< Jòb 35 >
1 Konsa, Élihu te kontinye. Li te di:
Eliyou pran lapawòl ankò, li di:
2 “Èske ou sipoze ke ou ge dwa sa a? Èske ou ap di ‘Ladwati pa m nan depase sa k nan Bondye a?’
-Pa konprann ou gen rezon lè w'ap di ou inonsan devan Bondye,
3 Paske ou mande: ‘Ki avantaj sa ye pou ou? Ki pwofi m ap jwenn ki plis pase si m te fè peche?’
lè w'ap di Bondye: Ki mele ou sa? M' te mèt peche, sa pa fè ou anyen.
4 Mwen va reponn ou, menm ak zanmi ou yo tou.
Enben. Mwen pral reponn ou, ni ou ni zanmi ou yo.
5 Gade nan syèl yo pou wè; epi gade byen nan nwaj yo. Yo pi wo pase ou.
Gade syèl la! Ou wè jan nwaj yo wo anwo tèt ou!
6 Si ou te peche, kisa ou akonpli kont Li? Epi si transgresyon ou yo anpil, kisa ou fè Li?
Si ou fè peche, sa pa fè Bondye anyen! Ou te mèt fè peche sou peche, sa pa di l' anyen?
7 Si ou jis, kisa ou ba Li, oswa kisa Li ta jwenn nan men ou?
Si ou mache dwat, ki avantaj Bondye jwenn nan sa? Kisa ou ba li la a?
8 Mechanste ou ka donmaje yon nonm tankou ou menm, e ladwati ou gen benefis pou yon fis a lòm.
Se moun parèy ou ki soufri lè ou fè sa ki mal. Se yo ki pwofite tou lè ou fè sa ki dwat.
9 “Akoz fòs kantite opresyon yo, yo kriye fò. Yo kriye pou sekou akoz bra a pwisan an.
Lè moun ap sibi anba ponyèt lòt moun, yo plenyen. Lè se chèf k'ap peze yo, yo rele.
10 Men pèsòn pa di: ‘Kote Bondye, Kreyatè mwen an, ki bay chan kè kontan yo pandan nwit lan,
Men, yo pa vire kote Bondye ki kreye yo a. Yo te mèt nan nenpòt gwo lapenn, se li menm k'ap ba yo kouraj.
11 ki enstwi nou plis pase bèt latè yo, pou fè nou vin pi saj pase zwazo nan syèl yo?’
Yo pa vire kote Bondye ki ba yo plis lespri pase bèt nan bwa, plis bon konprann pase zwezo nan syèl la.
12 La, yo kriye fò, men nanpwen repons akoz ògèy moun mechan yo.
Yo rele kont rele yo, Bondye pa reponn yo, paske mechan yo gen lògèy.
13 Anverite, Bondye p ap koute yon kri ki vid, ni Toupwisan an p ap okipe l.
Se pou gremesi y'ap plede rele konsa. Bondye pa tande, li pa wè.
14 Konbyen anmwens, lè ou di ou pa wè Li. Ka a pase devan L, e fòk se Li ou tann!
Jòb monchè, ou di ou pa ka wè Bondye. Men, ou mete ka ou devan li.
15 Men koulye a, akoz Li pa t fè vizit nan kòlè Li, ni Li pa t apresye awogans,
Ou di ankò: Bondye pa nan pini. Mwen te mèt peche, sa pa di l' anyen.
16 pou sa, Job ouvri bouch li an ven; li ogmante pawòl li yo san konesans.”
Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di.