< Jòb 40 >

1 Anplis, SENYÈ a te di a Job:
And the LORD said to Job:
2 “Èske li k ap jwenn fot va fè kont ak Tou Pwisan an? Kite li ki repwòche Bondye reponn sa.”
“Will the faultfinder contend with the Almighty? Let him who argues with God give an answer.”
3 Konsa, Job te reponn SENYÈ a. Li te di:
Then Job answered the LORD:
4 “Anverite, mwen pa anyen; ki repons mwen kab bay Ou? Mwen poze men m sou bouch mwen.
“Behold, I am insignificant. How can I reply to You? I place my hand over my mouth.
5 Yon fwa mwen te pale e mwen pa p replike l; menm de fwa, men m pap wale pi lwen.”
I have spoken once, but I have no answer— twice, but I have nothing to add.”
6 Konsa, SENYÈ a te reponn nan mitan toubiyon an. Li te di:
Then the LORD answered Job out of the whirlwind and said:
7 Alò, mare senti ou kon gason; Mwen va mande ou yon bagay, e ou va enstwi M.
“Now brace yourself like a man; I will question you, and you shall inform Me.
8 Èske anverite ou va anile jijman Mwen an? Èske ou va kondane Mwen pou ou menm kab jistifye?
Would you really annul My justice? Would you condemn Me to justify yourself?
9 Oswa èske ou gen yon bra tankou Bondye, ak yon vwa ki ka gwonde tankou pa L la?
Do you have an arm like God’s? Can you thunder with a voice like His?
10 Abiye ou menm ak mayifisans ak grandè. Mete sou ou lonè ak laglwa.
Then adorn yourself with majesty and splendor, and clothe yourself with honor and glory.
11 Vide fè parèt nèt tout lakòlè k ap debòde nan ou. Fè yon ti gade sou tout sila ki gen ògèy yo, e desann yo.
Unleash the fury of your wrath; look on every proud man and bring him low.
12 Fè rega sou tout sila ki gen ògèy yo, e fè yo bese, vin ba. Foule mechan yo nèt kote yo kanpe.
Look on every proud man and humble him; trample the wicked where they stand.
13 Kache yo ansanm nan pousyè a. Mare figi yo nan plas kache a.
Bury them together in the dust; imprison them in the grave.
14 Epi konsa M ap konfese a ou menm ke se pwòp men dwat ou ki kab sove ou.
Then I will confess to you that your own right hand can save you.
15 Gade byen Beyemòt la ke M te fè menm tankou Mwen te fè w la; Li manje zèb tankou bèf.
Look at Behemoth, which I made along with you. He feeds on grass like an ox.
16 Gade koulye a, fòs li nan ren li, e pouvwa li nan gwo venn a vant li yo.
See the strength of his loins and the power in the muscles of his belly.
17 Li koube ke li tankou yon sèd; venn nan kwis li yo koude ansanm nèt.
His tail sways like a cedar; the sinews of his thighs are tightly knit.
18 Zo li se tiyo ki fèt an bwonz; janm li tankou ba fè.
His bones are tubes of bronze; his limbs are rods of iron.
19 Li se premye nan chemen Bondye a; fòk se Sila ki fè l la, ki pou pwoche nepe li.
He is the foremost of God’s works; only his Maker can draw the sword against him.
20 Anverite, mòn yo mennen bay li manje kote tout bèt sovaj latè yo jwe.
The hills yield him their produce, while all the beasts of the field play nearby.
21 Anba zèb dlo, li kouche; nan kouvèti wozo a ak marekaj la.
He lies under the lotus plants, hidden among the reeds of the marsh.
22 Plant dlo yo kouvri li ak lonbraj; bwa sikrèn k ap koule dlo a antoure li.
The lotus plants conceal him in their shade; the willows of the brook surround him.
23 Lè rivyè a vin anraje, li pa twouble; li gen konfyans malgre Jourdain an rive jis nan bouch li.
Though the river rages, Behemoth is unafraid; he remains secure, though the Jordan surges to his mouth.
24 Èske gen moun ki kab kaptire li lè l ap veye; menm ak pwent anfè, èske yon moun kab pèse nen l?
Can anyone capture him as he looks on, or pierce his nose with a snare?

< Jòb 40 >