< Jòb 6 >

1 Epi Job te reponn:
约伯回答说:
2 “O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan, ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!
惟愿我的烦恼称一称, 我一切的灾害放在天平里;
3 Paske li ta pi lou pase sab lanmè yo. Akoz sa a, pawòl mwen yo te tèlman san règ.
现今都比海沙更重, 所以我的言语急躁。
4 Paske flèch Toupwisan an fin antre anndan m; lespri m ap bwè pwazon. Gwo laperèz Bondye a vin alinye kont mwen.
因全能者的箭射入我身; 其毒,我的灵喝尽了; 神的惊吓摆阵攻击我。
5 Èske bourik mawon ranni sou zèb li, oswa bèf rele sou manje li?
野驴有草岂能叫唤? 牛有料岂能吼叫?
6 Èske bagay san gou kapab manje san sèl, oswa èske pati blan nan zye poul a gen gou?
物淡而无盐岂可吃吗? 蛋青有什么滋味呢?
7 Nanm mwen p ap touche yo. Yo tankou manje abominab pou mwen.
看为可厌的食物, 我心不肯挨近。
8 “O ke sa m mande ta kab rive, e ke Bondye ta ban m sa m anvi wè a!
惟愿我得着所求的, 愿 神赐我所切望的;
9 Ke Bondye ta dakò pou kraze m nèt, ke Li ta lache men l pou retire mwen nèt!
就是愿 神把我压碎, 伸手将我剪除。
10 Kite sa toujou kòm konsolasyon mwen; wi, kite mwen rejwi nan doulè k ap kraze mwen, pou m pa t renye pawòl a Sila Ki Sen an.
我因没有违弃那圣者的言语, 就仍以此为安慰, 在不止息的痛苦中还可踊跃。
11 Ki jan fòs mwen ye, pou m ta tan? Epi kilès lafen mwen, ke m ta dwe sipòte?
我有什么气力使我等候? 我有什么结局使我忍耐?
12 Èske fòs mwen tankou wòch, o èske chè m kon bwonz?
我的气力岂是石头的气力? 我的肉身岂是铜的呢?
13 Èske se pa ke nanpwen sekou anndan m, ke tout sajès fin chase lwen mwen?
在我岂不是毫无帮助吗? 智慧岂不是从我心中赶出净尽吗?
14 “Paske pou nonm ki pèdi tout espwa a, li ta dwe twouve konpasyon nan zanmi li; menm a li menm ki kon pèdi lakrent Wo Pwisan an.
那将要灰心、离弃全能者、 不敬畏 神的人, 他的朋友当以慈爱待他。
15 Frè m yo te aji ak desepsyon kon yon ravin, kon flèv ravin ki vin sèch;
我的弟兄诡诈,好像溪水, 又像溪水流干的河道。
16 ki vin sal tankou glas k ap fonn kote lanèj kon kache.
这河因结冰发黑, 有雪藏在其中;
17 Nan sezon sèch, yo pa la; lè li cho, yo disparèt sou plas yo.
天气渐暖就随时消化, 日头炎热便从原处干涸。
18 Chemen a kous pa yo tòde tout kote; yo monte rive vin anyen; yo vin disparèt.
结伴的客旅离弃大道, 顺河偏行,到荒野之地死亡。
19 Karavàn Théma yo te vin veye; vwayajè Séba yo te gen espwa yo.
提玛结伴的客旅瞻望; 示巴同伙的人等候。
20 Yo te desi paske yo te mete konfyans; yo te vini la, e te etone.
他们因失了盼望就抱愧, 来到那里便蒙羞。
21 Anverite, koulye a se konsa ou ye; ou wè laperèz e ou vin pè.
现在你们正是这样, 看见惊吓的事便惧怕。
22 Èske mwen te di ou: ‘Ban m yon bagay’? Oswa m te fè yon demann anba tab pou retire nan richès ou?
我岂说:请你们供给我, 从你们的财物中送礼物给我?
23 Oswa ‘delivre m nan men advèsè a’? Oswa ‘rachte mwen nan men opresè sila yo’?
岂说:拯救我脱离敌人的手吗? 救赎我脱离强暴人的手吗?
24 “Enstwi mwen e mwen va pe la! Montre mwen kote mwen gen tò.
请你们教导我,我便不作声; 使我明白在何事上有错。
25 Kèl doulè pawòl onèt sa yo genyen! Men kisa diskou ou a pwouve?
正直的言语力量何其大! 但你们责备是责备什么呢?
26 Èske ou gen entansyon repwoche pawòl mwen yo, lè ou konnen se van ki mèt pawòl yo lè moun dekouraje nèt?
绝望人的讲论既然如风, 你们还想要驳正言语吗?
27 Konsa, ou ta menm tire osò pou òfelen yo e fè twòk pou zanmi ou.
你们想为孤儿拈阄, 以朋友当货物。
28 Alò, souple, gade mwen e wè si se manti m ap fè nan figi ou.
现在请你们看看我, 我决不当面说谎。
29 Rete la, koulye a e pa kite enjistis fèt. Retounen kote m! Jiska prezan, ladwati mwen rete ladan an.
请你们转意,不要不公; 请再转意,我的事有理。
30 Èske gen enjistis sou lang mwen? Èske bouch mwen pa kapab distenge gou gwo malè?”
我的舌上岂有不义吗? 我的口里岂不辨奸恶吗?

< Jòb 6 >