< Jowèl 3 >
1 “Paske gade byen, nan jou sila yo ak nan lè sa a, lè Mwen va restore davni Juda ak Jérusalem,
看,在那些日子,在那個時候,當我轉變猶大和耶路撒冷的命運時,
2 Mwen va rasanble tout nasyon yo pou mennen yo desann nan vale Josaphat la. Epi Mwen va antre la nan jijman avèk yo pou pèp ak eritaj Mwen an, Israël, ke yo te gaye pami nasyon yo. Yo te divize tè Mwen an,
我必聚集萬民,領他們下到約沙法特山谷,在那裏我要關於我的,我的基業以色列,審問他們,因為他們使我的百姓散居在異民中,且瓜分了我的土地,
3 epi te voye tiraj osò pou pèp Mwen an. Yo te twoke yon gason pou yon pwostitiye ak yon fi yo vann pou diven, pou yo ta ka bwè.”
為我的百姓捸了籤,以男童換取淫婦,賣掉女童,換洒買醉。
4 “Anplis, se kisa ou ye pou Mwen, O Tyr, ak Sidon, ak tout rejyon a Philistine yo? Èske se yon rekonpans ke n ap ban Mwen? Men si Mwen pa jwenn rekonpans byen vit e san delè, Mwen va fè rekonpans nou an retounen sou tèt nou.
提洛、漆冬和培肋舍特所有的地域! 你們想對我做什麼﹖你們想對我施行報復嗎﹖若你們向我報復,我立刻將你們的作為歸在你們的頭上,
5 Akoz nou te pran ajan Mwen ak lò Mwen, e te mennen bagay presye sakre Mwen yo nan tanp nou yo,
因為你們奪去了我的金銀,將我的珍寶帶到你們的宮中;
6 epi nou te vann fis a Juda ak Jérusalem yo bay Grèk yo pou yo ta ka vin rete lwen teritwa yo,
又將猶大子民和耶路撒冷子民賣給雅汪人,使他們遠離自己的祖國。
7 gade byen, Mwen va fè yo leve soti nan plas kote nou te vann yo, pou retounen rekonpans nou an sou pwòp tèt nou.
看,不拘你們把他們出賣到什麼城邑和地方,我必要使他們從那裏回來,卻把你們所做的,歸在你們頭上:
8 Anplis, Mwen va vann fis nou yo ak fi nou yo nan men a fis a Juda yo. Konsa, yo va vann yo bay Sabeyen yo, yon nasyon byen lwen,” paske SENYÈ a fin pale.
將你們的兒女賣在猶大子民的手裏,使他們再轉賣給遠方的舍巴人,因為上主這樣說了。
9 Pwoklame sa pami nasyon yo: “Prepare nou pou fè lagè! Anime mesye pwisan yo! Kite tout sòlda yo vin pi pre. Kite yo monte kote nou.
你們要在異民中宣布:準備聖戰,激勵勇士! 一切戰士應前進襲擊!
10 Bat lam cha pou yo fè epe, ak kwòk rebondaj pou fè lans. Kite moun fèb yo di: ‘Mwen pwisan!’
將你們的犁頭鑄成刀劍,將你們的鐮刀鑄成長槍;連者也要說:我是個戰士!
11 Fè vit vini, tout nasyon ki ozalantou yo. Rasanble nou ansanm.” Fè desann la, O SENYÈ, moun pwisan Ou yo.
四周的異民! 你們急速前來,在這裏聚合。上主,使你的勇士降臨吧!
12 “Kite nasyon yo leve pwop tèt yo pou vin monte nan vale Josaphat la; paske se la Mwen va chita pou jije tout nasyon ki ozalantou yo.
異民,起來,前往約沙法特山谷,因為我要在那裏坐堂,審訊四周的一切異民。
13 Fè antre boutdigo rekòlt la, paske rekòlt la vin mi. Vin mache foule anba pye, paske pèz diven an vin plen. Chodyè yo ap debòde, paske mechanste yo vin gran.”
伸出鐮刀,因為莊稼已成熟;前來踐踏! 因為洒榨已溢出,因為他們已惡貫滿盈。
14 Gwo foul yo, gwo foul nan vale desizyon an! Paske jou SENYÈ a toupre nan vale desizyon an.
成群結隊的人齊集在審判谷,因為上主的日子已臨近了審判谷。
15 Solèy la ak lalin nan va vin tou nwa, e zetwal yo va pèdi briyans yo.
太陽和月亮昏暗了,星辰失去了光芒。
16 Senyè a va gwonde soti nan Sion, e va sone vwa Li soti Jérusalem. Syèl yo ak tè a va tranble, men SENYÈ a se yon refij pou pèp Li a, ak yon sitadèl pou fis Israël yo.
上主從熙雍怒吼,從耶路撒冷發出自己的聲音,天地為之震動;但上主卻是自己百姓的避難所,是以色列子民的堡壘。
17 Konsa, nou va konnen ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, ka p viv nan Sion, mòn sen Mwen an. Nan lè sa a Jérusalem va sen, e etranje yo p ap pase ladann ankò.
那時,他們必要知道:我上主是你們的天主,我住在熙雍,我的聖山上。那時,耶路撒冷必要成為聖地,外人再不能從那裏經過。
18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf. Nan kolin yo, se lèt ki va koule; tout ravin nan Juda va gen dlo, epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a pou awoze vale a Sittim nan.
到了那一天,山嶽必要滴下新洒,丘陵必要流下乳汁,猶大的一切河流必要湧流清水;從上主的殿裏,將有一清泉流出,澆灌史庭山谷。
19 Égypte va vin yon dezè, Edom va vin yon savann dezole, akoz vyolans ki te fèt sou fis Israël yo, akoz yo te vèse san inosan an nan peyi yo.
埃及將變成荒地,厄東將成為曠野,因為他們虐待了判斷子民,在他們的境內傾流了無辜者的血。
20 Men Juda va gen moun ladann jis pou tout tan e Jérusalem de jenerasyon an jenerasyon.
但猶大永遠有人居住,耶路撒冷也世世代代有人居住。
21 Epi Mwen va vanje san ke M potko vanje yo, paske SENYÈ a rete nan Sion.”
我必要追討坰未追討的債血;因為上主住在熙雍。