< Jòb 37 >
1 “Pou sa, menm kè mwen konn tranble. Li vòltije kite plas li.
之がためにわが心わななき その處を動き離る
2 Koute, O koute byen bri vwa L, k ap gwonde tankou tonnè ak bri tonnè a k ap sòti nan bouch Li.
神の聲の響およびその口より出る轟聲を善く聽け
3 Anba tout syèl la, Li lage sa nèt ale, ak loray Li jis rive nan tout pwent tè a.
これを天が下に放ち またその電光を地の極にまで至らせたまふ
4 Apre sa, yon gwo vwa ki rele fò; Li gwonde ak vwa majeste Li a. Li pa menm ralanti eklè lè yo tande vwa L.
その後聲ありて打響き 彼威光の聲を放ちて鳴わたりたまふ その御聲聞えしむるに當りては電光を押へおきたまはず
5 Bondye gwonde avèk vwa mèvèy Li a. L ap fè gwo bagay ke nou pa kab menm konprann.
神奇しくも御聲を放ちて鳴わたり 我儕の知ざる大なる事を行ひたまふ
6 Paske a lanèj la, Li di: ‘Tonbe sou latè’, e a inondasyon lapli a, Li di: ‘Kontinye tonbe fò’.
かれ雪にむかひて地に降れと命じたまふ 雨すなはちその權能の大雨にも亦しかり
7 Li sele men a chak òm, pou tout moun kab konnen zèv Li yo.
斯かれ一切の人の手を封じたまふ 是すべての人にその御工作を知しめんがためなり
8 Konsa, tout bèt sovaj va antre nan kav yo e rete lakay yo.
また獸は穴にいりてその洞に居る
9 Men sòti nan sid, tanpèt la parèt e nan nò, fredi a.
南方の密室より暴風きたり 北より寒氣きたる
10 Soti nan souf Bondye, se glas ki fèt, e sifas dlo yo vin glasi.
神の氣吹によりて氷いできたり 水の寛狹くせらる
11 Anplis, Li chaje vapè yo ak dlo e fè nwaj la vin lou; Li fè nwaj la gaye pou vide ekleraj Li.
かれ水をもて雲に搭載せまた電光の雲を遠く散したまふ
12 Li chanje; Li gide l vire tounen pou l kab fè nenpòt sa Li kòmande l sou tout sifas tè a.
是は神の導引によりて週る 是は彼の命ずるところを盡く世界の表面に爲んがためなり
13 Se swa pou koreksyon, oswa pou mond Li an, oswa pou lanmou dous Li a, Li fè sa vin rive.
その之を來らせたまふは或は懲罰のため あるひはその地のため 或は恩惠のためなり
14 “Tande sa byen, O Job; Kanpe, e obsève mèvèy Bondye yo.
ヨブよ是を聽け 立ちて神の奇妙き工作を考がへよ
15 Èske ou konnen kijan Bondye etabli tout sila yo, e fè ekleraj nan nwaj Li yo vin limen?
神いかに是等に命を傳へその雲の光明をして輝やかせたまふか汝これを知るや
16 Èske ou konnen bagay a chak kouch nan nwaj yo, mèvèy a Sila a ki pafè nan konesans?
なんぢ雲の平衡知識の全たき者の奇妙き工作を知るや
17 Poukisa vètman ou cho lè tè a kalm akoz van sid la?
南風によりて地の穩かになる時なんぢの衣服は熱くなるなり
18 Èske ou menm tou, ansanm avè L, ka ouvri syèl yo ki gen gran fòs tankou yon miwa metal ki fann nan dife?
なんぢ彼とともに彼の堅くして鑄たる鏡のごとくなる蒼穹を張ることを能せんや
19 Enstwi nou kisa pou nou ta pale Li; paske akoz fènwa a, nou pa kab byen ranje ka nou.
われらが彼に言ふべき事を我らに敎へよ 我らは暗昧して言詞を列ぬること能はざるなり
20 Èske yo va di Li ke mwen ta renmen pale? Oswa èske yon nonm ta pito di ke li ta vle vin anglouti nèt?
われ語ることありと彼に告ぐべけんや 人あに滅ぼさるることを望まんや
21 “Alò lezòm pa wè limyè ki klere nan syèl yo sof ke van an fin pase e eklèsi nwaj yo.
人いまは雲霄に輝やく光明を見ること能はず 然れど風きたりて之を吹清む
22 Sòti nan nò, se reyon majeste an lò; Bondye antoure ak majeste etonnan.
北より黄金いできたる 神には畏るべき威光あり
23 Toupwisan an, —nou pa kab jwenn Li. Li egzalte nan pouvwa Li. Jistis Li ak ladwati Li gran; Li pa janm oprime.
全能者はわれら測りきはむることを得ず 彼は能おほいなる者にいまし審判をも公義をも抂たまはざるなり
24 Se pou sa lezòm plen lakrent ak respe Li; Li pa konsidere okenn moun ki saj nan kè.”
この故に人々かれを畏る 彼はみづから心に有智とする者をかへりみたまはざるなり