< Jòb 38 >
1 Konsa, Bondye te reponn Job nan van toubiyon an:
Og Herren svara Job or stormen og sagde:
2 Se kilès sa a ki twouble konsèy Mwen an ak pawòl san konesans yo?
«Kven er det som gjer rådgjerd myrk med ord som reint er utan skyn?
3 Alò, mare senti ou tankou gason, M ap mande ou e ou va enstwi M!
Spenn som ein mann ditt belte på, gjev meg på mine spursmål svar.
4 “Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan? Pale si ou gen bon konprann,
Kvar var du då eg grunna jordi? Seg fram, i fall du greida hev!
5 Se kilès ki te etabli mezi li? Konsi ou konnen? Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?
Kven sette måli - veit du det? - Og spana målsnor yver henne?
6 Sou kilès baz li yo te fonse? Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,
Kvar vart pelaran’ sette ned? Kven la vel hennar hyrnestein,
7 lè zetwal maten yo te chante ansanm, e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?
med alle morgonstjernor kvad, gudssønerne av gleda song?
8 “Oswa se kilès ki te delimite lanmè a ak pòt yo, lè l te pete sòti nan vant lemonn nan;
Kven stengde havet inn med dører, då det braut ut or moderfang?
9 lè M te fè yon nwaj sèvi vètman li e fènwa byen pwès kon rad anfans li,
Då eg det skyer gav til klæde og myrkeskodd til sveip åt det
10 epi Mwen te plase lizyè sou li, e te kadnase pòt li yo,
då eg for det ei grensa sette og trygga ho med port og bom
11 lè Mwen te di: ‘Men la, ou va rive e pa plis; men la vag ògèy ou va rete’?
og sagde: «Hit og ikkje lenger! Di byrge bylgja stogge her!»
12 “Èske pandan tout vi ou, ou te pase lòd pou maten rive, e fè solèy granmaten an konnen plas li,
Baud du vel dagsprett nokon gong? Gav du morgonroden stad,
13 pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latè e souke l nèt pou yo sòti ladann?
so femner kringum ytste jordi, so syndaran’ vart riste av?
14 Li vin chanje tankou ajil anba yon so; epi prezante la tankou yon abiman.
Då tek ho form som leir for segl, og all stend greinlegt som ein klædnad.
15 Sou mechan yo, limyè yo retire e bwa souleve a vin kase.
Då misser gudlause sitt ljos, den arm som lyfte seg, vert knekt.
16 “Èske ou konn antre nan sous lanmè yo, oswa mache nan fon pwofondè a?
Kom du til havsens kjeldor fram, hev du på avgrunns-botnen gjenge?
17 Èske pòtay lanmò yo te konn vin vizib a ou menm? Oswa èske ou konn wè pòtay lonbraj lanmò yo?
Hev daude-portarn’ vist seg for deg? Ja, såg du daudeskuggens portar?
18 Èske ou te konprann gwosè ak lajè tout tè a? Di M si ou konnen tout sa a.
Og hev du vel jordviddi set? Kjenner du alt i hop, seg fram!
19 “Kote chemen an ye pou rive nan abitasyon limyè a? Epi tenèb la, kote landwa li,
Kvar finn ein veg dit ljoset bur? Og kvar hev myrkret heimen sin?
20 pou ou ta mennen li nan limit li, pou ou ta kab konprann chemen pou rive lakay li?
So du kann henta deim til grensa og vita veg til deira hus.
21 Fòk ou konnen paske ou te fèt avan sa, e kantite jou ou yo vast!
Du veit det, du vart fødd den gong, og dagetalet ditt er stort.
22 Èske ou konn antre nan kay depo nèj yo, oswa èske ou konn wè kay depo pou lagrèl yo,
Kom du dit snøen uppspard ligg? Og såg du forrådshus for haglet,
23 ke M te rezève pou tan twoub la, pou jou lagè ak batay la?
som eg til trengsle-tidi gøymer, til dagarne med kamp og krig?
24 Kote chemen a ki pou fè loray divize a oswa ki kote van lès la te gaye sou tè a?
Kva veg tru ljoset deiler seg, austanvinden spreider seg på jordi?
25 “Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an, oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,
Kven laga renna vel for regnet og brøytte veg for torestrålen,
26 Pou mennen lapli nan yon teren kote nanpwen moun, nan yon dezè san pèsòn ladann,
so væta kjem til aude land, til øydemark der ingen bur,
27 Pou satisfè yon peyi savann dezole e fè grenn zèb yo vin jèmen.
til kveikjing for den nakne heid, so gras kann gro der fyrr var bert?
28 Èske lapli gen papa? Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?
Skal tru um regnet hev ein far? Kven avlar vel doggdroparne?
29 Nan ki vant manman a sila glas la te sòti? Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?
Kva moderliv kom isen or? Kven avla rim i himmelrømd,
30 Dlo vin di tankou wòch e sifas pwofondè a vin prizonye ladann.
når vatnet hardnar liksom stein, når havflata stivnar til?
31 “Èske ou konn mare chenn zetwal Pleiades yo, oswa lage kòd zetwal Orion yo?
Bind du vel bandet um Sjustjerna? Løyser du lekkjet av Orion?
32 Èske ou kab mennen fè parèt tout sign Zodyak yo nan sezon yo, oswa gide zetwal Gran Lous la ak pitit li yo?
Set du rett tid for dyreringen? Og driv du Bjørnen og hans ungar?
33 Èske ou konnen tout règleman syèl la, oswa èske ou kab etabli règleman pa yo sou tè a?
Kjenner du himmelleverne? Gav du han yver jordi magt?
34 Èske ou kab leve vwa ou rive nan nwaj yo, pou fè gwo kantite dlo vin kouvri ou?
Kann røysti di til skyi nå, so vatnet fløymer yver deg?
35 Èske ou kab voye ekleraj yo pou yo rive di ou: ‘Men nou isit la’?
Byd du vel ljoni fara ut, so dei deg svarar: «Her er me?»
36 Se kilès ki te mete sajès nan kè lòm, oswa te bay bon konprann nan panse a?
Kven la i myrke skyer visdom? Kven gav forstand til hildringi?
37 Se kilès ki kab konte nwaj yo ak sajès, oswa vide gwo krich dlo syèl yo,
Kven tel med visdom skyerne? Kven tømer himmelfati ut,
38 Pou pousyè a vin di nan yon gwo ma dlo e bòl tè yo vin kole ansanm?
når turre mold vert samanrend, jordklumpar kleimer seg i hop?
39 “Èske ou kab fè lachas pou bay lyon an manje, oswa satisfè apeti a jenn ti lyon yo,
Gjeng du for løva etter rov og gjev ungløvor deira mette,
40 Lè yo kouche nan kav pa yo e kouche tann pèlen bò lakay yo?
medan dei gøymer seg i holor og ligg på lur i busk og kjørr?
41 Se kilès ki prepare manje pou kòbo a lè pitit li rele kote Bondye e mache gaye grangou?
Kven yter ramnen føda hans, når upp til Gud hans ungar ropar og flakkar kringum utan mat?