< Jòb 8 >

1 Konsa, Bildad Schuach la, te reponn: 2 “Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo pou pawòl a bouch ou fè gwo van? 3 Èske Bondye konn konwonpi jistis la? Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat? 4 Si fis ou yo te peche kont Li, alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo. 5 Si ou ta chache Bondye e mande konpasyon a Toupwisan an, 6 si ou te san tach e dwat; anverite, koulye a, Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou jan ou te ye nan ladwati ou. 7 Malgre, kòmansman ou pa t remakab, ou ta fini avèk anpil gwo bagay. 8 “Souple, fè rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo, e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve. 9 Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen, e nou pa konnen anyen, paske jou pa nou yo sou latè se sèl yon lonbraj ki pase. 10 Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt? 11 “Èske jon kab grandi san ma dlo? Èske wozo konn pouse san dlo? 12 Pandan li toujou vèt e san koupe a, l ap fennen avan tout lòt plant yo. 13 Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo. Konsa espwa a moun enkwayan yo peri, 14 sila a ak konfyans frajil la kap mete konfyans li nan fil arenye a. 15 Arenye a mete konfyans sou lakay li, men li p ap kanpe. Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire. 16 Li byen reyisi nan solèy la e gaye toupatou nan jaden an. 17 Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch; li sezi yon kay wòch. 18 Si li vin deplase sou plas li, alò plas li va refize rekonèt li e di: “Mwen pa t janm wè w. 19 Gade byen, se sa ki fè lajwa chemen li; epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè la. 20 “Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg; ni li p ap bay soutyen a malfektè yo. 21 Jiska prezan, Li va ranpli bouch ou avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi. 22 Sila ki rayi ou yo va vin abiye ak wont e tant a mechan yo p ap la ankò.”

< Jòb 8 >