< Jan 12 >

1 Pou sa a, sis jou avan fèt la Jésus te vini nan Béthanie, kote Lazare, moun Li te fè leve sòti nan lanmò a te ye a.
Tedy Jezus szóstego dnia przed wielkanocą przyszedł do Betanii, kędy był Łazarz, który był umarł, którego wzbudził od umarłych.
2 Konsa, yo te prepare yon manje pou li la. Marthe t ap sèvi, men Lazare te youn nan yo ki te sou tab avèk Li.
Tamże mu sprawili wieczerzę, a Marta posługiwała, a Łazarz był jednym z onych, którzy z nim społem u stołu siedzieli.
3 Nan lè sa a, Marie te pran yon liv pafen yo rele nà ki te koute trè chè, e te vide sou pye a Jésus e te siye yo avèk cheve li. Kay la te ranpli avèk sant pafen sa a.
A Maryja wziąwszy funt maści szpikanardowej bardzo drogiej, namaściła nogi Jezusowe, i utarła włosami swojemi nogi jego, i napełniony był on dom wonnością onej maści.
4 Men Judas Iscariot, youn nan disip Li yo, ki te gen lentansyon pou trayi Li, te di:
Tedy rzekł jeden z uczniów jego, Judasz, syn Szymona, Iszkaryjot, który go miał wydać:
5 “Poukisa pafen sila a pa t vann pou twa san denye, pou yo ta bay malere yo?”
Przeczże tej maści nie sprzedano za trzysta groszy, a nie dano ubogim?
6 Alò, li pa t di sa paske li te konsène pou malere yo, men paske se te yon vòlè li te ye. Epi konsi li te responsab lajan nan bwat kès la, li te konn piyaje sa ke yo mete ladann.
A to mówił, nie iżby miał pieczą o ubogich, ale iż był złodziejem, i mieszek miał, a cokolwiek włożono, nosił.
7 Pou rezon sa a, Jésus te di “Pa deranje l, li te konsève sa a pou jou lantèman M.
Tedy rzekł Jezus: Zaniechaj jej; na dzień pogrzebu mego to chowała.
8 Paske malere yo ap toujou avè w, men Mwen, ou p ap toujou genyen M.”
Albowiem ubogie zawsze z sobą macie, ale mnie nie zawsze mieć będziecie.
9 Konsa, gran foul Jwif yo te dekouvri ke Li te la, e yo te vini non sèlman akoz Jésus, men pou yo ta ka wè Lazare ke Li te leve sòti nan lanmò a.
Dowiedział się tedy lud wielki z Żydów, iż tam był, i przyszli nie tylko dla Jezusa, ale też aby Łazarza widzieli, którego był wzbudził od umarłych.
10 Men chèf prèt yo te mete tèt yo ansanm pou yo ta kapab anplis mete Lazare a lanmò.
I radzili się przedniejsi kapłani, żeby i Łazarza zabili.
11 Paske akoz li menm, anpil nan Jwif yo t ap kite e t ap kwè nan Jésus.
Bo wiele z Żydów dla niego odstępowali i wierzyli w Jezusa.
12 Nan jou aprè a, yon gran foul ki te vini nan fèt la, lè yo tande ke Jésus t ap vini nan Jérusalem,
Nazajutrz wielki lud, który był przyszedł na święto, usłyszawszy, iż Jezus idzie do Jeruzalemu,
13 te pran branch pye palmis, e te ale rankontre Li, e te kòmanse kriye “Ozana, ozana, beni sila a ki vini nan non Senyè a, Wa Israël la.”
Nabrali gałązek palmowych i wyszli naprzeciwko niemu i wołali: Hosanna! błogosławiony, który idzie w imieniu Pańskiem, król Izraelski!
14 Jésus te twouve yon jenn bourik e te chita sou li. Tankou li ekri,
A dostawszy Jezus oślęcia, wsiadł na nie, jako jest napisane:
15 “Pa pè, O fi a Sion. Gade byen, Wa ou ap vini, byen chita sou yon jenn bourik.”
Nie bój się, córko Syońska! oto król twój idzie, siedząc na oślęciu.
16 Nan kòmansman, disip Li yo pa t konprann bagay sa yo, men lè Jésus te resevwa glwa, Yo sonje ke yo te ekri sou Li e ke yo te fè L bagay sa yo.
Ale tego z przodku nie zrozumieli uczniowie jego, ale gdy był Jezus uwielbiony, tedy wspomnieli, iż to było o nim napisane, a że mu to uczynili.
