< Jòb 42 >

1 Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
욥이 여호와께 대답하여 가로되
2 “Mwen konnen ke Ou ka fè tout bagay, e ke nanpwen volonte Ou ki kab detounen.
주께서는 무소불능하시오며 무슨 경영이든지 못 이루실 것이 없는줄 아오니
3 Ou te mande: ‘Kilès sila ki kache konsèy san konesans lan?’” “Konsa, mwen te deklare sa ke m pa t konprann nan; bagay twò etonnan pou mwen, ke m pa t konnen yo.
무지한 말로 이치를 가리우는 자가 누구니이까 내가 스스로 깨달을 수 없는 일을 말하였고 스스로 알 수 없고 헤아리기 어려운 일을 말하였나이다
4 Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale; Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’
내가 말하겠사오니 주여 들으시고 내가 주께 묻겠사오니 주여 내게 알게 하옵소서
5 “Konsa, Mwen te kon tande de Ou nan zòrèy mwen yo, men koulye a, zye m wè Ou.
내가 주께 대하여 귀로 듣기만 하였삽더니 이제는 눈으로 주를 뵈옵나이다
6 Pou tout sa a, mwen rayi pwop tèt mwen, e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”
그러므로 내가 스스로 한하고 티끌과 재 가운데서 회개하나이다
7 Li te vin rive apre SENYÈ a te pale pawòl sa yo a Job, ke SENYÈ a te di a Éliphaz, Temanit lan: “Lakòlè mwen limen kont ou e kont de zanmi ou yo, akoz ou pa t pale selon Mwen sa ki dwat, tankou sèvitè Mwen Job te fè a.
여호와께서 욥에게 이 말씀을 하신 후에 데만 사람 엘리바스에게 이르시되 내가 너와 네 두 친구에게 노하나니 이는 너희가 나를 가리켜 말한 것이 내 종 욥의 말 같이 정당하지 못함이니라
8 Alò, pou sa, pran pou nou menm sèt towo avèk sèt belye, rive kote sèvitè Mwen an Job, e ofri yon ofrann brile pou nou menm; epi sèvitè Mwen an, Job, va priye pou nou. Paske Mwen va aksepte li jis pou m pa aji avèk nou selon foli nou, akoz nou pa t pale selon Mwen sa ki bon, tankou sèvitè Mwen Job te fè a.”
그런즉 너희는 수송아지 일곱과 수양 일곱을 취하여 내 종 욥에게 가서 너희를 위하여 번제를 드리라 내 종 욥이 너희를 위하여 기도할 것인즉 내가 그를 기쁘게 받으리니 너희의 우매한대로 너희에게 갚지 아니하리라 이는 너희가 나를 가리켜 말한 것이 내 종 욥의 말같이 정당하지 못함이니라
9 Konsa, Éliphaz, Temanit lan avèk Bildad, Shouachyen an ak Tsophar, Naamatit la te ale fè sa ke SENYÈ a te di yo; epi SENYÈ a te aksepte Job.
이에 데만 사람 엘리바스와 수아 사람 빌닷과 나아마 사람 소발이 가서 여호와께서 자기들에게 명하신 대로 행하니라 여호와께서 욥을 기쁘게 받으셨더라
10 SENYÈ a te restore Job ak tout byen li ak pozisyon li lè l te priye pou zanmi li yo, e SENYÈ a te remèt tout sa li te genyen miltipliye de fwa anplis.
욥이 그 벗들을 위하여 빌매 여호와께서 욥의 곤경을 돌이키시고 욥에게 그전 소유보다 갑절이나 주신지라
11 Konsa, tout frè li yo ak sè li yo ak tout moun ki te konnen l oparavan yo te vin kote li, e yo te manje pen avèk li lakay li. Yo te rekonfòte li e konsole li akoz tout twoub ke SENYÈ a te mennen sou li yo. Epi yo chak te bay li yon pyès lajan ak yon bag an lò.
이에 그의 모든 형제와 자매와 및 전에 알던 자들이 다와서 그 집에서 그와 함께 식물을 먹고 여호와께서 그에게 내리신 모든 재앙에 대하여 그를 위하여 슬퍼하며 위로하고 각각 금 한 조각과 금고리 하나씩 주었더라
12 SENYÈ a te beni dènye jou a Job yo plis pase premye yo. Epi li te gen katòz-mil mouton ak si-mil chamo, ak mil bèf kabwèt ak mil femèl bourik.
여호와께서 욥의 모년에 복을 주사 처음 복보다 더하게 하시니 그가 양 일만 사천과 약대 육천과 소 일천 겨리와 암나귀 일천을 두었고
13 Li te gen sèt fis ak twa fi.
또 아들 일곱과 딸 셋을 낳았으며
14 Li te rele premye a Jemima, dezyèm nan Ketsia, twazyèm nan Kéren-Happuc.
그가 첫째 딸은 여미마라 이름하였고 둘째 딸은 긋시아라 이름하였고 세째 딸은 게렌합북이라 이름하였으며
15 Nan tout peyi a, pa t gen fanm ki te bèl tankou fi a Job yo. Konsa, papa yo te bay yo yon eritaj pami frè yo.
전국 중에 욥의 딸들처럼 아리따운 여자가 없었더라 그 아비가 그들에게 그 오라비처럼 산업을 주었더라
16 Apre sa, Job te viv pandan san-karant lane, e te wè fis li yo ak pitit a fis li yo, jis rive nan kat jenerasyon.
그 후에 욥이 일백 사십년을 살며 아들과 손자 사대를 보았고
17 Konsa, Job te mouri, granmoun e plen ak jou.
나이 늙고 기한이 차서 죽었더라

< Jòb 42 >