< Jòb 1 >
1 Te gen yon mesye nan peyi Uts ki te rele Job. Nonm sa a te san repwòch, dwat, te gen lakrent Bondye e te vire kite tout mal.
Bijaše nekoć u zemlji Usu čovjek po imenu Job. Bio je to čovjek neporočan i pravedan: bojao se Boga i klonio zla.
2 Sèt fis ak twa fi te fèt a li menm.
Rodilo mu se sedam sinova i tri kćeri.
3 Byen li te monte a sèt-mil mouton, twa-mil chamo, senk-san bèf kabwèt, senk-san femèl bourik ak anpil sèvitè. Nonm sila a se te pi gran òm nan tout pati lès la.
Imao je sedam tisuća ovaca, tri tisuće deva, pet stotina jarmova goveda, pet stotina magarica i veoma mnogo služinčadi. Čovjek taj bijaše najugledniji među svim istočnjacima.
4 Fis li yo te konn ale fè yon fèt lakay a yo chak, selon jou fèt pa li a, e yo te konn envite twa sè yo pou manje e bwè avèk yo.
Sinovi su njegovi običavali naizmjence priređivati gozbe kod jednoga od njih, svaki u svoj dan, te su pozivali svoje tri sestre da jedu i piju s njima.
5 Lè jou a fèt yo te fini, Job ta voye konsakre yo, nan leve granmmaten pou ofri ofrann brile selon fòs kantite a yo tout. Paske Job te di: “Petèt fis mwen yo te peche, e te modi Bondye nan kè yo.” Konsa Job te fè tout tan.
A kad bi se izredali s gozbama, Job bi ih pozvao na očišćenje. Uranio bi izjutra i prinio paljenice za svakog od njih; mislio je: “Tko zna nisu li mi sinovi griješili i u srcu Boga hulili!” Tako je Job svagda činio.
6 Alò, te rive yon jou lè fis a Bondye yo te vin prezante yo menm devan Bondye, e Satan osi, te rive pami yo.
Jednoga dana dođu sinovi Božji da stanu pred Jahvu, a među njima pristupi i Satan.
7 SENYÈ a te di a Satan: “Depi kibò ou sòti?” Konsa, Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè a, e mache toupatou sou li.”
Jahve tad upita Satana: “Odakle dolaziš?” - “Evo prođoh zemljom i obiđoh je”, odgovori on.
8 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou remake sèvitè mwen an, Job? Paske nanpwen okenn tankou li sou latè, yon nonm san repwòch ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite mal.”
Nato će Jahve: “Nisi li zapazio slugu moga Joba? Njemu na zemlji nema ravna. Čovjek je to neporočan i pravedan, boji se Boga i kloni zla!”
9 Satan te reponn SENYÈ a: “Èske Job gen lakrent Bondye pou granmesi?
A Satan odgovori Jahvi: “Zar se Job uzalud Boga boji?
10 Èske Ou pa t fè yon kloti antoure li avèk lakay li avèk tout sa li genyen sou chak kote? Ou te beni zèv men li yo, e byen li grandi anpil nan peyi a.
Zar nisi ogradio njega, kuću mu i sav posjed njegov? Blagoslovio si djelo njegovih ruku, stoka mu se namnožila po zemlji.
11 Men lonje men Ou depi koulye a, touche tout sa li posede. Anverite li va modi Ou menm devan figi Ou.”
Ali pruži jednom ruku i dirni mu u dobra: u lice će te prokleti!”
12 SENYÈ a te di a Satan: “Gade byen, tout sa li genyen sou pouvwa ou. Sèlman pa lonje men ou sou kò li.” Konsa, Satan te pati devan prezans SENYÈ a.
“Neka ti bude! - reče Jahve Satanu. - Sa svime što ima radi što ti drago; samo ruku svoju na nj ne diži.” I Satan ode ispred lica Jahvina.
13 Alò, nan jou ke fis li avèk fi li yo t ap manje ak bwè diven lakay pi gran frè a,
Jednoga dana, dok su Jobovi sinovi i kćeri jeli i pili vino u kući najstarijeg brata,
14 yon mesaje te rive kote Job. Li te di: “Bèf yo t ap raboure, e bourik yo t ap manje akote yo,
dođe glasnik k Jobu i reče: “Tvoji su volovi orali a magarice pokraj njih pasle,
15 men konsa, Sabeyen yo te atake vin pran yo. Anplis, yo te touye sèvitè yo ak lam nepe, e se sèl mwen ki te chape pou di ou sa.”
kad iznenada Sabejci navališe na njih i oteše ih, pobivši momke oštrim mačem. Jedini ja utekoh da ti ovo javim.”
16 Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive pou l te di: “Dife Bondye te tonbe soti nan syèl la, e te brile tout mouton avèk sèvitè yo. Li te manje yo nèt e se mwen sèl ki te chape pou di ou sa.”
Dok je on još to govorio, dođe drugi i reče: “Oganj Božji udari s neba, spali tvoje ovce i pastire te ih proždrije. Jedini ja utekoh da ti javim.”
17 Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive epi te di: “Kaldeyen yo te fòme twa bann pou vin desann sou chamo yo. Yo te pran yo, e touye sèvitè yo avèk lanm nepe. Se mwen sèl ki chape pou di ou sa.”
Dok je još govorio, dođe treći i reče: “Kaldejci navališe sa tri čete na tvoje deve i oteše ih, pobivši momke oštrim mačem. Jedini ja utekoh da ti javim.”
18 Pandan li te toujou ap pale, yon lòt osi te rive epi te di: “Fis ou yo avèk fi ou yo t ap manje ak bwè diven lakay pi gran frè a,
Dok je ovaj još govorio, dođe četvrti i reče: “Tvoji su sinovi i kćeri jeli i pili vino u kući najstarijeg brata.
19 epi men vwala, yo gwo van te travèse dezè a pou frape kat kwen kay la. Li te tonbe sou jenn moun sa yo epi yo te mouri. Se mwen sèl ki te chape pou vin di ou sa.”
I gle, vjetar se silan diže iz pustinje, udari na sva četiri ugla kuće, obori je na djecu te ona zaglaviše. Jedini ja utekoh da ti javim.”
20 Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore.
Tad ustade Job, razdrije haljinu na sebi, obrija glavu pa ničice pade na zemlju, pokloni se
21 Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.”
i reče: “Go iziđoh iz krila majčina, go ću se onamo i vratiti. Jahve dao, Jahve oduzeo! Blagoslovljeno ime Jahvino!”
22 Pandan tout sa, Job pa t fè peche, ni li pa t bay repwòch a Bondye.
Uza sve to, nije sagriješio Job niti je kakvu ludost protiv Boga izustio.