se pou Ou yo ye.
I pray for them: I pray not for the world, but for them whom thou hast given to me; for they are thine.
10 “Tout bagay ki pou Mwen, se pou Ou, e sa ki pou Ou, se pou Mwen. Mwen resevwa glwa nan yo.
And all mine are thine, and thine are mine; and I am glorified in them.
11 “Mwen pa nan lemonn ankò. Malgre, yo menm, yo toujou nan lemonn, e Mwen vini a Ou, Papa ki Sen, kenbe yo nan non Ou, non ke Ou ban Mwen an, pou yo kapab vin yon sèl, menm jan ke nou menm, nou se yon sèl.
And now I am no more in the world, but these are in the world, and I come to thee. Holy Father, keep through thy own name those whom thou hast given to me, that they may be one, as we [are].
12 Pandan Mwen te avèk yo, Mwen t ap kenbe yo nan non Ou, sa ke Ou te ban Mwen yo. E Mwen te gade yo. Youn nan yo pa t pèdi sof fis pèdisyon an, pou Lekriti ta kapab akonpli.
While I was with them in the world, I kept them in thy name: those that thou gavest to me I have kept, and none of them is lost but the son of perdition; that the scripture might be fulfilled.
13 “Men koulye a, Mwen ap vini kote Ou. Konsa, bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.
And now I come to thee, and these things I speak in the world, that they may have my joy fulfilled in themselves.
14 “Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn.
I have given to them thy word; and the world hath hated them, because they are not of the world, even as I am not of the world.
15 Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an.
I pray not that thou shouldst take them out of the world, but that thou shouldst keep them from the evil.
16 Yo pa nan lemonn menm jan ke Mwen pa nan lemonn.
They are not of the world, even as I am not of the world.
17 Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.
Sanctify them through thy truth: thy word is truth.
18 “Kon Ou te voye M nan lemonn nan, Mwen osi voye yo nan lemonn.
As thou hast sent me into the world, even so have I also sent them into the world.
19 E pou koz a yo menm, Mwen vin sen Mwen menm, pou yo menm kapab vin sen nan laverite.
And for their sakes I sanctify myself, that they also may be sanctified through the truth.
20 “Mwen pa mande pou sila yo sèlman, men pou sa yo osi ki kwè nan Mwen pa pawòl pa yo.
Neither pray I for these alone; but for them also who shall believe on me through their word.
21 Pou yo tout kapab fè yon sèl. Menm jan ke Ou menm, Papa, Ou nan Mwen, e Mwen nan Ou, pou yo kapab nan Nou tou. Pou lemonn kapab kwè ke Ou te voye M.
That they all may be one; as thou, Father, [art] in me, and I in thee, that they also may be one in us: that the world may believe that thou hast sent me.
22 Glwa ke Ou ban Mwen an, Mwen bay yo. Pou yo kapab fè yon sèl, menm jan ke Nou fè yon sèl.
And the glory which thou gavest to me, I have given to them; that they may be one, even as we are one.
23 Mwen nan yo, e Ou nan Mwen, pou yo kapab vin pafè nan linite, pou lemonn kapab konnen ke Ou te voye Mwen, e te renmen yo, menm jan ke Ou renmen Mwen.
I in them, and thou in me, that they may be made perfect in one; and that the world may know that thou hast sent me, and hast loved them as thou hast loved me.
24 “Papa, Mwen vle ke yo menm tou, ke Ou ban Mwen yo, kapab avèk Mwen kote Mwen ye a, pou yo kapab wè glwa M, ke Ou ban Mwen, paske Ou te renmen Mwen avan fondasyon lemonn.
Father, I will that they also whom thou hast given to me be with me where I am; that they may behold my glory which thou hast given to me: for thou lovedst me before the foundation of the world.
25 “O Papa ladwati a, malgre lemonn pa konnen Ou, Mwen konnen Ou. E sa yo konnen ke Ou te voye Mwen.
O righteous Father, the world hath not known thee: but I have known thee, and these have known that thou hast sent me.
26 E Mwen te fè non Ou rekonèt a yo, e yo va fè l rekonèt; pou menm lamou ke Ou renmen Mwen an, kapab nan yo, epi Mwen menm nan yo.”
And I have declared to them thy name, and will declare [it]: that the love with which thou hast loved me, may be in them, and I in them.

< Jan 17 >