< Jòb 36 >
1 Alò, Élihu te kontinye. Li te di:
厄里烏又接著說:
2 Tann mwen yon ti kras, e mwen va montre ou; jiska prezan, gen anpil bagay ankò pou di sou pati Bondye.
你且等一會,容我教導你,因為為天主,我還有些話要說。
3 M ap prale chache lespri m soti byen lwen; mwen va fè prèv ladwati a Kreyatè mwen an.
我要將我所知的傳到遠方,將正義歸於我的造主。
4 Paske anverite, pawòl mwen yo pa fo. Yon ki pafè nan konesans se avèk ou.
的確,我的話正確無偽,知識全備的人同你一起。
5 Gade byen, Bondye pwisan, men li pa meprize pèsòn; Li pwisan nan fòs konprann pa Li.
的確,天主寬宏大量,決不藐視任何人,並且有廣大的同情心。
6 Li pa konsève lavi a mechan yo, men Li bay jistis a aflije yo.
他決不容許惡人生存,但給窮苦人伸冤;
7 Li pa retire zye Li sou moun ladwati yo; men avèk wa ki chita sou twòn yo, li bay yo chèz jis pou tout tan, e yo leve wo.
他也不剝奪義人的權利。他使君王永久坐在寶座上,但是他們卻驕矜自大;
8 Si yo mare ak gwo fè, e mare nèt nan kòd aflije yo,
故此,當他們一旦被鎖鏈束縛,被痛苦的繩索所繫,
9 konsa, Li fè yo konnen travay yo, ak transgresyon yo; ke yo te leve tèt yo wo ak orgèy.
天主就向他們指明他們的惡行,和他們所誇耀的過犯,
10 Li ouvri zòrèy yo pou yo ka instwi, e pase lòd pou yo retounen, kite inikite a.
開啟他們的耳朵,以聽訓戒,囑咐他們離開邪惡。
11 Si yo tande e sèvi Li, yo va fè dènye jou yo nan abondans, e ane pa yo va ranpli ak rejwisans.
如果他們服從順命,便能幸福地度過歲月,能安樂地享受天年。
12 Men si yo pa tande, yo va peri pa nepe; yo va mouri san konesans.
如果不服從,必被射死,於不知不覺中逝去。
13 Men enkwayan yo ranmase lakòlè; yo refize kriye sekou lè L mare yo.
心術敗壞的人,憤怒填胸,縱被囚禁,仍不呼求救助;
14 Yo mouri nan jenès yo, e lavi yo vin pèdi pami pwostitiye tanp yo.
他們必早年夭折,喪命如男倡。
15 Li delivre aflije yo nan afliksyon yo, e ouvri zòrèy yo nan tan opresyon yo.
所以天主藉痛苦拯救受難的人,以患難開啟他們的耳鼓。
16 Wi, anverite Li t ap mennen ou lwen bouch gwo twoub la, pou ou jwenn yon plas ki laj, e san limit. Konsa, sa ki plase sou tab ou, ta plen ak grès.
他也要救你擺脫災難,領你到廣闊自由之地,在你桌上常擺滿肥饌美味;
17 Men ou te ranpli ak jijman sou mechan yo; se jijman ak jistis ki te posede ou.
無如你判斷與惡人完全一樣,那麼懲罰和判案必集於你身。
18 Pa kite riches ou mennen ou nan lakòlè, ni pa kite gwosè sa a kap vèse sou tab fè ou vire akote.
小心! 不要讓忿怒引你肆口謾罵,也不要為重罰讓你離棄正道。
19 Èske richès ou yo ta fè ou envite gwo twoub la? Oswa èske tout fòs pwisans ou ta ka anpeche l rive?
你的哀號和你所有的力量,豈能使你擺脫患難﹖
20 Pa fè lanvi pou lannwit, moman an ke moun koupe retire nèt sou plas yo.
不要希望黑夜,那是人民由本地被劫去的時候。
21 Fè atansyon; pa vire kote mal la, paske ou te chwazi sa a olye afliksyon an.
小心! 別傾向不義,因為這正是你遭難的真正原因。
22 Gade byen, Bondye byen wo nan pouvwa Li. Ki pwofesè ki tankou Li?
天主的能力確實偉大,那有像他那樣的主宰﹖
23 Se kilès ki te dirije L pou pran chemen Li an? Epi kilès ki ka di L ‘Ou antò a?’
誰能規定他的道路,誰敢說:你行的不對﹖
24 Sonje ke ou dwe leve zèv Li yo wo, sa yo sou sila moun te konn chante yo.
你應記住要讚頌他的工程,這是人們應歌詠的。
25 Tout moun konn wè sa. Lòm gade l soti lwen.
人人都能觀賞,都能從遠處仰望:
26 Gade byen, Bondye leve wo, men nou pa konnen Li. Fòs kantite ane Li yo pa kab dekouvri menm.
天主何其偉大,我們不能理解! 他的歲數,無法考究。
27 Konsa, Li rale fè monte gout dlo yo. Yo fòme fè lapli ki sòti nan vapè,
他汲取水滴,使水氣化為雨露,
28 ke nwaj yo fè vide desann. Yo vin lage sou lòm an fòs kantite.
雨即從雲中傾盆而降,沛然落在眾人身上。
29 Èske pèsòn kab konprann jan nwaj yo vin gaye, ak tonnè k ap gwonde anwo plafon tant Li an?
但誰能明瞭雲彩怎樣散布,天幕中怎樣發出隆隆之聲﹖
30 Gade byen, Li gaye limyè Li toupatou Li. Li kouvri fon lanmè yo.
他將雲霧展開,遮蓋了群山山頂。
31 Paske se avèk sa a ke li jije pèp yo. Li bay yo manje an gran kantite.
他藉此養育萬民,賜給他們豐富的食糧。
32 Li kouvri men Li ak eklè la, e pase lòd pou l frape sou mak la.
他掌中握著電光,對準目標發射出去。
33 Bri li deklare prezans Li; menm tout bèt yo konnen sa k ap vin rive a.
雷霆報告他的來臨,他的怒火將要懲罰邪惡。