17 Konsa, pèp la ki te avè L lè Li te rele Lazare deyò nan tonm nan, e te fè l leve sòti nan lanmò a, t ap toujou fè temwayaj de Li.
Świadczył tedy lud, który z nim był, iż Łazarza zawołał z grobu i wzbudził go od umarłych.
18 Pou koz sa, foul la te ale rankontre Li, paske yo te tande ke Li te fè sign sila a.
Dlatego też wyszedł przeciwko niemu lud, że słyszał, iż on ten cud uczynił.
19 Akoz sa a, Farizyen yo te di youn ak lòt: “Nou wè ke nou p ap fè anyen ki bon. Gade, lemonn ap kouri dèyè Li.”
Tedy mówili Faryzeuszowie między sobą: Widzicie, że nic nie sprawicie; oto świat za nim poszedł.
20 Konsa, te gen sèten Grèk pami yo ki t ap monte pou adore nan fèt la.
A byli niektórzy Grekowie z tych, którzy przychodzili do Jeruzalemu, żeby się modlili w święto.
21 Yo te ale kote Philippe ki te sòti nan Bethsaïda nan Galilée, e te kòmanse mande li: “Mesye, nou vle wè Jésus.”
Ci tedy przyszli do Filipa, który był z Betsaidy Galilejskiej, i prosili go, mówiąc: Panie, chcemy Jezusa widzieć.
22 Philippe te vin di André. E André ak Philippe te di Jésus sa.
Przyszedł Filip i powiedział Andrzejowi, a Andrzej zasię i Filip powiedzieli Jezusowi.
23 Jésus te reponn yo e te di: “Lè a rive pou Fis a Lòm nan kapab resevwa glwa.
A Jezus odpowiedział im, mówiąc: Przyszła godzina, aby był uwielbiony Syn człowieczy.
24 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sof ke yon grenn ble tonbe nan tè epi mouri, li rete pou kont li, men si li mouri, l ap fè anpil fwi.
Zaprawdę, zaprawdę powiadam wam: Jeźliby ziarno pszeniczne wpadłszy do ziemi, nie obumarło, ono samo zostaje; lecz jeźliby obumarło, wielki pożytek przynosi.
25 Moun ki renmen vi li va pèdi l, e moun ki rayi vi li nan mond sa a va konsève li jiska lavi etènèl. (aiōnios g166)
Kto miłuje duszę swoję, utraci ją, a kto nienawidzi duszy swojej na tym świecie, ku wiecznemu żywotowi strzeże jej. (aiōnios g166)
26 “Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, fòk li swiv Mwen. E kote Mwen ye, la sèvitè Mwen va ye tou. Si nenpòt moun ap sèvi Mwen, Papa a va onore li.
Jeźli mnie kto służy, niechże mię naśladuje, a gdziem ja jest, tam i sługa mój będzie; a jeźli mnie kto służyć będzie, uczci go Ojciec mój.
27 “Koulye a nanm Mwen vin twouble. Epi kisa M ap di: ‘Papa, sove M de lè sa a’? Men se pou rezon sa a ke M te rive nan lè sa a.
Terazci dusza moja zatrwożona jest; i cóż rzekę? Ojcze! zachowaj mię od tej godziny; alemci dlatego przyszedł na tę godzinę.
28 Papa, ke non Ou kapab resevwa glwa!” Yon vwa te sòti nan syèl la: “Mwen te non sèlman bay li glwa a, men Mwen va bay li glwa ankò.”
Ojcze! uwielbij imię twoje. Przyszedł tedy głos z nieba: Uwielbiłem i jeszcze uwielbię.
29 Foul la ki te kanpe la epi te tande sa, te di ke yo tande loraj. Lòt yo te di: “Yon zanj pale avèk Li.”
A lud ten, który stał i słyszał, mówił: Zagrzmiało; a drudzy mówili: Anioł do niego mówił.
30 Jésus te reponn e te di: “Vwa sa a pa t vini pou kòz pa M, men pou kòz pa nou.
Odpowiedział Jezus i rzekł: Nie dla mnie się ten głos stał, ale dla was.
31 Koulye a jijman vini sou mond sa a. Koulye a mèt mond sa a va jete deyò.
Teraz jest sąd świata tego, teraz książę świata tego precz wyrzucony będzie.
32 E Mwen, si Mwen gen tan leve wo anwo tè a, va atire tout moun kote Mwen menm.”
A ja jeźli będę podwyższony od ziemi, pociągnę wszystkich do siebie.
33 Men Li te di sa pou montre ki kalite mò Li ta pral mouri an.
(A mówił to, oznajmując, jaką śmiercią miał umrzeć.)
