< Jòb 41 >

1 Èske ou ka rale Levyatan an deyò ak yon zen lapèch? Oswa peze lang li desann ak yon kòd?
Tireras-tu le Léviathan avec un hameçon? Lui feras-tu baisser la langue avec la ligne?
2 Èske ou kab mete yon kòd nan nen l, oswa pèse machwè l ak yon zen?
Lui passeras-tu un jonc dans les narines, lui perceras-tu la mâchoire avec un crochet?
3 Èske l ap fè ou anpil siplikasyon, oswa èske l ap pale ak ou ak pawòl dous?
Te prodiguera-t-il ses prières? Ou t’adressera-t-il de douces paroles?
4 Èske l ap fè yon akò avèk ou? Èske ou va pran l pou yon sèvitè pou tout tan?
Fera-t-il un pacte avec toi? L’Engageras-tu comme un esclave perpétuel?
5 Èske ou va jwe avè l konsi se yon zwazo, oswa èske ou va mare li pou demwazèl ou yo?
Te servira-t-il de jouet comme un passereau? L’Attacheras-tu pour amuser tes jeunes filles?
6 Èske komèsan yo va fè komès avè l? Èske y ap divize li pami machann yo?
Les pêcheurs associés en feront-ils le commerce? Le débiteront-ils entre les marchands?
7 Èske ou kab plen po li ak gwo lans, oswa tèt li ak fren lapèch?
Cribleras-tu sa peau de dards et sa tête de harpons barbelés?
8 Poze men ou sou li! Sonje batay la byen! Ou p ap fè l ankò
Pose seulement ta main sur lui: tu te souviendras de ce combat et ne recommenceras plus!
9 Gade byen, esperans ou fo. Èske ou p ap vin bese ou, menm devan rega li?
Vois, espérer la victoire est une illusion: à son seul aspect, n’est-on pas terrassé?
10 Nanpwen moun ki gen kouraj ase pou l ta tante fè l leve. Ebyen, se kilès li ye ki kab kanpe devan M?
Personne n’est assez téméraire pour l’exciter: qui donc oserait me tenir tête, à moi?
11 Kilès ki te ban Mwen yon bagay pou M ta rekonpanse li? Tout bagay anba tout syèl la se pa M.
Qui m’a rendu un service que j’aie à payer de retour? Tout ce qui est sous le ciel est à moi.
12 Konsa, Mwen p ap rete an silans akoz manm li yo, oswa gran pwisans li, oswa jan kò l byen òganize.
Je ne passerai pas sous silence ses membres, le détail de ses exploits, la beauté de sa structure.
13 Se kilès ki kab retire pwotèj eksteyè li? Kilès ki kab penetre pwotèj fèt ak chenn doub?
Qui a soulevé le dessous de son vêtement? Qui a pénétré dans la double rangée de sa denture?
14 Kilès ki kab ouvri pòt figi li? Gwo laperèz antoure dan l.
Qui a ouvert les battants de sa gueule? La terreur habite autour de ses dents.
15 Gwo kal li yo se gran ògèy li; yo fèmen byen byen di.
Imposantes sont les lignes d’écailles qui lui servent de boucliers et pressées comme un sceau qui adhère fortement.
16 Youn tèlman pre lòt ke menm lè pa kab pase antre yo.
Elles se touchent de près, l’air ne pénètre pas entre elles.
17 Yo jwenn youn ak lòt; yo kole yo chak youn sou lòt e yo pa kab separe.
L’Une est serrée contre l’autre; elles tiennent ensemble sans aucun interstice.
18 Lè li estène, li fè limyè vin parèt; e zye li tankou pòpyè zye nan maten.
Ses éternuements font jaillir la lumière, ses yeux sont comme les paupières de l’aurore.
19 Tòch dife yo sòti nan bouch li; sann volan yo vòltije vin parèt.
De sa bouche partent des flammes, s’échappent des étincelles de feu.
20 Sòti nan nen l, se lafimen; konsi k ap sòti nan yon gwo bonm k ap bouyi, oswa fèy sèch k ap pran dife.
De ses naseaux sort la fumée, comme d’une marmite bouillante chauffée aux roseaux.
21 Souf li ka limen chabon, e flanm yo sòti nan bouch li.
Son haleine allume les charbons, de sa gueule sort une flamme.
22 Kou li se yon rezèvwa fòs e gwo laperèz danse devan l.
Dans son cou la force réside, devant lui bondit la terreur.
23 Tout pli sou chè li vin jwenn ansanm; byen solid sou li, e yo pa kab deplase.
Les fanons de sa chair sont adhérents, soudés sur lui sans ballotter.
24 Kè li di tankou wòch, di menm tankou gwo wòch moulen.
Son cœur est massif comme une pierre, solide comme la meule de dessous.
25 Lè l leve pi pwisan yo vin pè; akoz gwo son kraze brize a, yo fè bak nèt.
Quand il se dresse, les plus vaillants tremblent et se dérobent sous le coup de l’épouvante.
26 Nepe ki rive kote li pa kab fè anyen, ni gwo lans lan, flèch la, ni frenn nan.
L’Attaque-t-on avec l’épée, elle n’a point de prise sur lui, pas plus que lance, javelot ou cuirasse.
27 Pou li moso fè se konsi se pay; bwonz se tankou bwa pouri.
Pour lui, le fer est comme de la paille, l’airain comme du bois pourri.
28 Flèch pa kab fè l sove ale; wòch fistibal se kras raje devan l.
Le fils de l’arc ne le met pas en fuite, les pierres de la fronde se changent pour lui en chaume.
29 Baton yo menm se pay. Li ri lè frenn nan kouri vin jwenn l.
Comme du chaume aussi lui paraît la massue, il se rit du sifflement des dards.
30 Pati anba li se tankou cha kanari; li gaye tankou yon baton ki vannen sou labou.
Son ventre est garni de tessons pointus, il promène comme une herse sur le limon.
31 Li fè pwofondè li yo bouyi tankou yon bonm; li fè lanmè a vin tankou yon ja pomad.
Il fait bouillonner les profondeurs comme une chaudière; il rend la mer semblable à un bassin d’onguents.
32 Dèyè l, li fè yon pa kim dlo briye; konsi ou ta konnen se cheve blanch k ap soti nan fon dlo a.
Le sillage qu’il laisse derrière lui est lumineux: on dirait que les vagues ont la blancheur de la vieillesse.
33 Nanpwen anyen sou latè ki tankou li; yon bèt ki fèt san pè anyen.
Il n’a pas son pareil sur la terre, lui qui est fait pour ne rien craindre.
34 Li gade sou tout bagay ki wo; Li se wa sou tout fis ògèy yo.
Il regarde avec dédain tout ce qui est élevé: il est le roi de tous les fauves altiers.

< Jòb 41 >