< Jan 10 >

1 Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon vòlè ak yon brigan.
“Most certainly, I tell you, one who does not enter by the door into the sheep fold, but climbs up some other way, is a thief and a robber.
2 Men moun ki antre pa pòt la se bèje mouton yo.
But one who enters in by the door is the shepherd of the sheep.
3 Pou li menm, gadyen pòt la va ouvri, epi mouton yo tande vwa l. Li rele pwòp mouton li yo pa non yo, e mennen yo deyò.
The gatekeeper opens the gate for him, and the sheep listen to his voice. He calls his own sheep by name and leads them out.
4 Nenpòt lè L fè soti tout sa ki pou li yo, li ale devan yo, e mouton yo swiv li, paske yo rekonèt vwa li.
Whenever he brings out his own sheep, he goes before them; and the sheep follow him, for they know his voice.
5 Men yon etranje, yo p ap janm swiv li, men ap sove ale kite li, paske yo pa rekonèt vwa etranje yo.
They will by no means follow a stranger, but will flee from him; for they do not know the voice of strangers.”
6 Kalite pawòl sa a, Jésus te sèvi pou pale avèk yo, men yo pa t konprann bagay sa yo ke Li t ap di yo.
Jesus spoke this parable to them, but they did not understand what he was telling them.
7 Pou sa, Jésus te di yo ankò, “Anverite, anverite, Mwen di nou, Mwen menm se pòt la pou mouton yo.
Jesus therefore said to them again, “Most certainly, I tell you, I am the sheep’s door.
8 Tout sa yo ki te vini avan M se vòlè ak brigan, men mouton yo pa t tande yo.
All who came before me are thieves and robbers, but the sheep did not listen to them.
9 “Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.
I am the door. If anyone enters in by me, he will be saved, and will go in and go out and will find pasture.
10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi. “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.
The thief only comes to steal, kill, and destroy. I came that they may have life, and may have it abundantly.
11 “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.
“I am the good shepherd. The good shepherd lays down his life for the sheep.
12 “Sila a ki se yon ouvriye jounalye epi pa yon bèje, ki pa mèt mouton yo, wè lou ap vini epi li kouri kite mouton yo. Lou a vin pran yo, epi gaye yo.
He who is a hired hand, and not a shepherd, who does not own the sheep, sees the wolf coming, leaves the sheep, and flees. The wolf snatches the sheep and scatters them.
13 Li sove ale, paske se yon ouvriye jounalye, e afè mouton pa konsène l.
The hired hand flees because he is a hired hand and does not care for the sheep.
14 “Mwen se bon bèje a. Mwen rekonèt sa yo ki pou Mwen, e pa Mwen yo rekonèt Mwen.
I am the good shepherd. I know my own, and I am known by my own;
15 Menm jan ke Papa a rekonèt Mwen, Mwen rekonèt Papa a. Mwen bay vi Mwen pou mouton yo.
even as the Father knows me, and I know the Father. I lay down my life for the sheep.
16 “Epi Mwen gen lòt mouton ki pa nan pak sa a. Fòk Mwen mennen yo tou. Epi yo va tande vwa M. Yo va vini yon sèl pak avèk yon bèje.
I have other sheep which are not of this fold. I must bring them also, and they will hear my voice. They will become one flock with one shepherd.
17 “Pou rezon sa a, Papa a renmen M, paske Mwen bay lavi Mwen pou M kab reprann li ankò.
Therefore the Father loves me, because I lay down my life, that I may take it again.
18 Okenn moun pa pran li nan men M, men Mwen bay li avèk pwòp volonte M. Mwen gen otorite pou bay li, e Mwen gen otorite pou reprann li ankò. Kòmandman sila a Mwen te resevwa l depi nan men Papa M.”
No one takes it away from me, but I lay it down by myself. I have power to lay it down, and I have power to take it again. I received this commandment from my Father.”
