< Jòb 4 >

1 Konsa, Éliphaz, Temanit lan te reponn;
特曼人厄里法次開始說:
2 Si yon moun ta eseye pale yon mo avèk ou, èske ou va pèdi pasyans? Men se kilès ki kab refize pale?
人若和你講話,你能忍受嗎﹖但誰又能忍住不說﹖
3 Gade byen, ou te enstwi anpil lòt moun; ou te ranfòse menm fèb yo.
看,你曾勸戒過許多人,堅固過軟弱無能的人;
4 Pawòl ou yo te ede fèb yo kanpe, e ou te ranfòse jenou ki manke fòs yo.
你的話扶起了跌倒的人,堅固了膝弱無力的人;
5 Men koulye a, se sou ou sa rive, e ou pa gen pasyans. Sa touche ou menm e ou vin dekouraje nèt.
但是現今災禍一臨於你,你就萎靡不振;一接觸你,你就沮喪失意。
6 Èske se pa lakrent Bondye pa ou ki konfyans ou, ak entegrite chemen ou yo ki espwa ou?
你敬畏天主之情,豈不是你的依靠﹖你完善的行為,豈不是你的希望﹖
7 “Sonje byen se kilès ki kon peri inosan? Oswa ki kote ou wè moun ladwati yo te detwi?
請想:那有無辜者喪亡﹖那有正直者消逝﹖
8 Selon sa ke mwen menm te wè, sila ki raboure inikite yo, ak sila ki simen twoub yo, yo rekòlte li.
照我所見:那播種邪惡的,必收邪惡;散佈毒害的,必收毒害。
9 Pa souf Bondye, yo peri, e pa van chalè Li, yo fini nèt.
天主一噓氣,他們即滅亡;一發怒氣,他們即消失。
10 Gwo vwa a lyon fewòs la, vwa fewòs a lyon an, e dan a jenn lyon yo fin kase.
獅吼豹嗥完全止息,幼獅的牙齒也被打碎;
11 Pi gran lyon an peri paske li manke manje, e pitit li yo vin gaye.
壯獅因缺獵物而滅絕,牝獅幼子各自東西離散。
12 “Alò, an kachèt yon pawòl rive sou mwen; zòrèy mwen te resevwa yon ti souf li.
我竊聽到一句話,我耳聽見細語聲。
13 Pami refleksyon enkyetan ki sòti nan vizyon lannwit yo, lè dòmi pwofon tonbe sou moun,
當人沉睡時,夜夢多幻象;
14 laperèz te vini sou mwen. Mwen te tranble e zo m yo te souke.
我恐怖戰慄,全身骨頭發抖。
15 Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen; plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.
寒風掠過我面,使我毛髮悚然。
16 Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li. Yon fòm te devan zye m. Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:
他停立不動,但我不能辨其形狀;我面前出現形影,我聽見細微的聲音:
17 'Èske lòm kapab jis devan Bondye? Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?
人豈能在天主前自以為義﹖在造他者前,自以為潔﹖
18 Menm nan sèvitè Li yo, Li pa mete konfyans; ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.
看,他的僕役,他還不信;他的使者,他還歸罪,
19 Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo, ki gen pousyè kon fondasyon, ki vin kraze devan papiyon!
何況那以泥屋為居所,以塵土為基礎的人! 他們為人踐踏,有如蠹蟲;
20 Antre maten ak aswè, yo vin kase an mòso; san yo pa wè anyen, yo peri nèt.
晨昏間即化為齏粉,永遠消亡而無人一顧。
21 Èske kòd soutyen tant yo pa plwaye pa anndan? Yo mouri konsa, san sajès.'
幕索如已自斷,他們豈不是因缺少智慧而死亡﹖

< Jòb 4 >