34 Pou sa, foul la te reponn Li: “Nou te tande nan Lalwa ke Kris la ap la jis pou jamen. E kijan ou kapab di: ‘Fis a Lòm nan oblije leve wo?’ Kilès Fis a Lòm sila a?” (aiōn g165)
Odpowiedział mu on lud: Myśmy słyszeli z zakonu, iż Chrystus trwa na wieki; a jakoż ty mówisz, że musi być podwyższony Syn człowieczy? i któryż to jest Syn człowieczy? (aiōn g165)
35 Akoz sa, Jésus te di yo: “Pou yon ti tan anplis, limyè a pami nou. Mache pandan nou gen limyè a, pou tenèb la pa gen tan pran nou. Sila ki mache nan tenèb la pa konnen kote l ap prale.
Tedy im rzekł Jezus: Jeszcze do małego czasu jest z wami światłość; chodźcież tedy, póki światłość macie, żeby was ciemność nie ogarnęła; bo kto w ciemności chodzi, nie wie, kędy idzie.
36 Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.
Póki światłość macie, wierzcie w światłość, abyście byli synami światłości. To powiedział Jezus, a odszedłszy schronił się od nich.
37 Men malgre ke Li te fè tout sign sa yo devan yo, toujou yo pa t kwè nan Li.
A choć tak wiele cudów uczynił przed nimi, przecię nie uwierzyli weń,
38 Pou pawòl a pwofèt la, Ésaïe, ta kapab akonpli lè l te di: “Senyè, kilès ki kwè nan rapò nou? E a kilès bra Letènèl la devwale?”
Aby się wypełniło słowo Izajasza proroka, które powiedział: Panie! i któż uwierzył kazaniu naszemu, a ramię Pańskie komuż jest objawione?
39 Pou rezon sa, yo pa t kab kwè. Paske Ésaïe te di ankò:
Dlatego uwierzyć nie mogli, iż jeszcze powiedział Izajasz:
40 “Li te fè zye yo avegle, e te fè kè yo di, sof ke yo wè avèk zye yo, apèsi avèk kè yo, epi vin konvèti, epi Mwen ta geri yo.”
Zaślepił oczy ich, i zatwardził serce ich, aby oczyma nie widzieli i sercem nie zrozumieli, i nie nawrócili się, abym je uzdrowił.
41 Bagay sa yo, Ésaïe te di paske li te wè glwa Li, e akoz ke li te wè glwa Li, li te pale sou Li.
To powiedział Izajasz, gdy widział chwałę jego, i mówił o nim.
42 Malgre sa, menm anpil nan gran chèf yo te kwè nan Li, men akoz Farizyen yo, yo pa t konfese sa a, akoz krent ke yo ta vin mete deyò nan sinagòg la.
Wszakże jednak i z książąt wiele ich weń uwierzyło; ale dla Faryzeuszów nie wyznali, aby z bóżnicy nie byli wyłączeni.
43 Paske yo te gen lanvi pou lwanj a lòm olye lwanj Bondye.
Bo umiłowali chwałę ludzką więcej, niż chwałę Bożą.
44 Jésus te kriye e te di: “Sila a ki kwè nan Mwen, pa kwè nan Mwen, men nan Li menm ki te voye Mwen an.
I wołał Jezus, a mówił: Kto wierzy w mię, nie w mię wierzy, ale w onego, który mię posłał.
45 Sila a ki wè M, wè Li menm ki te voye Mwen an.
I kto mię widzi, widzi onego, który mię posłał.
46 Mwen te vini kon yon limyè nan mond lan, pou tout moun ki kwè nan Mwen pa rete nan tenèb.
Ja światłość przyszedłem na świat, aby żaden, kto wierzy w mię, w ciemnościach nie został.
47 “Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn.
A jeźliby kto słuchał słów moich, a nie uwierzyłby, jać go nie sądzę; bom nie przyszedł, ażebym sądził świat, ale ażebym zbawił świat.
48 “Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.
Kto mną gardzi, a nie przyjmuje słów moich, ma kto by go sądził; słowa, którem ja mówił, one go osądzą w ostateczny dzień.
49 “Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di.
Bom ja z siebie samego nie mówił, ale ten, który mię posłał, Ojciec, on mi rozkazanie dał, co bym mówił i co bym powiadać miał;
50 E Mwen konnen ke kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.” (aiōnios g166)
I wiem, że rozkazanie jego jest żywot wieczny; przetoż to, co ja wam mówię, jako mi powiedział Ojciec, tak mówię. (aiōnios g166)

< Jan 12 >