19 Konsa te leve yon divizyon pami Jwif yo akoz pawòl sa yo.
Therefore a division arose again among the Jews because of these words.
20 Anpil t ap di: “Li gen yon dyab epi Li fou. Poukisa nou ap koute Li?”
Many of them said, “He has a demon and is insane! Why do you listen to him?”
21 Lòt t ap di: “Pawòl sa yo se pa pawòl a yon move lespri. Yon dyab p ap kab ouvri zye a yon moun ki avèg. Nou ta kwè sa?”
Others said, “These are not the sayings of one possessed by a demon. It is not possible for a demon to open the eyes of the blind, is it?”
22 Nan lè sa, Fèt Dedikasyon an t ap pase nan Jérusalem.
It was the Feast of the Dedication at Jerusalem.
23 Se te nan tan livè, epi Jésus t ap mache nan tanp lan sou galeri Salomon an.
It was winter, and Jesus was walking in the temple, in Solomon’s porch.
24 Pou sa, Jwif yo te rasanble antoure Li, epi t ap di Li: “Pou konbyen de tan W ap kenbe nou an sispann? Si ou menm se Kris la, fè nou konnen klè.”
The Jews therefore came around him and said to him, “How long will you hold us in suspense? If you are the Christ, tell us plainly.”
25 Jésus te di yo: “Mwen te di nou, e nou pa kwè M. Zèv ke M fè nan non Papa M yo, sa yo fè temwayaj de Mwen.”
Jesus answered them, “I told you, and you do not believe. The works that I do in my Father’s name, these testify about me.
26 Men nou pa kwè, paske nou pa mouton Mwen yo.
But you do not believe, because you are not of my sheep, as I told you.
27 “Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen.
My sheep hear my voice, and I know them, and they follow me.
28 E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M. (aiōn g165, aiōnios g166)
I give consummate (aiōnios g166) life to them. They will never perish in this age (aiōn g165), and no one will snatch them out of my hand.
29 “Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a.
My Father who has given them to me is greater than all. No one is able to snatch them out of my Father’s hand.
30 Mwen avèk Papa a se youn.”
I and the Father are one.”
31 Jwif yo te leve pran wòch ankò pou lapide L.
Therefore the Jews took up stones again to stone him.
32 Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”
Jesus answered them, “I have shown you many good works from my Father. For which of those works do you stone me?”
33 Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, pran poz ke se Bondye ou ye.”
The Jews answered him, “We do not stone you for a good work, but for blasphemy, because you, being a man, make yourself God.”
34 Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’?
Jesus answered them, “Is not it written in your law, ‘I said, you are gods’?
35 “Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje),
If he called them gods, to whom the word of God came (and the Scripture cannot be broken),
36 èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?
do you say of him whom the Father sanctified and sent into the world, ‘You blaspheme,’ because I said, ‘I am the Son of God’?
37 “Si Mwen pa fè zèv a Papa M, pa kwè M.
If I do not do the works of my Father, do not believe me.
38 Men si M fè yo, malgre ou pa kwè M, kwè zèv yo pou ou kapab konnen epi konprann ke Papa a nan Mwen, e Mwen nan Papa a.”
But if I do them, though you do not believe me, believe the works, that you may know and believe that the Father is in me, and I in the Father.”
39 Pou sa, yo t ap chache ankò pou kenbe L, men Li te evite men yo.
They sought again to seize him, and he went out of their hand.
40 Li te ale ankò lòtbò Jourdain an nan plas kote Jean te premye konn batize a. Li te demere la.
He went away again beyond the Jordan into the place where John was baptizing at first, and he stayed there.
41 Anpil te vin kote L e t ap di: “Malgre Jean pa t fè yon sign, tout bagay li te di selon mesye sa a se te vrè.”
Many came to him. They said, “John indeed did no sign, but everything that John said about this man is true.”
42 Anpil moun te kwè nan Li la.
Many believed in him there.

< Jan 10 >