< Jowèl 2 >
1 Soufle twonpèt la nan Sion, e sone alam nan sou mòn sen Mwen an! Kite tout moun k ap viv nan peyi a tranble, paske jou SENYÈ a ap vini. Anverite, li vin pwòch.
Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay siyal la sou mòn ki apa pou Bondye a! Se pou tout moun nan peyi Jida a tranble, paske jou Seyè a pa lwen rive. L'ap pwoche.
2 Yon jou fènwa ak pèdi espwa, yon jou nwaj yo ak tenèb byen pwès. Tankou solèy k ap leve sou mòn yo; konsa gen yon gwo pèp pwisan. Pa t janm gen yon bagay konsa, ni p ap janm gen anyen ankò, jis rive nan ane anpil jenerasyon yo.
Se va yon jou ki pral fè nwa kou lank, ak syèl la plen nwaj nwa, yon jou kote nwaj nwa ak pousyè pral kouvri latè. Yon lame krikèt ap vanse. Yo gwonèg anpil! Tankou solèy la lè l'ap leve, y'ap kouvri mòn yo. Se bagay nou poko janm wè, bagay nou p'ap janm wè ankò, jouk sa kaba.
3 Devan yo, se dife k ap devore, e dèyè yo, se yon flanm k ap brile. Peyi a vin tankou jaden Eden devan yo, men yon savann dezole dèyè yo, e nanpwen anyen ki chape.
Tankou dife, yo devore tou sa ki devan yo. Yo pa kite anyen kote yo pase. Anvan yo te vini, peyi a te tankou yon ti paradi. Lè yo fin pase, li tounen yon dezè san anyen ladan l'. Anyen pa chape anba dan yo.
4 Aparans yo se tankou aparans cheval la; epi kon yon kavalye kouri cheval li, se konsa yo kouri.
Yo tankou chwal, yo kouri tankou chwal sèl.
5 Tankou bri cha a k ap vòltije sou tèt mòn yo, se konsa yo sote; tankou bri a yon flanm dife k ap devore pay, se konsa yon gwo pèp ranje li pou batay.
Lè y'ap soti sou tèt mòn yo, yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase, tankou dife nan pay chèch. Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen.
6 Devan yo, pèp yo vin nan gwo soufrans. Tout figi yo vin pal.
Lè y'ap pwoche, tout moun pran tranble. Figi tout moun dekonpoze.
7 Yo kouri tankou mesye pwisan yo. Yo monte mi tankou sòlda. Konsa, yo mache byen ranje, ni yo pa kite pa yo.
Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agoch.
8 Youn pa jennen lòt. Yo chak mache nan pa yo. Lè y ap eklate travèse defans yo, yo pa kase ran ranje an.
Yonn pa antrave lòt nan mach yo. Yo chak ap swiv chemen pa yo. Yo janbe tou sa yo mete pou bare yo. Anyen pa rete yo.
9 Yo kouri sou vil la. Yo kouri sou miray la. Yo antre nan kay yo; nan fenèt yo antre kon vòlè.
Yo pran lavil la pou yo. Yo kouri moute sou miray yo. Yo moute anwo kay yo, yo pase antre nan fennèt yo tankou vòlò.
10 Devan yo, tè a souke. Syèl yo tranble. Solèy la ak lalin nan vin tou nwa, e zetwal yo vin pèdi briyans yo.
Tè a souke lè y'ap mache vini. Syèl la tranble. Solèy la ak lalin lan vin tou nwa, zetwal yo pa klere nan syèl la ankò.
11 Vwa SENYÈ a pale devan lame Li a. Anverite, kan Li vin byen gran, paske byen fò se sila ki akonpli pawòl Li a. Anverite, jou SENYÈ a gran. Li tèrib anpil! Se kilès ki ka sipòte li?
Seyè a ap mache alatèt lame li a: l'ap pase yo lòd. Lame a anpil. Yo gwonèg: Y'ap fè sa li ba yo lòd fè a. Ala yon gwo jou se jou Seyè a! Se yon jou pou moun pè tout bon vre. Ki moun ki va rete kanpe apre jou sa a?
