< Jan 14 >

1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
Ne bodi vam srce plašno! Verujte v Boga, in v mé verujte.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou.
V hiši očeta mojega je veliko stanovališč; a če ne, povedal bi vam. Grem vam pripravljat prostora.
3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.
In ko odidem in vam prostor pripravim, prišel bom zopet, in vzel vas bom k sebi: da boste tudi vi tam, kjer bom jaz.
4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
In kam jaz grem, véste, tudi pot véste.
5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”
Reče mu Tomaž: Gospod, ne vémo, kam greš; in kako moremo vedeti pot?
6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
Reče mu Jezus: Jaz sem pot in resnica in življenje; nihče ne pride k očetu, razen po meni.
7 Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.”
Ko bi mene poznali, poznali bi tudi očeta mojega; in odsihmal ga poznate, in videli ste ga.
8 Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”
Reče mu Filip: Gospod! pokaži nam očeta, in dosti nam je.
9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’
Reče mu Jezus: Toliko časa sem z vami, in nisi me poznal, Filip? Kdor je mene videl, videl je očeta: in kako praviš ti: Pokaži nam očeta?
10 Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen? “Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li.
Ne veruješ li, da sem jaz v očetu, in oče v meni? Besed, ktere vam jaz pravim, ne govorim sam od sebe; nego oče, kteri v meni prebiva, on dela dela.
11 Kwè Mwen, ke Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, kwè menm akoz zèv mwen yo.
Verujte mi, da sem jaz v očetu, in oče v meni; a če ne, verujte mi vsaj za voljo del.
12 “Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.
Resnično resnično vam pravim: Kdor veruje v mé, tudi on bo delal dela, ktera jaz delam, in delal bo veča od teh: kajti jaz grem k očetu.
13 “Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la.
In karkoli boste v ime moje prosili, to bom storil: da se oslavi oče v sinu.
14 Si nou mande M nenpòt bagay nan non Mwen, M ap fè l.
Če boste kaj prosili v ime moje, jaz bom storil.
15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
Če me ljubite, izpolnjujte zapovedi moje.
16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. (aiōn g165)
In jaz bom prosil očeta, in drugega tolažnika vam bo dal, da ostane z vami vekomaj, (aiōn g165)
17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
Duha resnice, kterega svet ne more prejeti, ker ga ne vidi, in ga tudi ne pozna; vi ga pa poznate, ker v vas prebiva, in v vas bo.
18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.
Ne bom vas pustil sirot; prišel bom k vam.
19 Apre yon ti tan, lemonn p ap wè M ankò. Men nou menm ap wè m. Akoz ke Mwen viv, nou menm ap viv tou.
Še malo, in svet me ne bo videl; a vi me boste videli: ker jaz živim, živeli boste tudi vi.
20 Nan jou sa nou ap konnen ke Mwen menm nan Papa a, e nou nan Mwen, e Mwen nan nou.
Tisti dan boste vi razpoznali, da sem jaz v očetu svojem, in vi v meni, in jaz v vas.
21 “Moun ki gen kòmandman Mwen yo, e kenbe yo, se li ki renmen M. E li menm ki renmen M, ap renmen pa Papa Mwen, e Mwen va renmen l epi va devwale M a li.”
Kdor zapovedi moje ima in jih izpolnjuje, on je ta, ki me ljubi; kdor pa mene ljubi, ljubil ga bo oče moj: in jaz ga bom ljubil, in razodel mu se bom sam.
22 Judas, se pa Iscariot la, te di Li: “Senyè, kisa menm ki rive ki fè W ap devwale Ou a nou, e pa a lemonn?”
Reče mu Juda, ne Iškarijan: Gospod! kako je to, da se boš nam razodel, in ne svetu?
23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”.
Jezus odgovorí in mu reče: Če me kdo ljubi, izpolnjeval bo besedo mojo, in oče moj ga bo ljubil, in prišli bomo k njemu, in nastanili se bomo pri njem.
24 Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.
Kdor me ne ljubi, ta besed mojih ne izpolnjuje; in beseda, ktero slišite, ni moja, nego očeta, kteri me je poslal.
25 Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an.
To sem vam povedal, dokler sem z vami.
26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
Tolažnik pa, Duh sveti, kterega vam bo oče v ime moje poslal, on vas bo vse učil, in spominjal vas bo vsega, kar sem vam povedal.
27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
Mir vam zapuščam, mir svoj vam dajem; ne dajem vam jaz, kakor svet daje. Ne bodi vam srce plašno in boječe!
28 “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M.
Slišali ste, da sem vam jaz rekel: Grem, in prišel bom k vam. Ko bi me ljubili, veselili bi se, da sem rekel: K očetu grem; kajti oče moj je veči od mene.
29 E koulye a Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.
In povedal sem vam sedaj, predno se je zgodilo, da kedar se zgodí, da boste verovali.
30 “Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen.
Ne bom več veliko z vami govoril; gre namreč vojvoda tega sveta, in na meni nima ničesar:
31 Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l. “Leve, annou kite isit la.”
Nego da svet spozna, da ljubim očeta, in delam tako, kakor mi je oče zapovedal. Vstanite, pojdimo odtod!

< Jan 14 >