< Jòb 9 >

1 Konsa, Job te reponn. Li te di:
Lè sa a, Jòb pran lapawòl, li di konsa:
2 “Anverite, mwen konnen sa se vrè; alò, kijan yon nonm kapab genyen dwa devan Bondye?
-Wi, mwen konnen se konsa sa ye. Men, ki jan pou yon moun ka gen rezon devan Bondye?
3 Si yon moun te vle diskite avèk Li, li pa t ap kab byen reponn li menm yon fwa nan mil.
Si li vle plede ak Bondye, Bondye ap mande l' venmil keksyon, li p'ap ka reponn yonn menm.
4 Bondye saj nan kè e pwisan nan fòs; se kilès ki konn reziste ak Li san donmaj?
Bondye sitèlman gen bon konprann, li sitèlman gen fòs, pa gen moun ki ka kenbe tèt avè l' pou yo pa peye sa.
5 Se Li Menm ki deplase mòn yo, ki jan yo pa menm konnen, lè Li boulvèse yo nan fachez Li.
Li deplase mòn yo lè lide l' di l'. Lè li an kòlè, li voye yo jete byen lwen.
6 Li souke latè sòti nan plas li, e fè pilye fondasyon li yo tranble.
Bondye fè tè a tranble kote l' chita a. Li souke poto ki soutni l' yo.
7 Li kòmande solèy la pou l pa klere e ki mete yon so sou zetwal yo.
Li annik bay yon lòd, epi solèy la pa leve. Li fè zetwal yo pa klere lannwit.
8 Se Li menm sèl ki rale lonje syèl yo e bese vag lanmè yo.
Li te pou kont li lè li t'ap louvri syèl la anwo tè a. Li mache sou lanmè a jan li vle.
9 Li sèl ki fè sou syèl la gwo Ourse la ak Orion an, avèk Pleiades yo, avèk chanm ki nan sid yo.
Se li ki fè zetwal yo: Gwo Kabwèt la, Oryon, Lapousiyè ak zetwal Sid yo.
10 Li menm ki fè gwo bagay mèvèy yo, avèk zèv mèvèy san kontwòl yo.
Se li menm ki fè yon bann bèl bagay nou pa ka fin konprann, yon dal mèvèy nou pa ka fin konte.
11 Si Li ta vin pase bò kote mwen, mwen pa t ap wè L. Si Li ta depase m nan wout, mwen pa t ap apèsi L.
Bondye te mèt ap pase toupre m', mwen pa ka wè l'. Li glise kò l', li ale.
12 Gade byen, Li rache retire, se kilès ki ka anpeche L? Kilès ki ka di L: ‘Kisa w ap fè la a’?
Li pran sa l' bezwen. Pa gen moun ki pou enpoze l' fè l'. Pa gen moun ki ka penmèt yo mande l': Sa w'ap fè la a?
13 “Bondye p ap detounen kòlè Li. Anba Li, byen akwoupi, se asistan a Rahab yo.
Bondye pa ka kenbe kòlè l' ankò! Li fè tout patizan Raab yo bese tèt devan li.
14 Kijan mwen kab reponn Li, e chwazi pwòp pawòl mwen yo devan L?
Se mwen menm atò ki pou ta kenbe tèt avè l'? Se mwen menm atò ki pou ta plede avè l'?
15 Paske malgre mwen te gen rezon, mwen pa t kab reponn. Mwen ta oblije mande gras a Jij mwen an.
Menm si m' te gen rezon, sa m' bezwen defann tèt mwen fè? Se li k'ap jije m', se padon ase pou m' mande l'.
16 Menmsi mwen te rele, e Li te reponn mwen, mwen pa t ap kab kwè ke Li ta koute vwa m.
Menm si li ta reponn mwen lè m' rele l', mwen pa kwè li ta koute sa m'ap di l'.
17 Paske Li fin brize m nèt ak yon tanpèt, e ogmante blese mwen yo san koz.
Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen.
