< Jòb 8 >

1 Konsa, Bildad Schuach la, te reponn:
ויען בלדד השוחי ויאמר׃
2 “Pou konbyen de tan ou va pale bagay sa yo pou pawòl a bouch ou fè gwo van?
עד אן תמלל אלה ורוח כביר אמרי פיך׃
3 Èske Bondye konn konwonpi jistis la? Oswa èske Toupwisan an konwonpi sa ki dwat?
האל יעות משפט ואם שדי יעות צדק׃
4 Si fis ou yo te peche kont Li, alò, Li livre yo antre nan pouvwa transgresyon yo.
אם בניך חטאו לו וישלחם ביד פשעם׃
5 Si ou ta chache Bondye e mande konpasyon a Toupwisan an,
אם אתה תשחר אל אל ואל שדי תתחנן׃
6 si ou te san tach e dwat; anverite, koulye a, Li ta leve Li menm pou ou e rekonpanse ou jan ou te ye nan ladwati ou.
אם זך וישר אתה כי עתה יעיר עליך ושלם נות צדקך׃
7 Malgre, kòmansman ou pa t remakab, ou ta fini avèk anpil gwo bagay.
והיה ראשיתך מצער ואחריתך ישגה מאד׃
8 “Souple, fè rechèch nan jenerasyon zansèt ansyen yo, e bay konsiderasyon a bagay ke papa yo te twouve.
כי שאל נא לדר רישון וכונן לחקר אבותם׃
9 Paske nou menm se sèl bagay ayè nou konnen, e nou pa konnen anyen, paske jou pa nou yo sou latè se sèl yon lonbraj ki pase.
כי תמול אנחנו ולא נדע כי צל ימינו עלי ארץ׃
10 Èske yo p ap enstwi ou, pale ou e fè pawòl ki nan tèt yo vin parèt?
הלא הם יורוך יאמרו לך ומלבם יוצאו מלים׃
11 “Èske jon kab grandi san ma dlo? Èske wozo konn pouse san dlo?
היגאה גמא בלא בצה ישגה אחו בלי מים׃
12 Pandan li toujou vèt e san koupe a, l ap fennen avan tout lòt plant yo.
עדנו באבו לא יקטף ולפני כל חציר ייבש׃
13 Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo. Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,
כן ארחות כל שכחי אל ותקות חנף תאבד׃
14 sila a ak konfyans frajil la kap mete konfyans li nan fil arenye a.
אשר יקוט כסלו ובית עכביש מבטחו׃
15 Arenye a mete konfyans sou lakay li, men li p ap kanpe. Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.
ישען על ביתו ולא יעמד יחזיק בו ולא יקום׃
16 Li byen reyisi nan solèy la e gaye toupatou nan jaden an.
רטב הוא לפני שמש ועל גנתו ינקתו תצא׃
17 Rasin li yo vlope toupatou sou pil wòch; li sezi yon kay wòch.
על גל שרשיו יסבכו בית אבנים יחזה׃
18 Si li vin deplase sou plas li, alò plas li va refize rekonèt li e di: “Mwen pa t janm wè w.
אם יבלענו ממקומו וכחש בו לא ראיתיך׃
19 Gade byen, se sa ki fè lajwa chemen li; epi dèyè li, gen lòt yo k ap pete sòti nan pousyè tè la.
הן הוא משוש דרכו ומעפר אחר יצמחו׃
20 “Alò, Bondye p ap rejte yon nonm entèg; ni li p ap bay soutyen a malfektè yo.
הן אל לא ימאס תם ולא יחזיק ביד מרעים׃
21 Jiska prezan, Li va ranpli bouch ou avèk ri lajwa e lèv ou avèk kri plezi.
עד ימלה שחוק פיך ושפתיך תרועה׃
22 Sila ki rayi ou yo va vin abiye ak wont e tant a mechan yo p ap la ankò.”
שנאיך ילבשו בשת ואהל רשעים איננו׃

< Jòb 8 >