< Jòb 5 >

1 “Rele koulye a; èske gen moun ki pou reponn? A kilès nan sen fidèl yo ke ou va vire?
試みに呼んでみよ、だれかあなたに答える者があるか。どの聖者にあなたは頼もうとするのか。
2 Paske rankin va touye moun ki plen foli, e jalouzi va touye moun senp lan.
確かに、憤りは愚かな者を殺し、ねたみはあさはかな者を死なせる。
3 Mwen te wè moun san konprann ki t ap pran rasin, e byen vit, mwen te denonse kay li.
わたしは愚かな者の根を張るのを見た、しかしわたしは、にわかにそのすみかをのろった。
4 Fis li yo pa jwenn sekirite ditou; menm nan pòtay la, yo oprime, ni pa gen moun pou delivre yo.
その子らは安きを得ず、町の門でしえたげられても、これを救う者がない。
5 Moun grangou yo devore rekòlt li, e mennen l yon kote plen pikan. Epi pelen an rete ovèt pou sezi tout byen yo.
その収穫は飢えた人が食べ、いばらの中からさえ、これを奪う。また、かわいた者はその財産をあえぎ求める。
6 Paske malè pa sòti nan pousyè, ni gwo twoub pa pouse soti nan tè;
苦しみは、ちりから起るものでなく、悩みは土から生じるものでない。
7 paske lòm fèt pou gwo twoub, tankou etensèl dife vole anlè.
人が生れて悩みを受けるのは、火の子が上に飛ぶにひとしい。
8 “Men pou mwen, mwen ta chache Bondye, pou m ta plede kòz mwen devan Bondye.
しかし、わたしであるならば、神に求め、神に、わたしの事をまかせる。
9 Bondye Ki konn fè gwo bagay ki depase konesans lan; mèvèy ki pa kab menm konte yo.
彼は大いなる事をされるかたで、測り知れない、その不思議なみわざは数えがたい。
10 Li bay lapli sou tè a, e voye dlo sou chan yo,
彼は地に雨を降らせ、野に水を送られる。
11 Jiskaske Li leve sila ki enb yo, e sila ki an dèy yo, li leve bay sekou.
彼は低い者を高くあげ、悲しむ者を引き上げて、安全にされる。
12 Li anile manèv a sila ki gen riz yo pou men yo pa reyisi.
彼は悪賢い者の計りごとを敗られる。それで何事もその手になし遂げることはできない。
13 Li kaptire saj yo nan pwòp riz pa yo, e konsèy a moun k ap twonpe moun nan vin kontrekare byen vit.
彼は賢い者を、彼ら自身の悪巧みによって捕え、曲った者の計りごとをくつがえされる。
14 Nan gwo lajounen, yo jwenn ak tenèb, e yo egare gwo midi tankou se te lannwit.
彼らは昼も、やみに会い、真昼にも、夜のように手探りする。
15 Men li sove yo de nepe a pwop bouch yo, e menm malere a chape nan men pwisan an.
彼は貧しい者を彼らの口のつるぎから救い、また強い者の手から救われる。
16 Akoz sa, sila ki san sekou a gen espwa, e inikite oblije pe bouch li.
それゆえ乏しい者に望みがあり、不義はその口を閉じる。
17 “Gade byen kijan nonm ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan. Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.
見よ、神に戒められる人はさいわいだ。それゆえ全能者の懲しめを軽んじてはならない。
18 Paske se Li menm ki blese, e se Li menm ki retire blesè a; Li fè donmaj la, e pwòp men L ki geri l.
彼は傷つけ、また包み、撃ち、またその手をもっていやされる。
19 Soti sis fwa, Li va delivre ou de twoub ou yo; Menm nan sèt fwa, mal la p ap kab touche ou.
彼はあなたを六つの悩みから救い、七つのうちでも、災はあなたに触れることがない。
20 Nan gwo grangou Li va delivre ou devan lanmò, e nan lagè, devan pouvwa nepe a.
ききんの時には、あなたをあがなって、死を免れさせ、いくさの時には、つるぎの力を免れさせられる。
21 Ou va pwoteje devan blese a lang lan, e ou p ap pè vyolans lan lè l vin parèt.
あなたは舌をもってむち打たれる時にも、おおい隠され、滅びが来る時でも、恐れることはない。
22 Ou va ri devan vyolans ak grangou, e ou p ap pè bèt sovaj yo.
あなたは滅びと、ききんとを笑い、地の獣をも恐れることはない。
23 Paske ou va fè alyans ak wòch chan yo, e bèt sovaj yo va anpè avèk ou.
あなたは野の石と契約を結び、野の獣はあなたと和らぐからである。
24 Ou va konnen ke tant ou an pwoteje, paske ou va vizite lakay ou san krent ni pèt.
あなたは自分の天幕の安全なことを知り、自分の家畜のおりを見回っても、欠けた物がなく、
25 Anplis, ou va konnen ke desandan ou yo va anpil, e sila ki sòti nan ou yo anpil tankou zèb latè.
また、あなたの子孫の多くなり、そのすえが地の草のようになるのを知るであろう。
26 Ou va rive nan tonbo a ak tout fòs ou, tankou gwo sak ble nan sezon li.
あなたは高齢に達して墓に入る、あたかも麦束をその季節になって打ち場に運びあげるようになるであろう。
27 Gade sa byen; nou te fè ankèt li, e se konsa li ye. Tande sa e konnen l pou kont ou.”
見よ、われわれの尋ねきわめた所はこのとおりだ。あなたはこれを聞いて、みずから知るがよい」。

< Jòb 5 >