18 Li pa lèse m pran souf, men fè m debòde ak sa ki anmè.
Li pa ban m' tan pou m' pran yon ti souf menm. Li voye malè sou mwen yonn apre lòt.
19 Men pou pouvwa, men gade, se Li menm ki gen fòs! Epi pou jistis, se kilès menm k ap voye pwosè vèbal bay Li menm?
Mwen ta seye fè fòs avè l'? Fòs, se nan men l' sa ye. Mwen ta rele l' tribinal? Ki jij ki va voye manda ba li?
20 Malgre mwen dwat, bouch mwen ap kondane m; malgre mwen san tò, Li va deklare m koupab.
M' te mèt gen rezon, pawòl nan bouch mwen ap kondannen m'. M' te mèt inonsan, tou sa m'ap di ap ban m' tò.
21 Mwen inosan; mwen pa okipe mwen menm; mwen rayi lavi m.
Eske m' inonsan? M' pa menm ka di sa. Lavi pa di m' anyen ankò!
22 “Tout se menm bagay. Akoz sa mwen di Li detwi inosan yo avèk koupab yo.’
Si gen yon bagay m' ka di: inonsan ou koupab, se menm bagay. Bondye ap toujou detwi nou.
23 Si frèt la vin touye sibitman, l ap moke dezolasyon inosan an.
Si yon malè konmanse ap simen lanmò, inonsan te mèt ap rele, Bondye ri sa.
24 Ak lemonn nan ki sede nan men a mechan yo, Li fin kouvri figi a jij latè yo. Si se pa Li menm, eh byen se kilès?
Lè yon peyi tonbe anba men moun ki mechan, Bondye bouche je tout jij yo. Si se pa li ki fè sa, ki moun ki pou fè l'?
25 “Alò, jou m yo vin pi rapid pase yon nonm k ap fè kous; Yo kouri ale. Yo pa wè anyen ki bon.
Jou yo pase pou mwen pi vit pase dlo larivyè. Pa gen yonn ki ban m' kè kontan.
26 Yo glise pase tankou kannòt k ap pase nan wozo, tankou yon èg ki vole plonje sou viktim li.
Yo kouri tankou bwa fouye sou larivyè, tankou malfini k'ap plonje sou ti poul.
27 Malgre mwen di ke m va bliye plent mwen, ke m va kite figi tris la pou fè kè kontan,
Si mwen di: Bon. M' p'ap plenyen ankò. M'ap chanje figi m', m'ap fè yon ti ri,
28 mwen krent tout doulè mwen yo. Mwen konnen ke Ou p ap bliye fot mwen yo.
soufrans yo vin pi rèd sou mwen. Mwen pè, paske mwen konnen pou Bondye mwen pa inonsan.
29 Mwen gen tan fin jije koupab. Konsa, poukisa mwen ta dwe fè fòs anven?
Si m' antò, sa m' bezwen bat kò m' pou gremesi fè?
30 Si m ta lave m nèt ak lanèj, e pwòpte men m ak savon lesiv ki fò,
Pa gen dlo ki ka lave m'. Pa gen savon ki ka blanchi m'.
31 malgre sa, Ou ta plonje mwen nan kanal la, e pwòp rad mwen yo ta vin rayi m.
Bondye voye m' jete nan yon pil fatra. Ata rad m' pa ka mete sou mwen.
32 Paske Li pa yon nonm kon mwen, pou m ta reponn Li, pou nou ta kab rive nan tribinal ansanm.
Men, Bondye pa yon moun tankou m'. M' pa ka diskite avè l'. Nou pa ka al lajistis.
33 Nanpwen moun ki pou fè antant antre nou, ki ta kab mete men l sou nou toulède.
Pa gen moun ki ka mete ola nan koze a. Pa gen moun ki ka jije m' ansanm avè l'.
34 Kite Li retire baton Li sou mwen, e pa kite laperèz Li plen m ak gwo latèrè.
Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè.
35 Konsa, mwen ta pale san fè laperèz devan L; men mwen pa kab konsa pou kont mwen.”
Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'.

< Jòb 9 >