12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a, “retounen kote Mwen ak tout kè nou; avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”
Seyè a pale, li di: -Menm koulye a, tounen vin jwenn mwen ak tout kè nou! Fè jèn, kriye kont kò nou, plenn sò nou!
13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.” Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an, paske Li plen gras ak mizerikòd, lan nan kòlè, plen ak lanmou dous, e konn ralanti nan fè malè.
Se pa rad sou nou pou nou chire, se kè nou menm pou nou chire pou fè wè jan nou nan lapenn. Tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an. Li gen bon kè anpil, li gen pitye pou moun. Li pa fache fasil, li p'ap janm sispann renmen nou. Li toujou pare pou padonnen nou.
14 Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a, pou L kite dèyè Li yon benediksyon, menm yon ofrann sereyal ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.
Sa ki konnen? Li ka chanje lide, li ka padonnen nou. Li ka ban nou benediksyon. N'a gen grenn jaden ak diven ankò pou nou fè ofrann bay Seyè a, Bondye nou an!
15 Soufle yon twonpèt nan Sion! Konsakre yon jèn. Pwoklame yon asanble solanèl.
Kònen twonpèt sou mòn Siyon an! Bay lòd pou tout moun fè jèn! Mande pou tout moun reyini!
16 Rasanble moun yo. Fè yon asanble ki sen. Reyini ansyen yo. Rasanble timoun ak sila pran tete yo. Kite mesye marye a sòti nan chanm li, e lamarye a sòti nan chanm maryaj la.
Sanble pèp la. Pare tout moun pou fè sèvis. Sanble vye granmoun yo! Reyini tout timoun yo, menm timoun ki nan tete. Ata moun ki fenk marye yo, se pou yo kite kay yo vini tou.
17 Kite prèt yo, sèvitè SENYÈ yo, kriye antre galri a ak lotèl la, kite yo di: “Epagne pèp Ou a, O SENYÈ! Pa fè eritaj Ou a vin yon repwòch, yon vye mò pami nasyon yo. Poukisa nasyon yo ta dwe di: “Kote Bondye Yo a ye?”
Nan lakou ki separe gwo pòtay tanp lan ak lotèl la, se pou prèt yo, sèvitè Seyè a, pran kriye. Se pou yo di: Pitye, Seyè, pitye pou pèp ou a. Pa kite moun lòt nasyon yo pase moun pa ou yo nan betiz pou fè yo wont, pou yo ta di: Kote Bondye yo a?
18 Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a, e Li te fè mizerikòd a pèp Li a.
Lè sa a, Seyè a fè wè jan li renmen peyi li a. Li fè pèp li a gras.
19 SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a: “Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil. Nou va vin satisfè nèt ak yo. Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.
Li reponn, li di pèp la konsa: -Bon! Mwen pral ban nou ble, diven ak lwil fre. N'ap gen tou sa n'a bezwen. Mwen p'ap janm kite moun lòt nasyon yo pase nou nan betiz ankò.
20 Men Lame nò a, Mwen va retire li ale lwen nou, Mwen va pouse li ale nan yon peyi sèk e dezole. Tèt devan lame a, Mwen va lage nan lanmè lès la; pwent dèyè a, nan lanmè lwès la. Konsa, sant pouriti li a va vin leve. Movèz odè li va vin monte, paske se gwo bagay li te konn fè.”
Mwen pral chase lame krikèt la byen lwen nou. Wi, lame krikèt ki te soti nan nò a. M'ap voye yo ale nan dezè a, kote ki pa gen dlo, kote ki pa gen pyebwa. Tèt lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy leve a, lanmè Mouri a. Ke lame krikèt yo va pran direksyon lanmè ki sou bò solèy kouche a, lanmè Mediterane a. Kadav yo pral pouri, y'ap bay move sant. Seyè a fè anpil bagay pou nou.
21 Pinga nou pè, O peyi a! Rejwi e fè kè nou kontan, paske SENYÈ a te fè gwo bagay.
Nou menm jaden yo, nou pa bezwen pè ankò. Fè fèt, fè kè nou kontan, paske Seyè a fè anpil pou nou!
22 Pa pè, nou menm bèt chan yo; paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt, paske pyebwa a vin bay fwi li. Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.
Nou menm zannimo nan savann yo, nou pa bezwen pè ankò: jaden zèb yo pral pouse byen bèl, pyebwa yo pral donnen, pye fig frans yo ak pye rezen yo pral bay bèl rekòt.
23 Konsa, se pou nou fè kè kontan, O fis a Sion yo! Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an; paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis, li te fè vide sou nou lapli, premyè ak denyè lapli lan tankou avan an.
Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loraj ak lapli nan sezon prentan, jan l' te konn fè l' anvan an.
24 Glasi vannen yo va plen ak sereyal, e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.
Glasi yo pral plen grenn. Barik yo pral plen diven ak lwil fre.
25 Konsa, Mwen va restore bannou pou ane ke gwo krikèt te manje yo, ak ti krikèt la ki kouri a tè a, ak ti cheni ak gwo cheni ke M voye pami nou, gwo lame ke Mwen menm te voye pami nou.
M'a ban nou ankò tou sa nou te pèdi pandan tout tan bann gwo krikèt yo, ti krikèt yo, ti chini yo ak gwo chini yo te devore rekòt nou yo. Se mwen menm ki te voye lame sa a sou nou.
26 Nou va genyen anpil manje, nou va vin satisfè, e nou va fè lwanj non SENYÈ a, Bondye nou a, ki te aji ak mèvèy avèk nou. Konsa, pèp Mwen an p ap janm vin desi ankò.
Nou pral manje plen vant nou. N'a fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, ki te fè tout bèl bagay sa yo pou nou. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
27 Konsa, nou va konnen ke Mwen nan mitan Israël, ke Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an, e ke pa gen okenn lòt; epi pèp Mwen an p ap janm vin desi.
Lè sa a, n'a konnen mwen kanpe la nan mitan pèp Izrayèl la. Se mwen menm Seyè a ki Bondye nou. Pa gen tankou m'. Yo p'ap janm pase pèp mwen an nan betiz ankò.
28 Li va vin rive apre sa, ke Mwen va vide Lespri M sou tout chè. Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize, e granmoun nou yo va fè vizyon yo.
Apre sa, m'a vide lespri mwen sou tout moun. Pitit gason ak pitit fi nou yo va bay mesaj m'a ba yo. Granmoun nou yo va fè rèv. Jennmoun nou yo va gen vizyon.
29 Menm sou sèvitè ak sèvan yo, mwen va vide Lespri Mwen nan jou sa yo.
Wi, lè sa a, m'a vide lespri m' sou tout moun, ata sou moun k'ap travay lakay nou, fi kou gason.
30 Mwen va montre mèvèy yo nan syèl la ak sou tè a: san, dife, ak gwo kolòn lafimen.
M'apral fè mèvèy parèt nan syèl la ak sou latè a. Va gen san, dife ak gwo nwaj lafimen.
31 Solèy la va vin tou nwa, e lalin nan tankou san devan gwo jou tèrib SENYÈ a.
Solèy la pral vin tou nwa, lalin lan pral vin wouj kou san anvan jou Seyè a va rive. Aa! Se va yon gwo jou, yon jou k'ap fè moun tranble.
32 Epi li va vin rive ke nenpòt moun ki rele non SENYÈ a, li va delivre; paske nan Mòn Sion ak Jérusalem, va gen sila ki chape yo, jan SENYÈ a te di a, menm pami retay la, sa yo SENYÈ a rele.
Lè sa a, tout moun ki va rele nan pye Seyè a va sove. Paske sou mòn Siyon ak nan lavil Jerizalèm va gen moun ki va chape, jan Seyè a te di l' la. Wi, tout moun Seyè a va chwazi, se yo ki va chape.